Nou mande tout pitit Lafrik, espesyalman militè yo, keseswa lame nasyonal kote yo anwole aktyèlman, pou yo refize lòd atake Ayiti, Nijè, Mali, Boukina Faso…tout peyi nou k ap reziste atak nouvo kolon esklavajis, latèrèyis, vòlò resous minyè ki gen titalbè, ki pa janm rasazye yo. Non, nou pap obeyi! Nan lang Swahili ki pale nan peyi Kenya: Hapana! hatutatii! Non! nou pa p obeyi!
Boukina Faso, Mali, Nijè, Palestin, Ayiti hawatatii! Nou pa p obeyi!
Konpatriyòt onè!
Jodi a, Dimanch 15 Oktòb 2023, mwen voye yon salitasyon espesyal pou tout fanmi nan jiwon vil Wanament, tout bon pitit Ayiti ki kanpe toupatou an pozisyon KPK anfas bandi Abadinader! An verite, Abibi ou pa p sis, kanal la pa p kanpe!
¡No! ¡No obedeceremos! Nou pa p obeyi!
Mwen wete chapo pou salye tout pitit Ayiti, tout pitit Palestin, ki kontinye reziste anvayisè, kolonizatè, vòlò tè – pandan y ap bouske bon lavi, chak jou ki jou, san pran souf, sou ti planèt nou an. Pa bliye: Palestin se peyi orijin kòd lonbrit defen 2 ewo nasyonal Ayisyen Antoine ak George Izméry ki tonbe anba bal kriminèl Ayisyen ki te fè koudeta 1991 lan sou lobidyans CIA, zouti malveyans blan Meriken.
Kòmalòdinè, anvan nou founi je gade aktyalite semèn sa a, nou pral rale retwovizè listwa pou nou gade ki jan, nèg ak nègès Ayisyen abitye goumen ak anpil entèlijans, kouraj epi pèsistans epi pote viktwa kont zansèt bandi Kò Gwoup yo, yon makòn malveyan ki te toujou kanpe an mòd gang «Fanmi e alye Ajimal».
***
Jodi a, n ap kanpe ti bourik listwa nou nan estasyon soti 2 rive 8 Oktòb 1937.
Nan yon atik ekriven Michele Wucker pibliye sou sit entènèt Windows On Haiti, nou aprann ki jan yon jou 2 Oktòb 1937, pandan li te sou tankou pitit Bouki nan yon fèt yo te fè pou li, tou pre Rivyè Masak la, Raphaël Trujillo pase sòlda Dominiken yo lòd pou yo aplike yon “solisyon final” ki va reyisi rezoud swadizan pwoblèm Ayisyen an nan Dominikani. De ki pwoblèm Trujillo t ap pale konsa a?
Daprè temwanyaj moun ki te vivan alepòk, nan ane 1937, pa t gen okenn pwoblèm, tout bon vre, ant Ayisyen epi Dominiken. Ekonomi 2 peyi yo te an degraba, sou menm pyedegalite. Onivo sitiyasyon ti klik ki t ap viv lavil yo, Ayiti te pi anfòm pase Dominikani. Sou plantasyon kannasik kolon blan Ameriken t ap eksplwate nan Dominikani, Ayisyen ak Dominiken t ap travay kòtakòt, tankou esklav, anba flann solèy la.
Onivo popilasyon ki t ap viv nan rejyon fwontyè yo, se bèl antant ki te ekziste ant Ayisyen ak Dominiken. Annou koute… Irelia Pierre, moun Domon, zòn Wanament, ki tap pale ak yon fouyapòt nan ane 1987:
«Mwen te fèt nan Dominikani. Nou te rete nan seksyon “Loma de Cabrera”. Papa m te travay jaden, plante manyòk, pistach, diri e gade bèf, kochon, poul, kabrit – tout sa yo. Li te genyen tè pa l, ke li te achte. Papa m te genyen 10 kawo tè...Papa m te fèt nan Dominikani. Manman m tou, te fèt la ba a... Te genyen anpil Dominiken laba a, men te genyen plis Ayisyen. Sa ki marye, yo marye. Sa ki plase, yo plase».
