Yon bon dechoukay nesesè pou Ayiti netralize tout malfèktè

No to Organized Religion, It's Spirit that Counts
March 3, 2022
Ayiti merite reparasyon ni anndan, ni deyò
April 20, 2022

Jodi a, Dimanch 13 Mas 2022, nou rasanble ankò pou n ede batay Pèp Ayisyen an kontinye pran fòs. Se yon batay san pran souf ki pral pote Jistis, Respè ak Reparasyon pou tout viktim, tout masak rejim Tonton Makout Amelyore PHTK sa a k ap peze kou nasyon nou an, depi plis pase 11 zan! 

Nou wete chapo pou nou salye chak pitit Ayiti k ap bouske bon lavi, chak jou ki jou, san pran souf, sou zile a, tankou aletranje.

Jodi a, nou genyen yon panse espesyal pou plizyè gwoup konpatriyòt…

Premyèman: Ak tout senserite epi lanmou, nou tire lareverans douvan tout fanm vanyan ki fè lonè Ayiti. 

Daprèzavwa se jou 8 Mas Nasyonzini dekrete “Jounen Entènasyonal Lit Fanm Yo”, tankou sa fèt otomatikman chak ane, 8 Mas ki sot pase a, yon pakèt mesaj ipokrit t ap vòltije swadizan pou “onore fanm”. Mèzalò, se menm Nasyonzini sa a, atravè misyon neyo-kolonyal tankou MINUSTAH, BINUH elatriye…k ap patisipe nan sasinay, kadejak, dekonstonbray plizyè milyon fanm toupatou sou latè.

Se ak tout sensirite, nou bese byen ba pou nou salye echantiyon fanm vanyan tankou jenn atlèt Ekip Seleksyon Nasyonal foutbol feminen U-20 nou an. 

Grenadyè yo te pami 8 ekip ki te rive jwe kadefinal, nan chanpyona eliminatwa Koupdimonn ki dewoule kay vwazen yo apre Ayiti te fin kale Kiba, Gwatemala ak Giyàn. Ochan pou jèn Grenadyè nou yo ki fè lonè Ayiti, yo rive lwen pou yo sove diyite n, malgre nou regrèt yo pa jwenn stad reglemantè pou devlope talan yo nan chanpyona wo nivo, lakay yo, akoz Petwo Volè PHTK yo ki fè wout kwochi ak lajan konstriksyon 25 stad ki te sou lobidyans Laurent Lamothe ak Olivier Martelly.  

An verite, fòk plizyè gwo bandi ale Penitansye Nasyonal pou Ayiti kapab ale nan Koupdimonn!

Pandan n ap onore fanm vanyan ki travay djanm pou sove diyite Ayiti, ak lizay, nou bese byen ba pou nou salye konpatriyòt Claudette Faustin

Malgre jou ki te 2 Oktòb 2020 an, kriminèl PHTK yo te sasinen Gregory St-Hilaire, baton vyeyès li, Claudette Faustin toujou kanpe doubout, nan mitan Vilajdedye, l ap pale verite nan figi lach sanginè yo. An verite Claudette, se pa ipokrit Nasyonzini yo ki fè n ap wete chapo epi salye ou jounen jodi a. Se paske, tout bon vre, kouraj ou, djougans ou, merite respè ak admirasyon tout yon nasyon. 

Nan menm okazyon sa a, se lizay pou nou layite yon bouke flè douvan yon travayè enfatigab ki fenk fete anivèsè nesans li mwa pase a epi k ap fè bèl mèvèy nan UNIFA, konpatriyòt Mildred Trouillot Aristide

Lanmou ak respè pou nou epi pou tout fanm djanm k ap feraye san pran souf pou ede Pèp Ayisyen sove diyite l!

Dezyèmman : 12 Mas 2021-12 Mas 2022 fè yon lane dat pou dat, depi 5 polisye ki rele : Pierre Lucdor, Désilus Wislet, Georges Rénois Vivender, Eugène Stanley ak Ariel Poulard te mouri sasinen anba bal bandi Vilajdedye.

