Sèvis sekrè Etazini konseye yon endividi yo akize kòm kòmanditè sasinay Jovenel Moïse

Disturbing truths about Kenyan mercenaries sent to kill and be killed in Haiti
July 24, 2024

Sèvis sekrè Etazini konseye yon endividi yo akize kòm kòmanditè sasinay Jovenel Moïse

Tèks orijinal la se travay Brian Saady ki pibliye 18 Out 2024, sou Jounal Grayzone, nan lang Angle.

Yo te deja ekspoze de (2) konplotè nan sasinay Prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse, kòm enfòmatè DEA. Yo te demaske yon lòt kòm enfòmatè FBI. Kounye a, dokiman tribinal ki fenk pibliye yo pote prèv ki bay plis sezisman toujou paske yo konekte konspiratè yo dirèkteman ak gouvènman ameriken an.

Dokiman tribinal ki pran lari nan mwa Jiyè 2024 devwale gen yon biznismann nan Eta Sid Florid yo akize kòm moun ki finanse konplo pou sasinen ansyen prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, ki te resevwa konsèy legal nan men yon enfòmatè konfidansyèl yon ajans entèlijans ameriken epi ki te andose yon misyon pou fè dappiyanp sou chèf leta a. Dapre ekip legal akize a, “nan dokiman dekouvèt sila a, gouvènman an fè efase non ajans entèlijans ameriken kote [enfòmatè a] afilye” men “li klè se yon [enfòmatè konfidansyèl] pou yon ajans entèlijans ameriken.”

Biznismann nan, Walter Veintemilla, ak konpayi li, Worldwide Capital Lending Group, anba akizasyon daprèzavwa yo ta fè yon liy kredi $175,000 bay CTU Security LLC, kontraktè defans nan Eta Florid ki te ekzekite zak sasinay la.

Nan dat 1 Jiyè (2024), avoka Veintemilla yo prezante yon “mosyon anvan jijman” pou tribinal tande depozisyon swadizan enfòmatè entèlijans la, “J.C.,” yo dekri kòm yon avoka Ekwatoryen k ap viv nan peyi Bolivi. Ekip defans Veintemilla a fè konnen temwayaj “J.C.” t ap kore pozisyon yo kòmkwa “plizyè ajans envestigasyon ak administratif nan Gouvènman Etazini an te okouran aksyon ak entansyon swadizan ko-konspiratè li yo ann Ayiti e yo te sipòte aksyon sa yo.”

Ko-defandan Veintemilla yo te kore mosyon sa a pou tribinal tande depozisyon J.C. ki nan Bolivi. Plizyè nan yo, ikonpri Arcangel Pretel Ortiz ak Antonio Intriago, se moun gouvènman Bolivi akize pou konplo, yon tantativ koudeta avòte ki fèt nan mwa Oktòb 2020 kont Prezidan Luis Arce. Alman Alejandro Rivera Garcia, yon ofisye retrete nan lame kolonbyen ki te ede dirije ekip asasen yo an Ayiti, te prezan nan Bolivi tou ak gwoup sila a. Yo te ekstrade li nan peyi Etazini kote li te plede koupab, epi resevwa santans prizon avi, nan finisman ane 2023.

Arcangel Pretel Ortiz ak Antonio Intriago nan lis kòm pwopriyetè konpayi kontra sekirite CTU Security LLC, ki tabli nan vil Doral, Eta Florid. Yo rekrite yon gwoup plis pase ven (20) mèsenè kolonbyen ki te asasinen Jovenel Moïse. Ortiz ak Intriago gen eksperyans nan operasyon espyon entènasyonal.

Antonio Intriago, yon Venezyelyen-Ameriken, se te youn nan òganizatè konsè Venezyela Live Aid 2019 ki te fèt sou fwontyè Kolonbi ak Venezyela, kote menm medya tradisyonèl ameriken yo admèt se te yon mannèv “pou ankouraje chanjman rejim nan Venezyela.” Arcangel Pretel Ortiz soti orijinèlman nan Kolonbi. Se yon ansyen enfòmatè FBI ki, nan kad yon operasyon so kabrit makònen ak akizasyon politik, te sèvi temwen pou ede kondane yon trafikan zam ki konekte ak FARC, gwoup rebèl kominis la.