Kounye a, annou koute temwanyaj yon gason…
«…toulede pèp yo, Ayisyen ak Dominiken, te fè yon sèl, nan katye sa a…Ti Ayisyen, papa yo te fè Daabonn, se isit, nan Wanament an Ayiti, yo te vini lekòl chak maten. Apremidi yo retounen Daabonn».
Kidonk te gen bèl antant nan mitan klas travayè ak peyizan yo. Men ni Santo-Domingo, ni Pòtoprens te gen yon santiman rayisab nasyonalis klas privilejye yo t ap itilize pou bati kapital politik yo. Malgre lapè te tabli ant de pèp yo depi sou gouvènman Prezidan Domingue, nan ane 1875, gen yon ti klik milat ki fè dappiyanp sou pouvwa a nan Dominikani ki, ofiramezi, kreye yon mit rasis kòmkwa Dominiken se blan, Ayisyen se nèg nwa, e 2 pèp sa yo se lenmi mòtèl.
Vwalatilpa, nan ane 1937, ekonomi Dominikani te fin dekonstonbre nètalkole. Ekspòtasyon sik ki te konn bay anpil rannman vin pèdi anpil valè sou mache mondyal la. Valè yon liv sik sòti 20 santim Ameriken li tonbe 1 santim. Pandanstan, sou patiray Lewòp, Adolf Hitler ap fè lapli-e-lebotan ak teyori rasis kòmkwa blan je vèt dwe sèl seyè sou latè. Nan finisman mwa septanm 1937, Hitler voye yon delegasyon blan Alman, Nazi rasis parèy li, ale rankontre diktatè Dominiken Raphaël Trujillo. Youn nan kado Hitler voye pou Prezidan Dominiken an se liv li a ki batize «Mein Kampf». Jounal nan Dominikani bat bravo lakontantman pou bèl akolad sa a. Yo ekri nan premye paj: «Viv 2 gran lidè nou yo: Trèzonorab Prezidan Doktè Trujillo ak Firè Wayom Alman an, Adolf Hitler»
Ideyoloji rasis Hitler yo te touskilfo pou Trujillo ki t ap chèche yon echapatwa pou li detounen lespri Dominiken, fè yo bliye responsablite leta l ap dirije a nan malsite ekonomik peyi li t ap konfwonte alepòk – kidonk rayisman kont pèp Ayisyen se dra pou avadra.
Konpatriyòt, annou kite ti bourik listwa nou bwè dlo, pandan n ap fè yon premye koudèy sou aktyalite semèn sa a:
Nou tout okouran move nouvèl masak ak lagè ki pete sou teritwa Palestin. Konsa tou, genyen kèk bon nouvèl ki soti kay Manman Lafrik. Apre reyinyon Konsèy Minis gouvènman peyi Boukina Faso, apati Dimanch 15 Oktòb 2023, ansyen Boulva de Gaulle nan vil Wagadougou ap rebatize Boulva Thomas Sankara. Sonje byen: se yon jou 15 Oktòb 1987 blan malveyan peyi Lafrans te sasinen yon jenn Kapitèn revolisyonè Afriken, Thomas Sankara, ki te genyen 37 ane sèlman sou latè. Respè pou nèg ak nègès vanyan peyi moun entèg yo: Boukina Faso.
Nan peyi pa nou, Ayiti, moundebyen ap fè aktyalite tou…
Se konsa, Mèkredi 11 Oktòb ki sot pase a, popilasyon Komin Wanament fèmen fwontyè ak Dominikani pou yo pwosteste kont frekansite gouvènman Dominikani ki vle fòse Ayisyen fè bak sou konstriksyon yon kanal irigasyon sou Rivyè Masak ki te sipoze fèt depi ane 2014. Sosyete sivil nan Wanament move kon kong, yo sèmante, yo pap tolere pou Dominikani deside fèmen ak louvri fwontyè ak Ayiti, lè li vle – san konsilte Ayiti. Konpatriyòt Wideline Pierre, pòt pawòl komite jesyon kanal la, fè konnen: sosyete sivil Wanament lan ekzije pou yo rebat kat negosyasyon komèsyal ant 2 peyi yo yon mannyè pou anpeche gouvènman Dominikani kontinye maltrete Ayisyen sou fwontyè a pandan l ap trete Ayiti tankou dèyè kay li. Wideline Pierre deklare: moun nan depatman Nòdès kanpe pou fè gouvènman Dominikani respekte diyite ak dwa granmoun pèp Ayisyen an.