Rèl anmwey sekou 5 polisye sa yo ki te tonbe nan anbiskad bandi Izo, ki nan konfyolo ak rejim sanginè PHTK defakto a, pa t rive brennen Direktè Jeneral Léon Charles nan moman trajik sa a. Poutan, kèk jou apre, menm Léon Charles sa a te rive negosye ak gang Izo pou li rekipere yon machin blennde. Jiskaprezan, kadav 5 polisye ki trepase nan move kondisyon yo ap deperi anndan Vilajdedye. 

Se menm Léon Charles sa a, blan Malveyan yo te parachite ilegalman nan tèt Polis Nasyonal la, nan mwa Novanm 2020. Vwalatilpa, semèn sa a, youn nan ansyen militè Kolonbyen ki aktyèlman anba kòd pou kò sansinay ki fèt sou Jovenel Moïse, 7 Jiyè 2021 an, sèmante se bradsi bradsou yo te travay ak lapolis epi Direktè Jeneral Léon Charles nan kad tout aksyon yo poze an Ayiti. Ojis, Edwin Blanquicet Rodriguez, deklare paltan yo te rive anndan chanm ansyen Prezidan Jovenel Moïse, se yon kadav yo te jwenn blayi tou long, li te gen tan mouri

Selon temwanyaj ansyen sòlda Kolonbyen yo, Léon Charles te fè yo kwè se ranfò yo te vin bay PNH la nan kad yon manda arestasyon yon jij Ayisyen ta siyen. Anplis, se ta yon operasyon ki enplike ni otorite Ameriken, ni leta Ayisyen. 

Nan moman n ap koute editoryal sa a, malgre non mouche a site fò konsa nan konplo sasinay Apredye a, Léon Charles ap monte desann ak tit Anbasadè Ayiti nan OEA – yon rekonpans li rekòmanse jwi depi 21 Oktòb 2021, lè li te kite Direksyon Jeneral PNH la, ki aktyèlman sou lobidyans Frantz Elbé.

Pa bliye, swadizan ankèt Kongrè Meriken mande pou yo fè sou enplikasyon sitwayen peyi yo nan sasinay Jovenel Moïse lan, ta sipoze bout nan mwa Mas 2022 sa a. Ta sipoze gen yon “pati” rapò sa a ki piblik epi yon pati sekrè ki va sere anndan yon seri dokiman apa! 

Ou tande koze? Epi, zòt ap mache di se «zafè nèg ki mistè!»

Lè nou konsidere trajedi 12 Mas 2021 an kote 5 Polisye te peri anba grif bandi PHTK, lè nou konsidere ki jan PNH livre Jovenel Moïse bay kriminèl PHTK ki sasinen li anndan pwòp chanm kay li, nan Pèleren 5, fòk nou mande tèt nou : ojis, ki moun swadizan «Police Nationale d’Haïti» sa a ap pwoteje & sèvi, tout bon vre? 

Pou nou reponn kesyon fondamantal sa a, jodi a, mwen envite nou rale retwovizè listwa epi founi je gade kèk ekstrè nan yon atik ki te parèt nan Jounal «Multinational Monitor», sa gen kèk ane pase. 

Patrick James se non otè atik lan bay yon biznismann Ameriken ki te travay Ayiti tout bon vre. Chita pale sa a te fèt avan negosiyasyon ki te ede degèpi gouvènman militè defakto a epi retou Prezidan Aristide sou pouvwa a, 15 Oktòb 1994. Nou pral wè ki jan, se yon dokiman ki kenbe tout enpòtans li, lè nou konsidere gwo limyè li ede nou klere sou divizyon klas, sistèm pouvwa ak eksplwatasyon, represyon dwa moun ki kontinye ap boloze ann Ayiti jouk alèkile.

Daprè oumenm, kisa ki mak fabrik gwoup moun ki fòme «sektè prive» Ayisyen an? 

Patrick James: Koneksyon sere-sere ki ekziste nan mitan biznismann Ayisyen yo, se yon bagay enkwayab.

Mwen t ap travay pou yon konpayi epi jis lòt bò baryè ki devan m nan, youn nan patnè yo se te frè Jeneral Raoul Cédras; lòt la se te yon bizismann Ewopeyen. Konpayi pa m nan te genyen yon patnè, sè li te marye ak biznisman Ewopeyen an ki, limenm, te nan biznis ak yon frè Cédras. Kidonk, yon fason ou yon lòt, elit la konekte oswa simante atravè relasyon fanmi. 

