Yon ou menm ak yon mwen menm ki mete devwa nou opwòp, se sa menm Ayiti bezwen!
Konpatriyòt onè!
Jodi a, Dimanch 25 Me 2025, nou bese byen ba pou nou salye tout manman ak papa k ap brase, chak jou ki jou, an Ayiti tankou aletranje, pou lavi pitit yo kapab vin miyò.
Jodi a, nou wete chapo pou nou salye memwa achitèk, sendikalis, pwofesè Didier Dominique ki travèse lòt bò lantouraj lavi, a laj 73 zan, 18 Me 2025 ki sot pase a, apre yon tan ap konbat maladi.
Reynold Sanon, kòdonatè adjwen Antèn Ouvriye, deklare “pi bon fason pou onore memwa konpatriyòt Didier Dominique se kontinye batay pou fini ak sistèm kapitalis dezas li konn denonse a, epi bati yon lòt lòd sosyal ki chita sou jistis, solidarite, anba kontwòl pouvwa ouvriye yo“.
Konpatriyòt, kòmalòdinè, nou pral rale retwovizè listwa pou nou etidye bon jan tras zansèt nou yo kite pou ede nou konbat gang Kò Gwoup an fanmi e alye k ap fè dlo koule nan je nèg ak nègès, depi dikdantan.
Jodi a, Maten, ti bourik listwa nou, pral fè yon premye kanpe nan kalfou ane 1805.
Nan atik 9, premye Konstitisyon Anpi Ayiti ki pibliye 20 Me 1805, zansèt nou yo deklare:
«Yon bon Ayisyen se yon bon papa. Li yon bon pitit, li yon bon mari epi sa k pi enpòtan pase tout lòt bagay fòk li yon bon sòlda».
Prensip ki fòme nannan Konstitisyon Enperyal 1805 lan klè kon dlo kòk : non sèlman zansèt nou yo deklare lesklavaj kaba, yo di tout sitwayen egal-ego devan lalwa, e yo ensiste “sèl moun ki aji kòm yon «papa valab» merite pote tit sitwayen Ayisyen”.
Atik 10 Konstitisyon an rapousuiv: «Papa ak manman pa gen dwa dezerite pitit yo sou okenn pretèks». Atik 16 lan di: «Ap genyen yon lwa espesyal pou tout ti moun ki fèt andeyò maryaj». Kidonk, depi 1804, nou kwape pwojè kriminèl blan malveyan yo, kòmkwa pou nèg ak nègès ta gaye tankou yon pil bèt sovaj nan yon savann, san manman, san papa, san batistè, san papye tè, san eritaj.
Atik 12, nan seksyon Dispozisyon Preliminè Konstitisyon an deklare:
«Okenn blan, kèlkeswa nasyonalite li, pa gen dwa pile tè peyi a kòm mèt esklav oswa pwopriyetè. Epi, blan pa gen dwa janm gen pwopriyete nan peyi a».
Pi douvan, nan seksyon Dispozisyon Jeneral, batistè peyi a deklare:
«Nenpòt etranje k ap viv nan peyi a gen menm responsabilite ak tout Ayisyen pou li respekte tout lwa peyi a». Atik 11
«Leta peyi a otomatikman, epi, san pale anpil, sezi tout pwopriyete ki te pou yon blan Franse». Atik 12
Konpatriyòt, annou pran tan reflechi sou valè nasyonalis enpòtan ki te fofile nan Konstitisyon Enperyal 1805 lan, kote, nou kapab rekonèt se yon zouti Ayisyen te ekri pou Ayisyen, selon reyalite Ayiti epi pèp Ayisyen an. Èske nou kapab di menm bagay pou dokiman malveyan Kò Gwoup an fanmi e alye yo ekri pou makòn apatrid yo jouke opouvwa jounen jodi a?