Respè pou nèg ak nègès vanyan nan peyi Marijann nan: Ayiti Haitii, nou pa p obeyi!
Konpatriyòt, annou pwofite fè yon dezyèm koudèy nan retwovizè ak ti bourik listwa nou:
***
Nou sonje ki jan diktatè Dominiken an, yon milat konplekse ki te rele Raphael Trujillo, kite jalouzi anvayi kè li kont Ayisyen epi, 2 Oktòb 1937, li pase sòlda Dominiken yo lòd rezoud pwoblèm Ayisyen an…
Chòz dit, chòz fèt! Bò zòn vil Daabonn, sòlda Dominiken mache pike Dominiken nwa yo sispèk gen san Ayisyen nan venn yo. Pou pi piti se 30 mil frè ak sè nou ki pèdi lavi yo nan masak sa a ki ekzekite selon yon modèl asasen yo te pran nan Labib. Annou li Jij 12 vèsè 5 & 6:
«Apre sa, moun Galarad yo pran kontwole tout pas larivyè Jouden kote pou janbe ale nan peyi Efrayim. Chak fwa youn nan moun Efrayim yo rive pou yo kouri janbe ale nan peyi yo, li te blije mande yo pèmisyon. Lè konsa, moun Galarad yo mande l èske se moun Efrayim li ye. Si li reponn non, lè sa a yo mande l pou l di: Chibolèt. Men li di: Sibolèt paske li pa t ka rive di l jan yo di l la. La menm, yo mete men sou li, yo touye l la nan pas la. Lè sa a, yo te touye karanndemil (42.000) moun nan branch fanmi Efrayim lan».
Menm man parèyman, sòlda Trujillo yo te resevwa lòd pou yo fè tout moun nwa yo rankontre bò fwontyè kanpe, pou yo pwononse mo “perejil”, ki vle di pèsi nan lang Panyòl. Depi yo sispèk ou gen yon aksan Ayisyen, lè ou pwononse mo sa a, yo blenn ou ak kout kouto, jouk ou mouri, epi yo lage kadav ou nan larivyè Masak.
«M rele: “Manman!” ; li mouri; m rele, – “Papa!, Papa!,” li mouri; toulede youn sou lòt. Mwen rete mwen yon sèl nan savann nan, san bwè, san manje….» Sa se temwanyaj Irelia Pierre.
Annou kontinye tande temwanyaj sivivan masak tèrib Kout Kouto 1937 la…
“…7 Oktòb, jou fèt patwonal Daabonn, frè yo pran nou tout ti lezanj yo, janbe fwontyè a pou nou ale lamès. Pandan nou nan legliz la, mwen wè yon bann militè Dominiken ap mache monte desann andedan lakou legliz la. Se timoun nou ye, nou pa te konprann anyen. Poutan sa ki genyen, militè yo te vle tiye nou tout menm jou sa-a...Sa ki te vin rive, frè yo se te etranje yo te ye; Fransè yo te ye. Mwen sipoze se parapò a frè yo, militè yo pa fè sa. Men nan aswè, vè sizè konsa, militè yo koumanse pike moun, tiye moun. Depi sizè, yo koumanse masakre moun; m tande moun ap rele, moun ap kouri”.
Sa se temwanyaj yon gason ki te viv eksperyans Kout kouto a nan ane 1937. Annou kontinye koute Irelia Pierre, yon jenn fanm.
«Kout Kouto te vin jwenn mwen, m te piti, m te gen tan pase lekòl. Yo te touye tout kò famni m: manman m, papa m, tout rès fanmiy lan. Nou te 28 nan fanmiy lan. Mwen menm yon sèl ki te sove…Mwen te genyen 12 lane konsa.
Lè nou rive nan savann Daabonn, nou gade yon bann “Guardia”. Mwen di “Manman nou pral mouri, wi! Nou pral mouri, wi!”. Manman mwen di, – “pe bouch ou”. On lòt moman nou tande “Guardia” yo di: “esta preso!”, epi…
Genyen timoun Dominiken pran yo, yo voye yo anlè epi yo pare yo ak bayonèt. Apre yo mete yo kouche sou manman yo. Se sèl mwen ki te sove. Dominiken yo te kwè m te mouri paske yo te banm anpil kout kouto».