Fondamantalman, yo oblije travay ansanm pou yo kapab kenbe pouvwa yo. Ou ka imajine ou ki kalite presyon sa dwe ye lè ou konnen gen 6 milyon peyizan (alepòk) ki, pratikman, ka fè yon sèl leve-kanpe yon lannwit epi yo kraze kay ou pak-an-pak. Mwen viv bagay sa a deja! Mwen te temwen sa yo rele “dechoukaj” la, lè yo pran tire, piye, ratibwaze yon kay. Sa, se yon bagay efreyan!

Manm “elit” la ann Ayiti toujou gen imaj sa a nan tèt yo. Yo kondwi machin blende. Yo gen gwo zàm Uzi lakay yo. 

E biznisman Ameriken yo, yo menm, ki kote ou klase yo nan peyizaj ekonomik ak politik sa a? Èske yo menm tou, yo fè pati elit la?

Patrick James: Fanmi rich ann Ayiti yo, pratikman ap dirije pwòp anpi pa yo. Ou ka wè patnèchip ki bayo anpil benefis avèk biznismann Ameriken ak Ewopeyen yo paske se nan yon sitiyasyon monopòl ou ye ann Ayiti. 

Ki lès ki fòme pi gwo anpi yo? 
Patrick James:
 Pwobableman, genyen yon gwoup 30 fanmi konsa – gwo fanmi yo. Ka genyen yon santèn oswa 200 ki nan yon nivo annapre. Moun k ap mennen jwèt la pa anpil konpare ak popilasyon an. Kite m di ou : se yon bagay enkwayab, se pa ti richès non! Mwen konnen kèk nan moun sa yo ki voye pitit yo nan lekòl prive nan Florid ak peyi Laswis, lekòl primè kote yo peye $ 18 000 pou frè lekòl chak timoun. Yo milti-milti milyonè. Yo gen yon monopòl sou sitiyasyon an. Yo gen dwa ap enpòte diri, ap ekspòte kafe, zoranj ou nenpòt lòt bagay. San di pètèt, yo fè lajan yo nan souse swe ak san Ayisyen ki pi pòv yo k ap touche $20 konsa, chak mwa! 

Èske sa fè lontan depi salè yo ba konsa?

Patrick James : Depi tout tan! E moun rich yo planifye pou yo kenbe l konsa a, se nan sa menm yo fè lajan yo. Lesklavaj ap penpennen règ chèch an Ayiti. Se sa menm li ye: esklavaj! 

Ojis, li pi mal pase esklavaj, paske omwens ak sistèm esklavlaj la, ou te ka benefisye kèk bagay tankou yon kote pou ou dòmi leswa. Yo pa bay kay, yo pa bay manje pou moun sa yo, yo jis itilize fòs kouray yo. 

Premye jou travay, mwen te nan biwo m, lè youn nan biznisman Ayisyen yo vin rantre, mwen di l: “M pa ka kwè pou moun sa yo pòv nan eta sa a!”. Se te youn nan moun yo rele «elit» yo, li gen po klè, je ble. Li di m: «O, se sa li ye wi! Nou oblije kenbe moun sa yo fatige epi grangou tout tan, otreman yo riske leve kanpe, epi lage chalbari dèyè nou».

Èske ou panse moun yo t ap soulve si yo te genyen plis mwayen nan men yo?

Patrick James: San di pètèt, pa gen dout pyès sou sa! Se sa menm ki fè elit Ayisyen yo gen lapèrèz konsa a. Lè yon kote gen yon mantalite foul anraje, tout bagay kapab rive la. 

M ap sonje nannwit jou koudeta a. Mwen t ap dòmi nan kabann mwen. Apeprè inèdimaten, mwen tande eksplozyon, gwo bri zàm k ap chante, anpil rèl anmwey. Mwen reveye, m al gade nan fenèt chanm nan. Mwen te arebò yon tèt mòn kote mwen te kapab domine sa ki t ap pase atravè vil la. Mwen te wè diferan kote ki te anba flanm dife, li klè gen kichòy ki pat nòmal. Kidonk, mwen te soti al mande gad kap travay lannwit lan ki sa k ap pase konsa a? Li t ap koute radyo, li di m gen yon bagay ki rive Aristide. 