Jisteman, nou remake anpil mo franse nan dokiman “avan-projè Konstitisyon” meseydam KPT yo resevwa semèn sa a nan men yon bagay yo batize “Comité de pilotage du dialogue national“. Ojis, tankou konpatriyòt aktivis Vélina Charlier ki reyaji sou Twitter, plizyè sitwayen espantan epi estomake devan sitiyasyon sila a. Vélina Charlier di: “Mwen m ta anvi konnen ki lè Ayisyen te di CPT a yo bezwen lòt Konstitisyon? Annik chita ap egzekite ajannda pèsonèl pa yo ak ajannda entènasyonal la”. Enperatris Lakou Souvnans lan pale klè ak mesyedam otorite popetwèl yo, li di yo: “Nou pa wont? Sa ki bannou manda chanje Konstitisyon? Sekirite ak eleksyon yo mande nou!”.
An verite, pa gen nesesite chita analize pil franse ki layite nan Konstitisyon pèpè sa a zòt lage nan men KPT ki fin dekonstonbre a. Se yon lòt estrateji lènmi adopte pou asire li Ayiti rete anbreye sou bak, ap fè laviwonndede, nan kafou tenten, sou chimen pèdi tan.
Pandanstan, nan aktyalite menm semèn sa a, tèwòris Viv Nan San yo sasinen anviwon 20 moun nan lokalite Preval ki nan premye seksyon Tirivyè, depatman Latibonit. Tèwòris yo koupe tèt 15 nan viktim yo anndan legliz pastè Brutus la. Daprè rapòtay Radyo Rezistans, nan moman dram sadik sa a, moun nan zòn lan fè konnen te gen alyans ki fèt ant lapolis ak gang tèwòris ti Mepri pou konbat gang tèwòris Gran Grif ki kontwole zòn Savyen an. Men alyans sa a sanble mete plis sanginè sou do popilasyon sivil la olye li pote sekirite.
Anplis vyolans tèwòris yo, Latibonit ap tranble anba inondasyon. Radyo Rezistans rapòte ki jan Baraj Pelig ap lage dlo san kontwòl ki lakòz plizyè komin anba dlo. Baraj Kano menase efondre, jaden fin gate, sezon diri a menase disparèt. Nan mitan dezòd sa a, gen akizasyon kòmkwa Grandon ta distribye zam manch long pou malfèktè pwofite vòlè tè sou pretèks bay sekirite.
Daprè agwonòm Williams Phelps sa k ap fèt la a pa yon senp aza. Se yon konplo k ap rale Latibonit pi fon nan kriz, mete agrikilti ajenou, epi louvri baryè pou gwo mizè anvayi nou nètalkole.
Konpatriyòt, annou fè yon lòt koudèy nan retwovizè listwa.
***
28 Me 1805, nan vil Dessalines, zansèt yo pibliye: “Loi sur les enfants nés hors mariage” kote yo deklare:.
Atik 7: Papa ki te rekonèt yon timoun ap ba li non li, epi l ap kontribye ansanm ak manman an nan lamanjay, swen ak edikasyon timoun sa a – Chak paran yo dwe patisipe nan sa a selon mwayen yo posede.
Atik 8: timoun ki fèt andeyò maryaj vin lejitim atravè maryaj papa yo ak manman yo; Men, sila yo ki fèt epi yo pa t rekonèt anvan maryaj la, yo vin lejitim osito maryaj la fèt.
Atik 9: Lè gen maryaj, mari oswa madanm ki gen pitit ak yon lòt moun epi ki po t ko rekonèt yo, oblije fè rekonesans lan anvan selebrasyon an.
26 Me 1805, kidonk 6 jou apre piblikasyon Konstitisyon an, zansèt nou yo te pibliye yo dokiman ki batize “CODE PENAL MILITAIRE pour toutes les troupes de l’Empire d’Hayti“, li deklare nan Atik 13:
« Nenpòt sòlda oswa lòt moun ki konekte ak lame a, ki te kondane pou tantativ sasinay sou yon sitwayen san zam, sou madanm li oswa pitit li, li dwe jwenn pinisyon lanmò. Kadejak yon sòlda oswa nenpòt lòt moun ki konekte ak lame a fè egal pinisyon 10 zan nan feray, si vyòl la komèt sou yon ti fi ki poko gen 14 zan; pinisyon an va 5 ane, si zak la fèt kont yon moun ki pi gran. Si ti fi oswa fanm ki viktim vyòl la mouri akòz abi yo te fè sou li a, moun ki koupab yo ap resevwa pinisyon lanmò.…»
Kidonk, nou wè se pa koze amnisti Papa Dessalines t ap janm konsevwa pou tewòris kadejakè Viv Nan San yo! Se te zewo tolerans osnon Bwa Kale!