Irelia Pierre kontinye temwanye…
«Mwen fè 8 jou nan raje apre yo fin rache m, ak kout kouto. Apre 8 jou, se granmesi yon moun ki te soti isit Ayiti ki wè m atè nan sab rivyè Masak la. Li pran mwen, li vini ak mwen Ayiti. Lè m rive Okap, yo okipe m. Yo benyen m, wete san, tout san nwè ki te chita sou kò m, m fè yon mwa kouche Lopital Jistiyen. Lè yo fini yo voye m tounen Wanament. Lè m rive la, m pa te genyen fanmi pou resevwa m, yo tounen ak mwen Okap ankò. M ale rete sou kont Leta»
Anvan nou fèmen chapit tris sa a nan listwa pèp zile Ayiti, annou souliyen kichòy tout Ayisyen ta dwe konnen osijè atitid dezonè ni gouvènman Ayisyen, ni gouvènman Dominiken, ni gouvènman Etazini te adopte apre gwo krim rasis ane 1937 la.
1. Se jis 2 semenn apre masak la, gouvènman Ayisyen, sou lobidyans Sténio Vincent, te ekri gouvènman Dominiken an epi eksprime “enkyetid” li osijè evènman ansanglante sa a.
2. Gouvènman Etazini pwopoze Trujillo pou li peye yon dedomajman bay Ayiti, demannyè pou evite lòt dezagreman pete nan rejyon an.
3. Ofisyèlman, Trujillo rekonèt sansinay 18 mil Ayisyen sou teritwa Dominiken epi li ofri $522 mil dola kòm dedomajman. Sa vle di $29 dola, pou chak Ayisyen .
4. Ozetizini, yo bat bravo lakontantman pou dezisyon Trujillo a. Poutèt sa, Sekretèdeta Etazini alepòk deklare Trujillo se youn nan pi gran ewo nan Lamerik Santral.
5. Non sèlman Prezidan popetwèl Ayisyen Sténio Vincent, aksepte resevwa $29 dola Trujillo lonji bay pou chak kadav nèg li rekonèt li fè a, Sténio Vincent trennen vin sou fwontyè kole figi, fè gwo bobo lapè – lamitye ak Trujillo.
Vye fanmi m yo, se domaj, jouk jounen jodi a, jenn Ayisyen kontinye ap pase sou ban lekòl san pèsonn pa esplike yo paj listwa enpòtan sa a. Pètèt se sa ki lakòz peyi nou kontinye ap pwodui lidè politik ki mache tèt bese devan etranje. Lè ou pa konnen kote ou sòti, ou pa fouti konprann ni kote ou ye, ni ki lès ou ye, alevwa pou ou ta pèsevwa kote ou prale.
Konpatriyòt, annou kite ti bourik listwa nou repoze pandan n ap fè yon dènye koudèy sou aktyalite semèn sa a…
***
Mèkredi 11 Oktòb, Rezo Nasyonal K ap defann dwa moun (RNDDH) te prezante rapò sou ane jidisyè 2022-2023 a, Nan kad rapò sa a, RNDDH voye je gade plizyè dosye lajistis ki pa janm abouti tankou: ansasinay ansyen prezidan defakto Jovenel Moise, ansasinay Batonye lòd avoka yo mèt Monferrier Dorval, jounalis Antoinette Duclair ak Diego Charles epi divès masak ki fèt nan peyi a. Orezime, se yon ane jidisyè negatif kote enpinite ak enjistis kontinye taye banda toupatou Tètkaleman.
Nou mande jistis pou Grégory Saint-Hilaire pandan nou voye fòs ak kondoleyans pou fanmi ak zanmi jenn etidyan sa a ki te tonbe anba bal polisye kriminèl USGPN, yon jou 2 Oktòb 2020. Bandi PHTK te etenn souf Grégory ak yon bal nan tèt.
