
Tèks sa a te pibliye pou premye fwa sou Facebook an Jiyè 2019. Anpil akizasyon twoublan ki ladan l vin konfime pi douvan. Mèzalò, te gen kèk eleman kle nan nòt sila a ki pa t parèt nan travay medya etranje tankou yon atik Maria Abi-Habib, pibliye pou New-York Times nan dat 12 Desanm 2021. Ki sa ki eksplike diferans sa yo? Petèt, tan va evantyèlman revele kiyès ki te kenbe ki sekrè, epi poukisa. Pandansetan, ni Jovenel Moïse ni Arnel Joseph pa disponib ankò pou pale pwòp “verite” pa yo. Tradiksyon Kreyòl sa a se travay Jafrikayiti, pwopriyetè sit entènèt jafrikayiti.com. Tanpri, gade anba a pou tèks orijinal la ki te pibliye an franse, sou plizyè paj Facebook, depi 27 Jiyè 2019.
***
Arnel Joseph chante tankou wosiyòl
Pandan li t ap soufri sou kabann lopital, Arnel Joseph pale, e li rakonte tout bagay bay enspektè Lapolis Ayisyen yo (DCPJ) kòmkwa se kondisyon pou li kontinye jwenn swen li bezwen.
Lè nou konpare deklarasyon Arnel yo, sa yo jwenn nan telefòn li ak sa asosye gang nimewo 2 li a deklare, lè li te anba kòd kèk jou anvan nan Tabarre, premye konklizyon enspektè DCPJ yo rive jwenn sijere aklè “peyi sa a kondane nèt, yo vann sa bay dyab ak sèvitè li yo”.

Yon senp sòlda, an 2011, Arnel te deja ap fè rankont ak lidè pati Tèt Kale a epi ak “Onorab” Gracia Delva ki te yon Depite (manm chanm ba palman an) alepòk.
Men kèk enfòmasyon…
Premye chèf politik gang Arnel erite a se te Jean Fritz Jean Louis, ki t ap finanse asosye Arnel yo, depi 2011. Fritz Jean Louis te Sekretè Deta pou Ministè Kolektivite Teritoryal yo (MICT) nan moman sa a, ansanm ak Sipè Minis Toupisan Thierry Mayard Paul.
Arnel te pase yon tan nan prizon e Fritz Jean Louis te youn nan moun ki t ap goumen pou liberasyon li. Arnel di menm nan prizon li te resevwa lajan nan men MICT. Li fè deklare se Michel-Ange Gédeon, ki te Direktè Polis Depatman Lwès la (DDO) lè sa a, ki te arete li. Plizyè ane apre, menm senaryo a rive ankò. Arnel rive opouvwa ant 2017 ak 2018 akòz pwoblèm predesesè li, defen chèf gang “Tèt Kale”, te vin genyen jouk li mouri sasinen.
Arnel di li jwenn liberasyon li granmesi sipò youn nan zanmi l yo, yon ajan Inite BOID nan Polis la, ki te afeke nan ekip sekirite Minis Ardouin Zéphirin (2015-2016). Granmesi koneksyon privilejye Ardouin genyen ak Vladimir Paraison. Kidonk, se 2 mesye sa yo, youn ki te Minis Enteryè, lòt la ki te Kòmandan BOID alepòk, ki te fè Arnel Joseph soti nan prizon.
Anba Prezidans Jovenel Moïse, Ardouin Zéphirin ak Vladimir Paraison retounen an kontak ak Arnel e, san ezitasyon, li te swiv yo. Depi nan kòmansman, Paraison te klè sou pozisyon l: Fòk Arnel ede li pwovoke demisyon Michel-Ange Gédéon. Konsa, li va rive pran pi gwo pozisyon an: Direktè Jeneral PNH. Men ki jan, yon senp bandi tounen gwo chèf nan yon rezo mafya ki te gen tantakil li toupatou.