***
Soti nan zewo tolerans, nou tonbe nan rans ak sitirans. Vwalatilpa, nan kòmansman mwa Me 2025 lan, mesyedam KPT yo pran pòz yo mande otorite lajistis peyi a mennen aksyon kont tout moun an Ayiti entènasyonal la sanksyone.
Jiskaprezan, lajistis pa janm fè kwakseswa pou anpeche moun sa yo kite peyi a, ni pran okenn lòt dispozisyon pou akize yo ta parèt devan tribinal. Kidonk, se makak k ap fè makak, teyat sou teyat, foulay sou foulay.
Pandanstan, nan vil Wagadougou, 17 Me 2005 ki sot pase a, yon delegason ki te genyen 1 pitit fi ak 3 pitit gason Ayiti te resevwa bèl akolad fratènèl nan men otorite peyi Boukina Faso pandan inogirasyon Memoryal Thomas Sankara ak 12 konpayèl li yo ki te tonbe anba bal enperyalis yo yon jou 15 Oktòb 1987. Nou envite ou klike sou videyo sil a (Dessalines et Sankara: debout avec Ibrahim Traoré et le Faso) pou ou gade diskou ofisyèl ki te fèt nan okazyon sila a.
Daprèzavwa tout pwojektè brake sou jenn lidè peyi Boukina Faso a ki ap reziste atak malfezans enperyalis yo, plizyè konpatriyòt pran abitid repete yon fraz ki vin popilè alèkile: “Ayiti bezwen yon Ibrahim Traoré”. An verite, pwogrè sosyal ak ekonomik mwen sot konstate nan peyi Boukina Faso yo enpresyonan anpil e mwen fenk kare motive pou mwen ede mobilize moundebyen toupatou pou nou kanpe djanm ak pèp vanyan ki doubout pou defann granmounite pèp Afriken nan peyi Sahel yo, epi nèg ak nègès toupatou sou latè. Mèzalò, annou klè, jounen jodi a, genyen yon Ibrahim Traoré an Ayiti pa t ap sifi! Fòk nou ta reyalize nesesite tou pou, an menm tan, nou mobilize kouraj nou, entèlijans nou, konviksyon ak konstans nou pou nou kore li epi pwoteje li kont lènmi istorik nou yo. Ojis, se sa menm ki nannan koze a.
Ayiti te pwodui yon Jean-Jacques Dessalines. Men, èske nou pa t kite yo sasinen li yon jou madichon 17 Oktòb 1806? Nou pwodui yon Lysius Félicité Salomon Jeune, yon Dumarsais Estimé, yon Daniel Fignolé, yon Jean-Bertrand Aristide. Men, èske nan fè lach, ak yon klas mwayèn abolotcho abolatcha ki abitye pran latranblad devan blan malveyan yo, nou pa kite bèl opòtinite sa yo gaspiye?
Kidonk, konpatriyòt, miltiplikasyon “Ibrahim Traoré majik” pa yon refleksyon ki lojik. Peyi Kongo pa ko janm rive repwodui yon Patrice Lumumba. Kidonk, se chak jenerasyon ki dwe pwodui rekòlt pa li, apati bon semans…KONVIKSYON, KOURAJ, KONSTANS. Wi, alèkile, se sa nou bezwen kiltive.
Se pa yon Ibrahim Traore Ayiti bezwen… Yon ou menm ak yon mwen menm ki mete devwa nou opwòp, se sa menm Ayiti bezwen!