AVRIL 2010
Kat mwa apre Goudougoudou Jafrikayiti chita pale ak Richard Morse (RAM) nan otèl Oloffson, Pòtoprens. Premye pati chita pale sa a ki te fèt nan mwa avril 2010, nan otèl Oloffson, se entwodiksyon yon latriye koze ki ka enterese anpil moun k ap chèche konprann nan ki kafou Ayiti ye nan finisman ane madichon sa a.
Pati 1 – “Emerante kanpe djanm apre goudougoudou”
https://youtu.be/knxCYR4HxBk (2:38)
12 Janvye 2010 Goudougoudou fè anpil dega Ayiti. Men gen yon chelèn nan kilti peyi a ki te kanpe djanm. Ak plis pase 90 ane depi l ap feraye sou ti planèt ble saa, Emerante Depradines Morse te sèmante li pap kite Goudougoudou mennen li ale jwenn zansèt yo anvan lè. Jafrikayiti te kontan aprann nouvèl sa a nan bouch pitit gason li ki rele Richard. A. Morse. Mesi grandèt Emerante daprezavwa ou pèmèt nou tanmen chita pale sa a ak yon kokennchenn ekzanp lavi ki pote laviktwa sou lanmò! Ayibobo!
Pati 2 – “11 fanmi ap dirije Ayiti”
https://youtu.be/HZFZlyiKPqc (3:16)
Pami anpil koze, nan segman sa a, RAM konekte anprizonman 2 boujwa lajistis te kondane pou itilizasyon fo papye nan ane 2007, so kabrit gouvènman Jacques Édouard Alexis pran apre mobilzasyon kont grangou klowòks ane 2008 yo, maryaj Prezidan Préval ak Elizabeth Delatour elatriye… Nan pwochen segman an, RAM pral esplike wòl li di li te jwe pèsonèlman nan chwazi kandida René G. Préval pou li vin prezidan nan ane 2006. Èske li satisfè? Èske li regrèt chwa li te fè a….?
Pati 3 “M konvenk Washington pou Préval”
https://youtu.be/ltzSh9c6ZzU (2:44)
Kat mwa apre Goudougoudou Jafrikayiti chita pale ak Richard Morse (RAM) nan otèl Oloffson, Pòtoprens. Nan segman sa a, RAM esplike wòl li di li te jwe pèsonèlman nan chwazi kandida René G. Préval pou li vin prezidan nan ane 2006. Èske li satisfè? Èske li regrèt chwa li te fè a….? Kisa li konsidere kòm pi gwo reyalizasyon prezidans Preval la?
Pati 4 “MINUSTAH ranplase FAdH”
https://youtu.be/V6q4YHWAH5o (2:07)
Nan segman sa a, Richard Morse (RAM) esplike wòl li wè Nasyonzini ap jwe Ayiti atravè MINUSTAH. Jafrikayiti fè chita pale sa a ak Richard Morse (RAM) nan otèl Oloffson, Pòtoprens, kat mwa apre Goudougoudou.
Pati (5-9) konvèsassyon an rapousuiv nan lang Angle. Se la, Richard esplike wòl li jwe nan mouvman Grenn Nan Bounda a epi Koudeta 29 Fevriye 2004 la; regrè li santi daprèzavwa se André Apaid ki akapare pouvwa a; wòl li jwe nan ale Wachintonn pou asire eleksyon René Préval, rezon ki kòz li pa an favè retou Prezidan Aristide ki an ekzil elatriye…
Part 5 — Washington and The Families (Wachintonn ak fanmi yo)
https://youtu.be/PQO4DtfHa6E (2:33)
Part 6 — “It was a coup, I participated!” (Wi, se te yon koudeta, mwen patisipe ladan l)
https://youtu.be/Oxh8J6HCe4w (3:00)
Part 7 – Did Aristide steal the 2000 elections? (Èske Aristide te vòlè eleksyon 2000 yo?)
https://youtu.be/1W5LN64eldk (4:55)
Part 8 – Should Aristide be allowed back? (Èske yo dwe kite Aristide retounen Ayiti?)
https://youtu.be/noL8L5DziaQ (4:19)
Part 9 – Is Aristide still too popular? (Èske, jiskaprezan, Aristide twò popilè?)
https://youtu.be/y_NdeHbuR8w (4:20)
SEPTANM 2017
Politik pa tèlman enterese Richard Morse ankò!? (RAM Jafrikayiti 2017 p1)
https://youtu.be/XhE3N-gIoNE (3:54)
Sou galri Otèl Oloffson kote gwoup RAM abitye jwe jou jedi swa, Jafrikayiti chita pale ak Richard Auguste Morse. Nan yon premye chita pale nou te fè apre Goudougoudou, nan mwa avril 2010, se dosye politik sitou nou te kouvri. Fwa sa a, RAM te on ti jan malalèz ak dosye politik yo. Nou te plis chita sou kilti ak ekperyans lavi yon fanmi atis, depi plizyè jenerasyon. Nan premye pati sa a, RAM palede pitit gason li, pitit fi li epi manman li, ki te gen 99 rekòt kafe nan moman an. Pi douvan, mwen va pataje ak nou kèk mo nou te reyisi jwenn nan bouch RAM osijè gouvènans kouzen li Michel Joseph Martelly, ki te pote tit “Prezidan Ayiti”, yon ane anvan chita pale sa a.
***
Men RAM pa ka pa fè politik! (RAM Jafrikayiti 2017 – p2)
https://youtu.be/jgD5IjZl-mE (7:10)
Menmsi, fwa sa a, RAM te klèman malalèz ak dosye politik yo, nan finisman segman sa a, li te pataje kèk mo osijè gouvènans kouzen li Michel Joseph Martelly, ki te pote tit “Prezidan Ayiti”, granmesi zak malonèt yon fanm bandi pèpè ki rele Hillary Clinton.
***
Trayizon Kouzen pa dous (RAM Jafrikayiti 2017 – p3)
https://youtu.be/tfFQVt-fWLc (8:29)
Nan epizòd sa a, Richard Morse esplike rezon li separe ak gouvènman PHTK li te ede vòlè pouvwa a ak konkou blan Meriken, nan ane 2011 lan. Men, depi li pran desizyon abandone djòb “konseye” gouvènman Martelly-Lamothe li denonse kòm gwo vòlè ki trayi konfyans li a, Richard pi alèz pou li pale osijè mizik, kilti…kote li santi li pi konpetan. RAM esplike ki jan li jwenn sajès nan chante Vodou, ki jan li rankontre ak Lunise, ki ta pral tounen madanm li, manman pitit li, patnè atistik li.