Konpatriyòt, se yon veritab jenosid rejim PHTK a ap ekzekite pou yo depeple Ayiti sou zòd malveyan ki renmen rele tèt yo “kominote entènasyonal” la, kidonk: Etazini, Kanada, Lafrans ak rès malfèktè anndan Kò Gwoup la, ki nan konfyolo ak blan, jwif, siwo libanè ak nèg malveyan lokal ki renmen rele tèt yo “sektè prive an Ayiti”. Y ap fè krim kont limanite an Ayiti depi plizyè deseni. Yo po ko janm rasasye.
Tandiske yo kontinye anvayi Ayiti ak zam fannfwa k ap simen latèrè nan mitan sitwayen onèt k ap bouske bon lavi anndan peyi a, ipokrit sinik yo ap mare konplo pou mèsenè, atoufè tout koulè, ki soti nan plizyè peyi, vin ranfòse federasyon gang G9 an fanmi e alye PHTK-SDP-Fusion-BINUH-CIA a. Ojis, soti 17 rive 19 Oktòb 2023, yon delegasyon CARICOM debake nan vil Otawa, Kanada, swadizan pou ede mete yon bout nan kriz politik k ap brase bil Ayiti.
N ap raple ou pawòl pwofetik Pamela White, ansyen Anbasadè Etazini ki te abitye ap valkande sou plaj nou yo, bradsi bradsou, men nan ren ak Michel Martelly, Laurent Lamothe – ekip bandi Tètkale kriminèl 2012-2017 yo.
Nan mwa Out 2022 Pamela White pibliye yon nòt nan plizyè medya kote li di fòk sektè prive Ayisyen an, ki domine ak blan malveyan lokal yo, oligak pakapala yo, mete lajan deyò, finanse moun ak zàm, kit se polisye, militè, osnon mèsenè etranje pou yo vin ede yo…masakre “gang” nan katye popilè yo. Ou po ko konprann senaryo sinik zòt ap monte la a? Mèsenè Kenya yo ap vin pwoteje Apaid, Bigio, Martelly ak Ariel, se pa oumenm ak Ti Mamoun ki angaje yo, kidonk, se pa ou menm mèsenè Kenya ap vin pwoteje, ni sèvi atè isit.
Fanmi Lavalas klè sou pozisyon li: fòk masak yo sispann! Depi mwa Oktòb 2018, Fanmi Lavalas pa janm sispann klewonnen se Ayisyen ki sèl sovè Ayiti. Kidonk, se pa blan malveyan yo, ni ajan yo, ni popetwèl yo. Se yon gouvènman Sali Piblik pou nou mete kanpe ak Ayisyen onèt ki deside koupe fache ak bandi PHTK-CIA yo, tout bon vre! Pa gen wout pa bwa.
Konpatriyòt, lènmi an etidye sikoloji. Li konnen nivo dega li fè nan sèvo anpil nèg & nègès twomatize ki kondisyone pou yo toujou blame fanmi yo epi pwòp tèt yo, si nesesè, pandan y ap ede bouwo prensipal la chape. Blan Malveyan ofri mèsenè Kenya ak 10 lòt peyi $200 milyon pou ede yo fè yon mirak: “Initiative d’Ottawa sur Haïti” – yon krim rasis miltinasyonal ki pote makdwèt blan malveyan an, depi koudera 29 Fevriye 2004 la – yo gen plan transfòme li an krim frè nwa kont frè nwa – “black on black crime”. Menm jan nan epòk lesklavaj, anpil fwa, rigwaz la te nan men yon nèg yo bay tit “Kòmandè bitasyon”. Men, èske Papa Dessalines te pran nan blòf sa a? Non! Li te konnen se Blan Malveyan (Napoleon & Rochambeau) ki sib prensipal li. Kidonk, malveyan yo sinik, yo odasye, yo entèlijan,an,an,an….men yo pa pi entèlijan pase nou. Nou kanpe an mòd “Je Kale” epi “Bwa” – yon bwa ki la pou bat ni chen blan, ni chen nwa…malfèktè tout koulè.
