Category: Kreyòl

  • Men Solisyon an! Bravo Pèp Ayisyen!

    Men Solisyon an! Bravo Pèp Ayisyen!

    Nan mitan tout latwoublay ak konfizyon ki anvayi peyi a, yon gwoup fanm ak gason poze yon jès enpòtan jou ki te 8 jiyè 2021 an, kote yo prezante yon solisyon valab pou kriz politik ak sosyal lan. Men dokiman yo pibliye pou enfòme popilasyon an. M ap ankouraje yo kontinye sou menm modèl konsètasyon…

  • Se menm jan ak Mahala pou Ayiti chanpyon

    Se menm jan ak Mahala pou Ayiti chanpyon

    Jodi a, dimanch 20 Jen 2021, nou wete chapo pou nou salye chak pitit Ayiti k ap bouske bon lavi, chak jou ki jou, san pran souf, sou zile a tankou aletranje.  Demen lendi 21 Jen 2021 an, Emisyon Sewòm Patriyotik pral fete 6zyèm rekòlt kafe li. Nan okazyon anivèsè sa a, tout ekip Sewòm nan bat…

  • Dechoukay Òdone

    Dechoukay Òdone

    Depi 10 zan se Pèp Ayisyen an k ap viktim. Li swaf diyite, jistis ak reparasyon. Pou nou libere Ayiti anba grif malfini Kò Gwoup an fanmi e alye, yon lavalas ewo sètoblije kanpe dan di pou bare zewo yo, sou chimen konbit lejitim defans. An verite konpatriyòt, dechoukay la pap fèt vay-ke-vay! Vle pa vle, l ap fèt! E l…

  • Jezi Ayiti ak Kidnapin

    Jezi Ayiti ak Kidnapin

    Jou jedi 1 avril 2021 an, lè bandi te rantre ak gwo zàm fann fwa anndan legliz Galaad nan Dikini, yo te panike tout fidèl ki te anndan legliz la osnon ki t ap suiv sèvis la an dirèk sou entènèt. Nan moman yo t ap kidnape pastè Audalus Estimé, Steven Jérôme, Francisco Dorival ak…