Li di li te gen DDO avè l depi epòk Direktè Soljour. Li pa t gen pwoblèm pou jwenn lajan, manje, siman ak fè. Se san pwoblèm li te ka detounen kamyon BRANA, Crown, MEGA, TCHAKO, elatriye…
Arnel te vin tèlman puisan li te kapab, rapid vit, rekrite pi bon sòlda nan gang rival yo. Poudayè, Nimewo 2 l lan, se nan gang Grand Ravine li te rekrite l. Arnel di li te sispèk li san lè viktim konplo trayizon k ap soti bò kote Ardouin Zéphirin ak Fritz Jean Louis depi jou “Ti Je”, gang rival li, te benefisye fòmasyon nan men fran tirè (esnaypè) etranje ki soti nan peyi Vyetnam ak Kolonbi. Tout depans mesenè sa yo te sou lobidyans Ti Vlad, gadkò Martelly. Se menm Ti Vlad sa a ki te montre sòlda “Ti Je” yo ki jan pou yo fè zam “kreyòl” (atizanal) ak kijan pou yo tire tankou pwofesyonèl. Arnel di li te sispèk Ardouin Zéphirin t ap prepare yon lòt gang pou ranplase pa l la. Vwalatilpa, nan menm epòk sa a, 2 nan pi bon sòlda li yo te travèse lantiraj yo ale jwenn gang “Ti Je” a pou yo te ka benefisye fòmasyon sa yo. Chak manm gang reve vin chèf gang. Pami lòt bagay, konn manyen zam fen e byen se yon gwo avantaj pou yon gang vin chèf.
Yon jou swa, mwa Me 2017, karyè bandi a ta pral monte nan yon nivo li pa t ko janm rive anvan. Sa rive apre yon rankont li fè ak Allan Zuraik & Esther Antoine, 2 konseye espesyal Prezidan Jovenel Moïse. Arnel Joseph di se Ardouin Zéphirin ki te mete l an kontak ak Allan Zuraik, pwopriyetè Safari Motors (konsesyonè Jeep ak Porsche nan Kafou Nazon).

Se Zuraik, bon zanmi Gracia Delva, ki te rekòmande Arnel bay Reynold Deeb. Deeb te bezwen yon moun pou siveye tout sa k ap pase ozalantou ladwàn Pòtoprens. Li jwenn Arnel nan bon moman an. Anfèt, lagè t ap bouyi ant Deeb ak Bigio ki te lage gang yo nan Chancerelles ak Bas Delmas. Deeb te jwenn nan Arnel, yon chèf gang touskilfo ki t ap chanje jwèt san sa a an favè li pou li pran kontwòl Anba Lavil la epi, konsa, li tou genyen lagè a kont Bigio. Se depi lè sa a, Deeb mete Arnel pami pyon enpòtan li yo.
Deeb jouke yon Premye Minis opouvwa epi, menm jou a, yo arete Arnel! Senp konyensidans? Ala yon konyensidans!