Nan peyi Kanada, Òganizasyon Solidarite Quebec-Haiti sonnen lalam, yo di “Non! PINGA BLAN MALVEYAN YO ANVAYI AYITI ANKÒ, kiksaswa kòman. Kit se sòlda blan Meriken, Kanadyen osnon KONZE TOUT KOULÈ KI SOTI TOUPATOU – pinga yo mete zago yo sou tè Dessalines nan”. Militan Solidarite Quebec-Haiti yo deklare tout peyi ki vle ede Ayiti tout vre dwe kòmanse bay siyal bòn volonte yo ak jès konkrè tankou ede otorite konpetan mare Gilbert Bigio ak Michel Martelly, 2 gwo kriminèl dilè zam ilegal ki geri bosko yo nan vil Miami, Tètkaleman, depi dikdantan.
Se toupatou, militan konsekan ap leve kanpe pou yo denonse ipokrizi blan malveyan yo k ap bay rejim kriminèl PHTK a tete pandan yo vle kreye konfizyon sou orijin vyolans sa a k ap toumante sitwayen onèt sou teritwa Papa Dessalines nan. Semèn pase a, militan konsekan nan vil New-York te kanpe pikèt douvan Konsila peyi Kenya ak KOMOKODA, Komite Mobilizasyon Kont Diktati an Ayiti. Gen manifestasyon solidarite ak Ayiti nan Eta Kalifòni, Ozetazini, kote kanmarad Pierre Labossière lage pè las nan dengonn malveyan ipokrit yo. An verite, konpatriyòt, otank blan malveyan ak nèg malveyan fin awoyo nan monte konplo kont Ayiti, otank zòt ap monte volim sinik yo disèt wotè, se otank nou menm tou, patizan jistis ak verite, n ap monte volim rezistans lan disèt wotè. Non! Nou pap obeyi!
Pou nou fèmen, n ap di tout Ayisyen konsekan pandan nou kanpe djanm ak peyizan Wanament, an mòd KPK, nou pa p penyen lage. Okontrè, nou monte volim vijilans nou dekwa pou kanal la wouze latè, bannou manje kòmsadwa. Men, nou pap kite zòt detounen l, nan eseye lave peche malfèktè tout plim tout plimaj…Nou pa egare! Nou sonje se depi ane 2014 bandi PHTK ap fè wout kwochi ak kòb kanal la. Nou pap kite okenn odasye vin lave peche yo ak dlo menm ti kanal sa a! E ta piyay!
Ti kanal sa a pa p ka bay ase dlo pou lave peche tout bandi woulibè nou wè k ap defile la a. Ata OEA vin fè 3lèt! Rete!
Nou remèsye Konpatriyòt Fanm Vanyan ki sonnen lalam sou rezo Facebook, kote li raple nou ki jan “nan ane 2021, Joseph Jean-Baptiste, yon kòmandan BSAP te deklare: BSAP ap goumen pou Jovenel / PHTK, paske peyi a pa p janm tounnen nan Lavalas ankò”. Fanm Vanyan rapousuiv ak yon avètisman: “PHTK-CIA pa sispann itilize, manipile revandikasyon valab popilasyon an pou li prezève pouvwa li. Epi kon yo fin vòlè yon lòt eleksyon, yo pral mete gang Wanament pou bare kanal la, menm jan yo fè sa Latibonit, apre yo te fin pwomèt yon Karavan Chanjman. E byen, Karavan Chanjman an se te Baz Gran Grif ak lòt gang yo ki ap tewowize peyizan yo nan vale a”.
Bravo konpatriyòt Fanm Vanyan pou vijilans je kale sa a ou aktive lè ou raple nou gwo tonton verite sa yo!
N ap repete l jouk verite sa a rantre byen fon nan tout zòrèy: jijman Petwo vòlò yo, ki mete tout yon nasyon nan kouri a, pa p neye nan okenn kanal. Dlo a la pou wouze jaden li pa la pou lave krim Konze.
Pandan n ap kontinye monte volim rezistans ak vijilans lan, toupatou, nou mande tout pitit Lafrik, espesyalman militè yo, keseswa lame nasyonal kote yo anwole aktyèlman, pou yo refize lòd atake Ayiti, Nijè, Mali, Boukina Faso…tout peyi k ap reziste atak nouvo kolon esklavajis yo, latèrèyis yo, vòlò resous minyè ki gen titalbè, ki pa janm rasazye yo.
Ayiti, Boukina Faso, Mali, Nijè, Palestin, Kenya hawatatii! Non, nou pa p obeyi! Hapana! hatutatii!