Lè n konsidere epòk gwoup sa a vin ap opere ann Ayiti ak Bolivi nou poze kesyon èske mesye yo t ap resevwa direksyon aleksteryè. Dapre Depatman Jistis peyi Etazini (DOJ), Ortiz ak Intriago tanmen konplo sa a kont Jovenel Moïse nan mwa Fevriye 2021. Kidonk, se yon ti bout tan apre swadizan konplo nan peyi Bolivi a ki te pase nan mwa Oktòb 2020. Sa koresponn epi byen chita plizoumwen ak yon peryòd tan ki parèt nan mosyon Intriago fè 3 Jiyè ki sot pase a pou “J.C.” ta vin depoze temwanyaj. Jij pwosekitè yo fè konnen Intriago te rankontre ak J.C. nan peyi Bolivi “plizyè mwa” anvan asasina Jovenel Moïse epi li te konte sou J.C. pou konsèy legal.

Dokiman sa a deklare tou J.C. “ekzile” nan peyi Bolivi. Sa se kichòy ki enpòtan daprèzavwa, an jeneral, enfòmatè yo konn oblije aksepte mòd aranjman sa yo pou evite fè tan prizon oswa touche yon rekonpans finansye. Li difisil pou nou kwè yon enfòmatè ta vag “yon tikè ann ò pou li ta leve atè a” granmesi detay li te jwenn okazyon prezante bay moun ki te an chay li anndan sèvis entèlijans ameriken yo osijè planifikasyon asasina yon chèfdeta etranje.

Gouvènman an reponn ak yon seri lwa pou li kwape mosyon ki mande J.C. vin depoze temwanyaj (nan tribinal la). Mèzalò, fòk nou remake, ak ti bout kominikasyon pasi pa la, gouvènman an tou fè l parèt kòm yon “konspiratè yo pa akize”. Tout jan ou gade koze a, gouvènman ameriken an parèt pi motive pou li pwoteje sous li yo lè li efase enfòmasyon ki konsène J.C. yo. Jiskaprezan, yo pa fè okenn manda arestasyon ni demann ekstradisyon.

Ki sa gouvènman ameriken an te konnen, lontan alavans?

Mouche ki sot nan Eta Florid gwoup sa a te swadizan vle enstale kòm prezidan an, Christian Sanon, te anonse entansyon l, depi sis (6) semèn anvan asasina a. Li ta pral dirije yon gouvènman tranzisyon twa (3) an, daprè yon lèt li voye bay Julie Chung ki, alepòk, te Asistan Sekretè pou Biwo Afè Emisfè Lwès nan Depatman Deta ameriken.

Apre sa, vin gen plis detay toujou ki soti nan tribinal lan. Arcangel Pretel Ortiz (alepòk, enfòmatè aktif FBI) ​​ak lòt konspiratè yo te rankontre ak ajan FBI nan dat 6 Avril 2021. Dapre deklarasyon Depatman Jistis Etazini sou kòz pwobab, nan dat 10 Fevriye 2023, Ortiz ak ko-konspiratè yo te diskite osijè “chanjman rejim” (ann Ayiti).

“Moun ki prezan yo te eseye atire pèsonèl FBI ki te asiste reyinyon an nan yon diskisyon sou chanjman rejim ann Ayiti. Kòm repons, yon ajan te di mesye yo, orezime, FBI pa t kapab ede yo paske se Ayiti ki oblije rezoud pwòp pwoblèm politik li yo”

FBI ap sere detay reyinyon sa a. Yon semèn apre, avoka Veintemilla a te kesyone Mike Ferlazzo nan FBI li mande ki moun ki te nan reyinyon 6 Avril la? Daprè temwanyaj Ferlazzo: “Nou pa t fè lis tout patisipan ki te nan reyinyon sa a”.

Èske gouvènman ameriken an byen envestige krim lan?

