
							Bravo Konpatriyòt Anthony Kavanagh!
Se premye fwa mwen te asiste spektak ou, yè swa nan Gatineau. Monchè chapo ba!
Depi an lagan, mwen te renmen anbyans ou kreye nan sal la, granmesi talan ou kòm komedyen eksperimante. Depi premye minit lan, jouk nou kite sal la se ri madanm mwen avè m t ap ri pami yon dividal moun ki te satisfè menm jan ak nou. Mwen te atann mwen ak sa, paske se pa yon sekrè pou pèsonn ou gen don sa a depi dikdantan. Mèzalò, fòk mwen admèt, yè swa ou te fè plis pase bannou plezi griyen dan. Plizyè nan blag ou yo gen gwo leson lavi ki fofile ladan yo sibtilman. Sa se yon diplis ekstraòdinè. Se pou tèt sa, mwen deside ekri nòt felisitasyon/remèsiman sila a pandan m ap ankouraje tout konpatriyòt ki jwenn posiblite a, pou yo ale nan spektak ou. Antouka “Happy” se yon veritab medikaman pou moun ki renmen komedi entèlijan.
Pami plizyè eleman ki enpresyone m nan spektak la, m ap souliyen sila yo:
1) Bèl mesaj filozofi tankou “si ou vle gen kè kontan…aprann renmen tèt ou”. Pandan tout spektak la, ou fofile mesaj sa yo tankou deryennetè.
2) Ou fè nou ri pwòp tèt nou, ou fè nou ri ou kòm “ansyen vedèt k ap paweze sou gwo sèn espektak vil Paris, alèkile ki vin jwe devan piblik Gatinois ak Gatinoisette” – men, atansyon – malgre sa, madanm ou pa ko mande divòse!”. Ou fè nou griyen dan sou Kebekwa ak Kebekwa, sou moun nwa ak moun nwa, sou LGBTQ&M^% ak LGBTQ*&^%…ou menm rive fè nou fawouche mouche lanmò ki oblije bay vag devan ni Ayisyen an, ni fanm ki pa janm ka fin ranje cheve l menm jou randevou pwennfèpa a. Monchè ou kapab!
3) Kokennchenn divèsite pami piblik ou a – ni selibatè, ni koup ki gen mwens pase 20 ane ansanm ni koup ki gen plis pase 20 ane (ikonpri 2 koup ki ansanm depi 63 zan!!!!!). An verite, Moyiz ak David te ka nan sal la vre ak tout 500 ekèk fanm yo!
4) Ou pa ezite manyen sijè sansib tankou sante mantal, rasis, seksyalite, politik…ou brase koze yo youn nan lòt ak anpil ladrès, san piblik la pa janm gen enpresyon ou fòse kwakseswa. An plis, ou pa tonbe nan tantasyon itilize vilgarite pou bouche twou. Chak fraz, chak mo gen rezondèt li.
Pou mwen fini, pèmèt mwen ba ou yon sèl konsèy konpatriyòt: Pa chanje anyen nan jan w ap byen fè l la. Depi ou renmen li konsa, piblik ou renmen l konsa, kite l mache konsa!
Respè!
Jafrikayiti
Gatineau, 14 Oktòb 2025
1 Comment
Lanmou Jah ak Jahes fre m. Wow! M renmen revu ou fe sou spetak komedyen sa a. M pat jam tande non li e m pa kon travay li fe yo. Antouka, m renmen tout sa ou di yo paske li gele se ou mon ki gen gwo talan. E m swete l bon chans-fok li fe fim tankou Langichat ak lot gwo komedyen Asyen yo. M ta renmen konnen ki yes ki te fe maketing pou spetak la? Koman yo te fe pou yo atire ou odyens dive konsa? Kibo yo te fe reklam pou spetak la. M kontan we ke te gen kou ki gen diferan laj-de moun jenn ki fek komanse ak moun ki ansam pou plis ke swasant an!