M t ap mande tèt mwen: “Èske m nan bon bò a, osnon move bò a?” Mwen pa t konnen kote m kanpe vre. Mwen pa t konnen si Ayisyen òdinè a t ap konsidere m tankou “blan”, yon lènmi, oswa si mwen pa t vrèman enplike nan sitiyasyon an. 

Mwen vin tande moun k ap chante epi k ap degringole desann mòn nan. Mwen te kapab wè diferan kote, alantou mòn nan, ki te gen tan ap boule anba flanm dife. Kidonk, mwen kase tèt retounen lakay. 

Mwen ale nan chanm mwen, mwen fè malèt mwen, mwen pran manchèt ki te anba kabann mwen an epi mwen tounen soti kote gad la. Mwen mande li kisa nou dwe fè? Li reponn li pa konnen. Alòs, nou kache. 

Se te yon nuit gwo lalin plèn, nou te al kache nan garaj la. Alèkile, mwen te kapab wè yon foul moun ki rasanble devan kay la. Apeprè 200 moun ki gen bwa chandèl ak manchèt nan men yo, m pa bezwen di ou, mwen te kòmanse panike. Yo te kòmanse kraze baryè a lè gad la di: “Se pou nou kouri fè yon jan nou soti, sinon yo pral rantre la a.” Alòs, mwen pran yon gwo souf respirasyon epi nou toulede soti anba limyè lalin nan ak manchèt nou yo. Apre sa, mwen jis sonje m leve tèt mwen epi mwen tande yo k ap rele: “Blan, blan, se blan ki rete isit la!”. Youn apre lòt yo kouri met deyò. 

Mwen te pase de osnon twa pwochen nwit yo ap rale atè sou men m ak jenou m, pandan m ap koute son bal ak zàm otomatik. Youn nan jou sa yo, mwen te ale nan yon otèl kote anpil nan zanmi m yo te rete. Mwen te chita sou balkon an ak mèt otèl la, n ap bwè kafe epi diskite sou sitiyasyon an. Toudenkou, mwen tande rèl anmwey, epi nou vin wè yon kamyon ki t ap grenpe monte mòn nan. Lapoula, yo louvri dèyè kamyon an, yon bann sòlda desann epi yo pran kouri, y ap tire bal dèyè moun yo, tout arebò otèl la.

Dèyè ki moun yo t ap kouri konsa a?

Patrick James : Ayisyen òdinè! mèt otèl la avè m nou t ap mande tèt nou sa k ap pase la a!? Nou toulede mache rive deyò a sou gwo galeri a, nou kanpe ak de men sou hanch nou, n ap gade. Epi, mesye sa yo, yo menm, yo ap monte desann ap tire moun. Yo monte mòn lan, yo boule vye kay malere yo, yo teworize yo.

Pou kisa?

Patrick James : Jis pou fè yo pè, pou panike yo. Pou yo konnen sòlda yo la, alèkile, se nou menm ki gen kontwòl bagay yo ankò. Mouvman Aristide la kaba. Pinga menm panse soulve osnon reve genyen okenn pouvwa. 

Èske ou menm, ou te an sekirite? Ou pa te pè pou yo pa atake ou?

Patrick James: Non! Se atò, m te kòmanse reyalize gen yon bagay ki t ap pase la a ki depase antandman mwen.

Kisa li te ye?

Patrick James: Se nan moman sa a mwen te vin reyalize lame sa a se avèk moun rich yo li kanpe. Mwen menm, kòm yon Ameriken, mwen pat gen anyen pou mwen pè. Epi, se te konsa sa te toujou ye ann Ayiti. 

Konpatriyòt, li klè defen lame (FAdH la) se etranje li t ap sèvi pandan li t ap kraze zo pèp Ayisyen an.