Pou jan yo trete yon gwo ka konsa, repons lapolis ameriken an inesplikab, gen twòp penyen lage. Veintemilla, Ortiz, ak Intriago yo chak te pase entèvyou FBI nan Sid Eta Florid, tousuit apre zak sasinay lan. Poutan, se jis apre yon (1) mwa, yo ekzekite manda rechèch kay Ortiz. Kipizè, touletwa mesye sa yo te lib-e-libè jiskaske Distri Sid Eta Florid (Miami) akize yo nan mwa Fevriye 2023. Poutan, yon lòt bò, leta ayisyen te arete koakize yo, Christian Sanon ak James Solages (reprezantan otorize CTU Sekirite ann Ayiti), imedyatman epi yo te ekstrade yo nan peyi Etazini an Janvye 2023.

Goch a dwat: Christian Sanon (Wikimedia Commons) ak James Solages (Facebook Le Rés. Cit.)

Jij la te kesyone pwosekitè federal la sou risk klè ki te ekziste pou mesye yo ta kouri kite teritwa a. Twa (3) nan swadizan lidè gwoup asasen yo te jwenn mwayen rete lib-e-libè pandan de (2) ane edmi anvan yo (lajistis Etazini) te resi mete pyès chay sou do yo. Asistan Prokirè ameriken Monica Castro deklare mesye yo te toujou anba siveyans epi li reponn: “akize yo te fè je yo chèch, yo tante kouvri tèt yo, yo te bay manti sou patisipasyon yo nan asasina a. Kidonk, nou te atann pou mesye sa yo te devlope yon fo sans sekirite ki ta fè yo panse lapolis ak lajistis te pran nan manti yo”.

___
Brian Saady se yon jounalis ki spesyalize nan dekouvri epi rapòte “rakèt” – krim òganize, koripsyon, move konduit antrepriz, biwokrasi, sistèm jistis kriminèl, konfli enterè, trafik enfliyans, jeopolitik, ak lagè.

2 Comments

  1. Marie Nadine Pierre says:

    Lanmoou Jah ak Jahes fre m. Mesi anpil pou enfomasyon ou pote bannou an nan pos blog sa a. Fok mwen al li atik sa a nan Grayzone. Sa m te vle di w se ke mwen etone, epwi m fache paske nou pran nan pyej moun sa yo fe avek male ki rive Jovenel Moise la. M kwe ke le Defen Moise te rele Lapolis avan li mouri a, se paske li te jwen madam li, Martine nan chamb akouche li avek Jean Claude “Ti Klod” ki te Premye minis peyi a. Gele Martine deklanche sou li, pou ou rezon konsa a. Epwi deblozaj vin fet, men kisa Martine fe avek zam la a? E, eske yo te gade byen si l pat gen evideans sou ko li? M fatige ak tout betiz sa yo, francman. Yap fe nou vin gen maladi mantal, pa gen ou lot moun ki te ka nan chamb nan avek Jovenel ke Martiine. Chamb nan gen kadna ak konbinezon e se li mem sel ki te ka kite ou moun rantre. Anplis, kaban nan pa gen kote anba pou li te kache. Anben, ki sa li te fe le moun li akuze yo tap tiye mari li a? Koman fe li pat gen san sou li? M pap ka li anken anyen anko sou koze sa a sof si ou moun ap bay laverite. Fok nou jwen Martine e fose l bay laverite. Anplus tou, m pa konpran sa l ap fe Etazuni le tribunal an Ayiti mande l vin temwaye? Eske l gen dwa kite peyi a? E kisa Etazuni ap fe nan koze a, Ayiti se pa ou koloni ousman teritwa Etazuni. Ayiti se ou peyi endepandan li ye! M ta byen renmen ou bon travay ak ou Konpayi tankou CIA&FBI paske sa vle di yo pap mande m fe ankin anyen. Moun sa yo se tan yap gaspiye epwi yo peyi bon sale! Lanmed pou yo tout kap fe demagoji sa yo. Se konsa Vodou a vin devlope paske moun fatige ak tout pwodiksyon “gaslighting” sa yo. Lanmou beni. #1804#Ayiti#ToutMounseMoun#AbolishCPS#AbolishPoverty#DefundFosterCare#ProChoice#RawVeganforLife#HR40NOW#220YearsFREE#FreeAyiti#NoNewOccupationofAyiti#BwaKale

  2. Ronald says:

    Fók Ayiti Libere

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *