Dilè pa lidè, ni ayè, ni jodi, ni demen

Atansyon Gwo Moso, Ayiti Se Kinan Ayisyen
September 15, 2025

Dilè pa lidè, ni ayè, ni jodi, ni demen

Konpatriyòt onè,

Jodi a, Dimanch 22 Fevriye 2026, mwen bese byen ba pou nou salye tout manman ak papa k ap brase, chak jou ki jou, an Ayiti tankou aletranje, pou lavi pitit yo kapab vin miyò.
Nou salye memwa defansè dwa moun, zanmi Ayiti, Reveran Jesse Jackson ki kite nou 17 Fevriye 2026, apre 84 rekòlt, pou li fè travèse li lò bò lantouraj lavi a.

Kòmalòdinè, mwen pral rale retwovizè listwa pou nou etidye bon jan tras zansèt nou yo kite pou ede nou konbat gang tèwòris Kò Gwoup an fanmi e alye k ap fè dlo koule nan je nèg ak nègès, depi dikdantan. 

Jodi a, Maten, ti bourik listwa nou, pral fè yon premye kanpe nan kalfou ane 1783

30 Jiyè 1783, nan Affiches Américaines (de Saint-Domingue), nou jwenn piblisite yon kolon ki bezwen re-kenbe 2 nèg mawon li presize se 2 nèg k ap mache pran pòz yo lib sou pretèks yo te fè lagè nan Savana, pou Etazini ak Lafrans. Natirèlman blan malveyan yo te pèmèt yo alepòk pou yo rele nèg manman osnon grann yo te sibi kadejak anba zago kolon esklavajis yo tout kalite non, selon ki pousantaj “san” blan yo sispèk k ap kouri nan venn yo. Yo te deklare 2 nèg sa yo kolon malveyan yo t ap chèche a de (2) “milat” – sa vle di: 2 mwatye lòm (mwatye blan).

Permalien : http://www.marronnage.info/fr/document.php?id=11331

Gade laj 2 nèg y ap rapousuiv yo (24 tran epi 20 tan). Afich sa a pibliye nan mitan ane 1783, sa vle di 5 ane apre swadizan Kanpay Savana a. Kidonk, si se vre yo te patisipe nan batay la, pi piti a se yon timoun 15 zan li te ye. Obsèvasyon sila a kore menm sa nou aprann osijè Henri Christophe ki te genyen 12 zan sèlman pandan li te nan mitan Lagè Savana a. Kidonk, sou chan batay Savana, te gen yon bann timoun, pitit Lafrik, ki gen tout koulè po mawon (pal osnon fonse) ki te sèvi barikad pou yon bann blan malveyan esklavajis lach, sinik, kriminèl, rizèz epi engra.

N ap fè ou remake, menm lè se pa kichòy ki vizib sou fòm tèt ak po nou chak, se prèske tout nèg ak nègès alawonnbadè, desandan Afriken blan yo te kidnape epi depòte trennen sou kontinan Amerik yo ki gen yon pousantaj ADN kadejakè Ewopeyen yo nan kwomozom nou.

Se pa san rezon, nan Konsitisyon Anpi Ayiti ki pibliye 20 Me 1805 lan, zansèt vizyonè nou yo deklare: «Atik 14: Chèf leta a se papa fanmi Ayisyen an. Pa dwe gen okenn distenksyon koulè nan mitan fanmi an. Apati jodi a, nou konsidere tout Ayisyen se moun nwa nou ye.»

Sa vle di, dezòmè nèg ak nègès Ayisyen lib, ki gen bon konprann, pa dakò pou yo rele yo: «milat», «kwatewon», «griffe», «grimo», «grimelle». Se jouman mo sa yo ye pou moun ki deja geri anba Kolonyaviris. Fòk nou reyalize se nan espas konsantrasyonèl koloni yo, foli siperyorite ki t ap moulen sèvo blan malveyan yo te lakòz yo te pran tèt yo pou referans limanite. Kidonk, malad mantal yo te konsidere 1 blan se inite lòm konplè a, 1 milat = 1/2 lòm, 1 kwatewon = 3/4 lòm elatriye… Bagay moun fou nasisik deraye nèt!

Annou li yon pwezi selèb Reveran Jesse Jackson te renmen resite: “I am somebody” – (Mwen se Yon Moun).

Mwen se Yon Moun!
Mwen ka pòv,
Men mwen se Yon Moun.
Mwen ka jèn,
Men mwen se Yon Moun.
Mwen ka sou byennèt sosyal,
Men mwen se Yon Moun.
Mwen ka piti,
Men mwen se Yon Moun.
Mwen ka fè erè,
Men, mwen se Yon Moun.

Rad mwen diferan,
Figi mwen diferan,
Cheve mwen diferan,
Men, mwen se Yon Moun.
Mwen nwa,
Mawon, oubyen blan.
Mwen pale yon lòt lang
Men, yo dwe respekte m,
Pwoteje m,
Pa janm rejte m.
Mwen se pitit Bondye!

Konpatriyòt, menm jan ak plizyè lòt ewo endepandans nou, Boisrond Tonnerre, Fifi Parisset ak Cecile Fatiman pa t janm kite zak kadejak kolon esklavajis yo te fè sou kèk pami zansèt yo defini ki moun yo ye osnon ki jan yo kanpe nan lit pèp nèg ak nègès vanyan sou latè. Si nou konstate ki jan konpatriyòt Mildred Trouillot ak Jean-Bertrand Aristide sibi anpil rayisman nan men bandi entènasyonal ki kreye Kolonyaviris lan, se konsa tou, nou dwe konprann pou ki rezon koneksyon yo soude djanm ak moundebyen nwa tankou Jesse Jackson, Thabo Mbeki, Danny Glover, Harry Belafonte, Rolihlala Nelson Mandela, Molefi Kete Asante, Maxine Waters, Doktè Henry Ford, James Count Early, Ama Mazama…vanyan sa yo toujou kore bèl reyalizasyon tankou UNIFA paske, depi nan Ginen, te toujou gen nèg ak nègès ki chwazi pou yo pa avèg nan je gòch yo!

***

Konpatriyòt, annou kite ti bourik listwa nou bwè dlo, pran yon ti repo, pandan nou pral founi je gade aktyalite semèn ki fenk pase a.

Mèkredi 11 Fevriye 2026: Lapolis touye youn nan 5 bandi ki t ap tante kidnape sekretè rektora Inivèsite Leta Ayisyen an ki te nan machin rektè Dieuseul Prédélus. Chofè a pran yon bal nan tèt, men li pa mouri. Kidnapè yo te nan 2 machin. Aprè anpil tire ak lapolis, 4 nan kidnapè yo sove sou 2 motosiklèt yo pran nan men moun sou wout la. Radyo Rezistans di “daprè divès òganizasyon k ap defann dwa moun, ka kidnapin yo ogmante nan komin Dèlma… popilasyon an rapòte kidnapin, prèske chak jou, nan Dèlma 31 ak Dèlma 75, sitou nan ri Katalpa zòn Franyovil. Alòske, gouvènman Alix Didier FILS-AIME a ak direktè lapolis la, Vladimir PARAISON ap sèvi ak lapolis la pou akonpli pwojè politik patwon yo”.

Dimanch 15 Fevriye 2026: daprè repòtaj Radyo Rezistans, plizyè milye moun te pran lari a, pou patisipe nan jounen pre-kanaval. Lari Petyonvil te resevwa cha mizikal ak bann a pye. Dapre obsèvasyon fotojounalis Fildor Egeder, yon gwo foul moun te rasanble sitou bò ansyen lokal Paryaj Pam (ansyen Muncheez). Nan Delma, se menm anbyans lan yo te remake. Cha DJ nan lari ak gwoup mizikal tradisyonèl. Aktivite kanaval yo te fèt tou nan Jeremi, Okay, Okap, Fòlibète ak Jakmèl. Depi kèk ane, pa gen kanaval nasyonal santralize. Otorite yo pito kite chak komin òganize pwòp aktivite pa yo.

Pandanstan, nan yon nòt direksyon inite espesyalize CIMO pibliye sa pa gen lontan, enstitisyon an anonse, apati Mèkredi 18 Fevriye 2026, mezi sila yo rantre an aplikasyon:

1- Polisye pa gen dwa gen dread, bab, epi mete kagoul.
2- Medam yo pa gen dwa gen cheve long epi mete koulè nan cheve yo.
3- Polisye oubyen polisyè ki nan sekretarya yo, pa gen dwa travay an sivil, ni mete mayo nwa.
4- Chak lè ou vin travay, ou pa mete inifòm, y ap konsidere w kòm absan, epi aprè 3 absans, y ap konsidere ou fè abandon, w ap pèdi djòb ou.

Sa gen kèk semèn pase nou te asiste teyat mobilizasyon blan malveyan entènasyonal yo ak blan malveyan lokal yo ki kouwone Wa Alix Fisdedye Toupisan. Semèn sa a, yo ofri nou teyat: Vitelhomme Innocent ak blan Meriken ti komik. Vwalatilpa, foto gaye toupatou ak afich “Anpil moun ap mande kote Vitelhomme Innocent ?

Nan yon nòt jounalis Luckson Saint-Vil pibliye, nou li repons lan konsa: « Depi 26 Janvye 2026, nan yon piblikasyon Direktè FBI la Kash Patel te fè, yo te mete Chèf gang Torcel la kòm moun yo pran deja. Anpil kesyon tap poze pou mande : « Eske se yon erè ? Eske Etazini🇺🇸pran Vitelhomme ? » – Antouka nan yon atik Miami Herald pibliye, 19 Fevriye 2026 la, yo fè konnen FBI ki te mete💰2 milyon dola sou tèt Vitelhomme, fè yo konnen li pa reponn ankò a kritè ki etabli pou yo kite l sou lis 10 fijitif yo plis ap chache yo. Jounal la di youn nan kritè pou mete yon endividi sou lis sa a, se yon bezwen piblisite pou ede yo lokalize l epi arete l. « Vitelhomme lokalize deja an Ayiti.🇭🇹Nan sans sa a, kontinye kenbe l sou lis la pap abouti ak enfòmasyon siplemantè ki ka mennen ak arestasyon li », se sa FBI di Miami Herald. Epi, gen moun ki kontinye di zafè blan pa mistè! Adyewidan!

Pandanstan, konpatriyòt mwen yo, gen gwo latwoublay k ap brase bil sistèm jidisyè peyi Etazini akoz yon michan dosye pedofil, kadejakè, ki pote non espyon MOSSAD la Jeffrey Epstein. Eskandal sa a se yon veritab Goudougoudou ki frape anpil grantoryan ki rich pase Seza, kit se Etazini, Angletè, Lafrans, Nòvèj, Kanada, elatriye… Semèn pase a, ata ansyen Prens Andrew te pran menòt pou yon ti bout tan. Ojis, pèsonn pa ka devine ki jan lòbèy sa a ap gen pou li fini. Ou menm konpatriyòt, ou gen lè di sa pa gade ou? Ale kwè sa! Oke!

Antouka, n ap kite sèn teyat zòt, pou nou voye je nan teyat anba lakay kote “Revolisyonè Detanzantan” Guy Philippe anonse talè konsa, sanzatann, li pral lage pye li.

An verite, yo di nou se semèn madigra! Malgre gwo desepsyon ak dezolasyon ki anvayi nanm ti jèn nayif ki t ap suiv revolisyon envizib li an, asasen, trèt, fo revolisyonè, vrè dilè dwòg Guy Kokayin Philippe, ki gen lè pa konn wont…deklare, dezòmè, li pran baton pelerinaj li, paspò li deja pare. Kidonk, talè konsa, li pral lage pye l nan direksyon Kontinan Lafrik pou li bouske sipò – paske, sanbletil, foli pouvwa li genyen an po ko prèt pou geri. Antouka, pèsonn pa gen dwa anpeche madigra defile pandan sezon lamayòt.

***

Konpatriyòt, kite lodyans, annou fè yon dènye koudèy rapid nan retwovizè listwa. Nou pa p rive lwen non, Maten. Souple, mennen nou nan vil Ottawa, 9 Jiyè 2018.

Nan yon lèt tou dekachte plizyè militan te voye bay Premye Minis Kanadyen an alepòk, yo te deklare: “se pa Jodi a, pèp Ayisyen an ap plede rele ra gagann devan lemonn antye: “Vwalatipa, ou kidnape vrè lidè nou yo epi ou jouke popetwèl pa ou”, pandan 2 je yo kale drèt dirèk sou sila yo ki pran tout gwo desizyon pou Ayiti nan sa yo rele “Core Group” la, ki limenm ap mache opa sou lobidyans peyi Etazini.


