Category: Kreyòl
-

Fout tout bandi Kò Gwoup deyò nan zafè Ayiti, atoujamè!
Jodi a, Dimanch 1 Janvye 2023, nou wete chapo pou nou salye chak pitit Ayiti k ap bouske bon lavi, chak jou ki jou, san pran souf, sou zile a tankou aletranje. Kòmalòdinè, jodi a, nou pral rale retwovizè listwa pou nou gade ki jan, sa gen plis pase 219 ane pase, nèg ak nègès Ayisyen…
-

Pou Ayiti chanpyon, sispann jwe ak bagay serye, arete epi pini malfèktè tout koulè!
Jodi a, Dimanch 18 Desanm 2022, pandan tout je brake sou final Koupdimond Foutbòl nan peyi Kata, mwen genyen yon panse espesyal pou atlèt Ayisyen, Grenadye ak Grenadyè nou yo, ki kontinye ap fè mèvèy onivo pèfòmans pwofesyonèl yo. Nou di ochan espesyalman pou Nérilia Mondésir ki fenk jwe 100tyèm match li nan premye divizyon…
-

Krim Gwo Trayizon Ekzije Gwo Pinisyon
Jistis, Respè ak Reparasyon pou tout viktim, tout masak rejim kidnapè Gwoup 184 – Kò Gwoup la k ap peze kou nasyon nou an, depi plis pase 18 tan! An verite, tèt blan malveyan yo cho! Apre gwo bat lestomak yo t ap fè nan kòmansman mwa Oktòb la pou anonse debakman bòt fere sou…
-

La Dessalinienne & “la Marguerite”
Madi 27 Septanm 2022, pèfòmans Ansyen Senatè Moïse Jean-Charles k ap chante Im Nasyonal la nan yon emisyon Radyo Karayib te lakòz anpil wounouwounou sou entènèt la. Nan atik sa a, mwen pa pral analize pèfòmans politisyen an osnon reyaksyon ki te anvayi entènèt la. Mwen chwazi, pito, pwofite okazyon an pou mwen brake pwojektè…