Anvan nou rapousuiv ak dezyèm pati antrevi Multinational Monitor fè ak Patrik James lan, annou sonje ki jan, sa pral fè ekzakteman yon ane, 14 Mas 2021 – granmesi bon semans sèvèl li plante nan tèt, Université de la Fondation Dr. Aristide (UNIFA) te rekòlte 747 doktè, enjenyè, enfimyè, avoka, fizyoterapet, agwonòm, dantis…k ap sèvi nasyon an. Semèn sa a bèl foto ak videyo ap sikile toupatou ki montre “Hôpital Universitaire Dr. Aristide” Lopital HUDA ki fè anpil gwo pwogrè sou chimen gran jou inogirasyon an. 

Chak fwa nou leve tèt pou n gade bèl bilding UNIFA, kit se lokal inivèsite a, kit se lopital ki prèske pare pou inogire a, sonje byen pa gen lontan pase sa se raje ki te la. Transfòmasyon ki fèt la se MOUN ki reyalize li. Men, sa ki pi enpòtan toujou pou n sonje. Anndan inivèsite a, tankou anndan lopital la keseswa kantite materyèl sofistike ki va mobilize atravè ane ki pase yo epi ane k ap vini yo, pi gran richès UNIFA ap pwodui pou limanite se MOUN, fanm ak gason, ki resevwa konesans, syans, sajès ak motivasyon pou transfòme reyalite yon nasyon nan yon bon direksyon.

Travay, travay, travay…se sa ki kontinye ap bay rezilta pi bon lavi nou kòmanse pèsevwa a. Travay, travay, travay… se sa ki va ede n konsolide, pwoteje, miltipliye bèl rezilta sa yo. Mwen wete chapo pou m salye tout Mannwèl ak Annayiz k ap kole zepòl youn ak lòt pou mennen dlo lavi nan bouk la. Se lizay, paske “depi nan Ginen bon Nègès ak Nèg ap kore youn lòt!”.

Pandan n ap bat bravo lakontantman pou UNIFA, fòk nou pa bliye, ki jan malfèktè ki te fè koudeta 2004 yo te degèpi yon dividal jenn fanm ak jenn gason nan lokal youn nan ra inivèsite medikal peyi a te genyen alepòk, epi yo te mete sanzave vin pilonnen l ak gwo zàm fann fwa yo. Kidonk, otank gen moundebyen k ap envesti nan semans lavi, ap toujou gen malfèktè ki vle machande lanmò vyolan pou nou. Lènmi pèp Ayisyen an sèmante fòk yo kenbe majorite popilasyon an nan mizè ak malsite pou n ta oblije bourike pou yo nan faktori salè pwatrinè, pou tout tan gen tan. Èske moun k ap atake lopital, sasinen doktè ak enfimyè nan peyi ou oblije deklare se lènmi ou yo ye?

Èske, kontrèman ak defen FAdH, jounen jodi a, nou kapab di Polis Nasyonal la, ap pwoteje & sèvi fanmi nou yo k ap goumen pou yo defann dwa yo anfas bouwo esklavajis faktori Kodevi?

Pou nou ka wè pi klè, annou retounen nan atik Multinational Monitor te fè ak bisnisman Patrik James, nan ane 1994 la.

Èske biznismann Ameriken yo pè yon leve kanpe popilè?

Patrick James: Mwen pa kwè biznismann Ameriken yo genyen pyès rezon pou yo enkyete paske yo gen mwens pou yo ta pèdi epi yo gen yon kote pou yo ta kouri ale. Se biznismann Ayisyen yo ki esansyèlman kenbe sistèm nan tennfas. Natirèlman, si ou se yon biznismann Ameriken epi yo ofri ou antre nan sistèm sa a kote risk yo pi ba lontan pou ou pase pa yon biznismann Ayisyen, tandiske wotè pwofi ou rete egal-ego, ou tou konnen ou ap vle rantre nan sistèm nan. Paske se yon bon dil, yon avantaj bab-e-moustach.

Patrick James rapousuiv… Ann Ayiti, mwen te touche ant $800,000 ak $900,000 chak ane. Mwen te viv “alèz pase Blèz”, nan yon chato-kay ki gen jaden, jadinye, sèvant, kwizinye, bòn pou lave rad mwen… Anfen, yon mòdvi ki ta oblije m travay pi di, pi lontan anpil pou m ta rive kenbe pwotokòl sa a nan peyi Etazini. 