Yo rapousuiv pou yo di:

1. Se pou Kanada sispann kore malsite ann Ayiti tankou koudeta osnon gouvènman popetwèl ki sou lòd etranje;
2. Kore relasyon komèsyal nòmal ak Ayiti. Kote, konpayi kanadyen k ap fouye min yo va, alèkile, respekte tout prensip nòmal pou yo pwoteje anviwonman an epi siyen kontra ki legal tout bon vre ak otorite Ayisyen ki tabli demokratikman e ki la pou asire eksplwatasyon resous natirèl pèp Ayisyen an, nan bon kondisyon;

Nan finisman tèks la, militan yo ekri: “Alèkilè, fòk Kanada… twouse nen li, san di pètèt, sou sistèm Apated sosyal ak ekonomik ki ap boloze ann Ayiti a. Pèp Ayisyen an te toujou kwape dominasyon politik yon minorite blan rasis ta vle enpoze sou majorite nèg la, menm lè zòt ta esesye makiye Apated la ak “dirijan” popetwèl po nwa. Nan batay nòb sa a yo tanmen depi dikdantan an, pèp Ayisyen an merite sipò nou nètalkole, epi fòk sa fèt san twou nan manch”.

(Klike la a, pou ou wè lèt orijinal la (nan lang Angle) ki rive nan biwo Pemyeminis Trudeau).

Kidonk, nou konsyan, depi dikdantan, gen moundebyen toupatou, nan Kanada, Etazini, Lafrans, Kongo, Boukina Faso, Venezyela, Kiba, Mali… ki kanpe djanm tout bon vre ak Pèp Ayisyen an.

Nou sonje ki jan, nan vil Wagadougou, 17 Me 2025, yon delegason ki te genyen 1 pitit fi ak 3 pitit gason Ayiti te resevwa bèl akolad fratènèl nan men otorite peyi Boukina Faso pandan inogirasyon Memoryal Thomas Sankara ak 12 konpayèl li yo ki te tonbe anba bal enperyalis yo yon jou 15 Oktòb 1987.
Natirèlman, daprèzavwa tout pwojektè brake sou jenn lidè peyi Boukina Faso a ki ap reziste atak malfezans enperyalis yo, plizyè konpatriyòt pran abitid repete yon fraz ki vin popilè alèkile: “Ayiti bezwen yon Ibrahim Traoré”.

An verite, pwogrè sosyal ak ekonomik mwen konstate nan peyi Boukina Faso yo enpresyonan anpil e mwen fenk kare motive pou mwen ede mobilize moundebyen toupatou pou nou kanpe djanm ak pèp vanyan ki doubout pou defann granmounite pèp Afriken nan peyi Sahel yo, epi nèg ak nègès toupatou sou latè. Mèzalò, annou klè, jounen jodi a, genyen yon Ibrahim Traoré an Ayiti pa t ap sifi! Fòk nou ta reyalize nesesite tou pou, an menm tan, nou mobilize kouraj nou, entèlijans nou, konviksyon ak konstans nou pou nou kore li epi pwoteje li kont lènmi istorik nou yo. Ojis, se sa menm ki nannan koze a.

Ayiti te pwodui yon Jean-Jacques Dessalines. Men, zòt sasinen li yon jou madichon 17 Oktòb 1806. Nou pwodui yon Lysius Félicité Salomon Jeune, yon Dumarsais Estimé, yon Daniel Fignolé, yon Jean-Bertrand Aristide. Men, èske nan fè lach, ak yon klas mwayèn abolotcho abolatcha ki abitye pran latranblad devan blan malveyan yo, yo pa lakòz bèl opòtinite sa yo gaspiye?

Kidonk, konpatriyòt, miltiplikasyon “Ibrahim Traoré majik” pa yon refleksyon ki lojik. Peyi Kongo pa ko janm rive repwodui yon Patrice Lumumba. Kidonk, se chak jenerasyon ki dwe pwodui rekòlt pa li, apati bon semans…KONVIKSYON, KOURAJ epi KONSTANS. Wi, alèkile, se sa nou bezwen kiltive. “Revolisyonè Detanzantan”, dilè kokayin ki toujou sou foulay, an verite, se pa sa nou bezwen!

N ap redi l: Ojis, se pa menm yon Ibrahim Traore Ayiti bezwen vre. Yon ou menm ak yon mwen menm ki mete devwa nou opwòp, pandan nou pa janm bandone bon sans nou ki la pou raple n, dilè pa lidè, ni ayè, ni jodi, ni demen! – se sa menm Ayiti bezwen!

Dilè pa lidè, ni ayè, ni jodi, ni demen!

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *