
Mèkredi 6 Me 1998
Libète pran pou ou pran l !
Daprè jan sosyete Ayisyen an dekonstonbre jounen jodi a, daprè jan mwen wè Blankofoli an Negwofili kontinye ap ravaje mantal nou, mwen kwè Leta Ayisyen bezwen yon konsèy k ap bon anpil pou peyi a, jounen jodi a.
Tout moun ki reyalize ki kokennchenn pouvwa ‘imaj’ osnon ‘senbòl’ genyen sou fòmansyon eskanp mantal moun ap konprann poukisa kòmantè sa a valab tout bon vre.
Ti kòmantè sa a , se de (2) atik H-e-M fè sou tablo “Le Serment des Ancêtres” la ki enspire l. Daprè H-e-M “Le Serment des Ancêtres” se yon Papa Tablo ki pi wo pase 3 mèt yon frè nou Gwadloupeyen te fè Ayiti kado depi nan ane 1828. Tablo sa a fenk sot fè reparasyon, li ekspoze nan “Musée du Louvre” epi anvan lontan l ap tounen lakay.
Dapre foto ki parèt sou H-e-M yo tablo sa a montre yon sòlda Afriken ak yon sòlda “san mele” ki kanpe sou yon pòz tèt ansanm epi yo kenbe drapo nasyonal Ayisyen an nan men yo. Men, anwo tèt 2 sòlda yo genyen yon Ewopeyen ki kòmkidire kwoke nan nyaj epi li lonji 2 bra l tankou pou li beni jès tèt ansanm sa a 2 nèg yo ap fè a.
Nan tan atis la te fè tablo sa a se sèten tout moun t ap idantifye 3 pèsonaj sa yo konsa: Afriken = Desalin; San Mele = Petyon (Milat); Ewopeyen = Papa Bondye.
Men, nan ane 1998 – ki jan nou menm nou riske (ti elèv lekòl elatriye…) idantifye pèsonaj sa yo?
Si nou onèt, ak lawont epi ak anpil tristès nou sètoblije admèt apre 194 rekòt kafe anyen pa chanje sou pwen sa a. Kidonk Papa Bondye blan epi li anlè ak lòt blan parèy li epi nou menm nèg nou anba a ak Jida, dyab anba pye Sen Michel la, elatriye…
Ki konsekans entèpretasyon degrenngòch sa yo ka genyen sou ti moun nou yo?
Èske yo menm tou y ap grandi ak lide “Bondye blan kidonk blan se Bondye”?
Kilè n ap pran endepandans mantal nou?
Mwen sot pase 16 mwa nan peyi m. chak jou mwen leve m ap gade Bondye, Jezi, Mari, Jozèf, Moyiz, Jozye…ak tout lòt fotokopi ti bondye blan je vèt sou tap tap mwen, nan legliz mwen, nan lekòl mwen, nan Ounfò mwen. Tout moun di se pa anyen sa. Se senbolik. Sa pa gen enpòtans….
Bò isit (Amerikdinò) nou abitye rele “Anmwey enjistis! Anmwey rasis!” lè zòt fè derespektan ak nou. Men, ki sa ki eksplike nou ret konsa nou deside fè derespektan ak pwòp tèt pa nou?
Pou mwen menm sijè sa a gen tout enpòtans li. Kidonk, mwen ta kontan anpil si H-e-M ta pran yon ti espas pou li pibliye tèks sa a. Si sa pa posib, omwens eseye pibliye ti konsèy sa a pou mesyedam k ap respire nan Ministè Lakilti yo. Mèsi anpil!
Men konsèy la: Fè tablo “Le Serment des Ancêtres” la rantre Ayiti, ekspoze l nan “Musée du Panthéon National” la ak yon nòt ki eksplike aklè istorik tablo a. Epi, sitou, mete yon kòmantè byen vizib sou kontèks istorik endepandans lan yon mannyè ki fè parèt klè kon dlo kòk aspè “iwonik” prezans “Ewopeyen” an, sitou nan pozisyon sa a, nan yon tablo konsa. Zansèt yo te sèmante «Libète ou Lanmò», jodi a se nou ki pou chwazi kilès nou pipito.
Lapè Granmèt la ak ou kanmarad!
Jean E. Saint-Vil, Hon. B.Sc., Ottawa.
(Alewè: Haiti en Marche Vol. XII No 15, Mercredi 20 mai 1998, page 18)