Ki fòs pwofi konpayi asanblaj Ameriken sa yo fè?

Patrick James : konpayi sa yo pa peye taks, yo pwofite Inisyativ Basen Karayib la ki ofri yo gwo ankourajman. San konte yo pwofite fòs kouray bon mache travayè Ayisyen an ki se yon piyay san parèy. Pou kesyon ki wotè pousantaj benefis yo fè, se devine sèlman pou n ta devine bagay konsa.

USAID te soti yon rapò kèk ane de sa kote li te souliyen avantaj pou konpayi Ameriken yo ki ka pwofite peye Ayisyen yo ti salè ki ba. Ki jan nou fè bat yon piyay $5 pou chak jou travay? Èske ou panse konpayi Ameriken yo enplike nan kenbe sistèm (eksplwatasyon) sa a tennfas?  

Patrick James: Mwen ka imajine anpil rezon ki fè Ameriken yo vle kenbe sistèm sa a. Youn nan yo se avantaj yo jwenn onivo pri pwodui yo. Lòt la sè ke yo ka bay fwi ak lòt pwodwi nan pri ki ba anpil. Si salè travayè monte, pri pwodwi yo ap ogmante sibitman epi, kòm rezilta: mango pral pi chè nan eta Florid. 

Èske ou panse gouvènman Ameriken an pè posiblite yon revòlt popilè?

Patrick James: Yon revòlt nan mitan majorite peyizan yo? Pa gen okenn posibilite pou peyizan Ayisyen an ta revòlte! Ou genyen yon pati nan popilasyon nwa a ki, alèkile, mare sosis yo ak fòs lajan, ak moun rich yo.  Yo pap fè anpil lajan, non! Men, yo fè plis pase sa yo ta va fè kòm kiltivatè mango.

Alèkile, yo gen yon vye zam nan men yo, y ap mennen. Yo fè yon ti lajan. Moun rich yo di yo: “ale nan bouk la, tire moun nou jwenn, demachwele yo, kite kadav yo nan lari a”, epi yo pral fè sa vre.

Èske ou gen yon lide ki jan Anbasad Ameriken ak biznisman Ameriken yo te wè Aristide ki rive sou pouvwa a, epi mouvman popilè a, an jeneral? 

Patrick James: Mwen panse yo te enkyè, yo pat konnen jouk ki bò Aristide t ap rive, patikilyèman ak dosye salè minimòm nan ak lòt bagay tankou pwojè sistèm sekirite sosyal li a. Aristide fè sa li rive sou pouvwa a epi li deklare “li pral fè tout moun adopte yon salè minimòm $5 dola pa jou, sanzeksepsyon”. Imajine ou, an mwayèn, yon Ayisyen te touche $20 pa mwa epi, yon sèl jou, Aristide pwopoze pou patwon ki tap depanse $5 dola pou chak semèn vin depanse $5 dola pa jou!

Aristide, daprè mwenmenm, te genyen yon ideyal li te vle reyalize, men li te avanse twò vit. Li pa t byen konsidere estrikti ki anplas depi 200 zan an. 

Sous: An inside look at Haiti’s business elite, Multinational Monitor

***

Tankou nou kapab wè sa nan antrevi Patrick James nan, aparèy represyon ki an plas nan peyi a se etranje ki mete l an plas pou defann enterè etranje.

Ojis, daprè enfòmasyon nou resevwa, antreprenè Koreyen ki alatèt Faktori Sonapi yo ta dakò peye 1500 Goud sendika yo ap mande depi dikdantan an. Men, se sansi lokal yo, tankou Andre ak Clifford Apaid ki sèmante, vyèytimen yo, se esklavaj ki dwe kontinye boloze an Ayiti. Natirèlman, gouvènman PHTK bandi legal Ariel Henry ak alye li yo kanpe ankwa kont 1500 Goud la.

Nan sikonstans sa a, ki solisyon ki posib? Èske zansèt nou yo te fè Bwa Kayiman pou Ayisyen sèvi etranje?

Gade ki sa yo fè Jovenel Moïse ki te sèvi yo dosilman. Kèk jou apre li fin siyen yon dekrè ilegal pou bay André Apaid 8600 ekta bon tè, sou 3 depatman peyi a, ki rekonpans yo te ba li 7 Jiyè 2021? 

Jiskaprezan, gen konpatriyòt ki di yo pa konprann rezon ki fè blan malveyan yo kontamine epi dewoute pwosesis Akò 30 Out la (Akò Montana a). Pami premye koze ki ekri nan Akò 30 Out la, nou li, nan paj 2: «nou voye jete tout dekrè ak lòt desizyon enkonstitisyonèl gouvènman defakto yo pran». 

Li klè, blan malveyan ak alye lokal yo pa ta vle pèdi yon pwèlyèm nan avantaj bab e moustaj gang PHTK a kontinye ba yo sou resous peyi a.

Jovenel Moïse te trayi Prezidan Nicolas Maduro nan OEA pou li fè blan malveyan yo plezi.  Poutan, vwalatilpa, se Antonio Intriago yon Venezyelyen anti-Maduro nan Miami, Florida, ki tap ede parenn kriminèl la rekrite mèsenè Kolonbyen ki ede mete l sou kote yon jou 7 Jiyè 2021. 

Alèkile gen moun k ap mande, ki longè manda blan yo bay Ariel Henry a? Èske manda Ariel la pi long pase pa Jovenel la osnon pa Babekyou a? An reyalite, se paske konze sa yo pa pridan ditou ki fè yo kontinye mete konfyans yo sou blan malveyan.

Gade ki jan Ameriken te pase yo lòd “pinga achte gaz nan men Venezyela”! Epi, alèkile, se emisè Ameriken k ap prezante lèt lademann douvan pòt kay Maduro kote yo bezwen rekòmanse achte petwòl ki vin ra sou mache mondyal la, daprèzavwa lagè pete ant Larisi epi Ikrèn. Kidonk, tout jan ou gade koze a, alalong, fè tchoul, fè Azibe pa janm bay bon rezilta!

Semèn sa a, bri ap kouri gen gwo bato Etranje k ap fouye lanmè nan pwent sid zile nou an. Èske se vre, èske se manti? Nou pa ko ka sèten. Mèzalò, se depi nan ane 2010, yon ansyen chèf Konpayi Rafinri Petwol Domiken (REFIDOMSA) ki rele Leopoldo Espaillat Nanita te deklare : “gen yon konplo miltinasyonal pou yo fè yon dappiyanp illegal sou resous minè Ayiti yo”. Kèk mwa apre deklarasyon sa a, Hillary Clinton rantre Ayiti, li fòse Direktè Konsèy Elektoral la chanje rezilta eleksyon yo pou Michel Martelly te ka vin Prezidan gang PHTK.

Pandan lagè sa a pete nan patiray Lewòp, li enpòtan pou nou fè menm jan ak Pèp Bolivi, Pèp Mali, Pèp Chili ki fè jan yo konnen yo mete lòd nan dezòd zòt te vin mete lakay yo.

Lakay pa nou, lagè a se pa nan televizyon li pete. Se chak jou bandi Kò Gwoup, PHTK Amelyore yo ap atake nou nan Matisan, sou Bèlè, nan faktori Sonapi, sou wout Kwadèboukè, sou wout Nò tankou sou wout Sid. 

Kidonk, pa okipe moun k ap vin radote koze eleksyon pike kole.

Avan pou vrè eleksyon posib epi itil pèp Ayisyen an, fòk nou fè yon bon dechoukay ki netralize ni bandi Mòn Kalvè yo ni bandi Kwadèboukè yo.  E, si bandi Wachintonn yo kite patiray yo pou vin anmèkde n fòk yo ka jwenn sa yo merite tou! 

Esklav pat janm gen chan kann, travayè pa gen faktori. Ni kolon esklavajis, ni konze pap janm gen konsyans.

Kidonk, wè pa wè, dechoukay òdone se sèl mwayen pou Ayiti netralize tout malfèktè!

Leave a Reply

Your email address will not be published.