Deklarasyon chòk: Arnel di se sou lobidyans Deeb ak Zuraik, li te dirije plizyè operasyon kidnapin pèsonèlman kont moun ak machandiz, an konplisite ak 2 enspektè Lapolis, pami yo te gen Désir Faveur Gabriel, yon enspektè yo arete paske li te kominike avè l regilyèman.
Li te kidnape moun yo sou lòd yon lòt enspektè ki rete enkoni. Bandi nan lari kidnape viktim yo. Men, lajan ranson yo mande a, yo remèt li bay òganizatè yo, ki se manm yon gwoup Siwolibanè ki batize “Haïti Chérie”. Arnel di se pa t sèlman Deeb ak Zuraik, men lòt yo pa t aji aklè tankou yo.
Arnel di li pa t janm travay avèk oswa pou Gracia Delva. Okontrè, li deklare se Gracia Delva ki t ap viv sou do l. Li di Gracia eksplwate (maltrete) l.
Arnel eksplike ki jan, apre 3 operasyon kidnapin li byen mennen pou Allan Zuraik ak Reynold Deeb, li te resevwa 25,000 dola ameriken epi Gracia Delva te resevwa yon Porsche Cayenne daprèzavwa li te fasilite kontra sa a. DCPJ ak Lajistis Etazini ap mennen ankèt sou 3 ka cho sa yo. 3 viktim yo te achte 1 Jeep Grand Cherokee, 1 Porsche Cayenne nan Safari ak yon BMW 4X4 nan Appolo Motors. Zuraik ak Deeb te fè kidnape yo, yo te reprann machin yo, epi yo te vann yo bay yon rezo vòlè machin pwisan k ap opere ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Se 5 palmantè Ayisyen ak 3 senatè ak antreprenè Dominikèn ki kontwole rezo sa a. Bagay ki tris anpil!
Arnel di vòl machin ak motosiklèt se yon bagay ki pwofitab anpil epi li site non Hervé Fourcand ak Rony Celestin kòm senatè ki enplike nan biznis sa a. Li te travay avèk yo tout tan. Arnel di li p ap janm devwale relasyon li ak Gary Bodeau paske Gary Bodeau te toujou fre avè l epi se premye moun ki te opoze ak moun ki te vle elimine l yo, depi Me 2019.

Se ONG yo te sib prensipal kidnapè sa yo.
Arnel rakonte ki jan yon moun te eksplike l poukisa machin touteren tankou Toyota, Nissan Patrol ak Pick Up Amarocks yo te gen plis avantaj nan je yo. Li di se konsesyonè machin touteren sa yo sèlman ki jere gwo kontra ak ONG yo. Kidonk, konsesyonè konpetitif yo vle enplike machin sa yo nan kidnapin yon fason pou dekouraje ONG yo achte machin touteren sa yo nan men Hinoto ak Nissan puiske machin sa yo se sib prefere bandi yo. Nan kominote ONG a, nou te reyèlman kwè fòmil sila a. Daprèzavwa responsab ONG yo te konkli li pi fasil pou vòlè yon Toyota Land Cruiser olye de yon Jeep Grand Cherokee oswa yon BMW, kidonk yo achte machin yo vòlè mwen souvan yo.
Arnel di li rantre fon nan politik yon jou swa 5 Oktòb 2018, lè Prezidan Jovenel Moïse te felisite l pou kouraj li dèske li te fin kanpe dan di anfas (Chèf Lapolis) Michel-Ange Gédéon. DG PNH la te ofri yon prim 2 milyon dola sou tèt bandi a. Arnel te resevwa yon apèl nan men Ardouin Zéphirin ki te avèti l gen yon apèl telefòn enpòtan k ap vini pou li. Vè 6è dimaten, li reponn apèl yon senatè epi se te Prezidan Jovenel Moïse ki te alaparèy. Prezidan an te di Arnel “se Gédeon ki vrè bandi a”. Nan menm nuit lan Prezidan an atake Gédeon (DG PNH la) epi li te kore Arnel ak tout sipò li, dan di, byen solid.
Yon lòt gwo moman pou Arnel se te te an Fevriye 2019, lè li te resevwa yon apèl nan men Ti Vlad ki te prezante l bay Michel Martelly (Ansyen Prezidan). Arnel di Michel Martelly deklare: “Kòmandan Nèl mwen konte sou ou pou ou voye je sou kay mwen yo pou mwen paske bann Lavalas kaka yo vle boule yo”

Pandan Martelly t ap pati, li te kite lajan pou Arnel ansanm ak kèk minisyon. Arnel di li te voye sòlda pou siveye kay Martelly yo nan Péguy Ville ansanm ak Saint Marc. Arnel deklare li gen bon kalite minisyon ki soti Vyetnam pou dire 8 jou batay san pran souf kont Lapolis. Li deklare minisyon sa a soti nan men Ti Vlad.
Pa gen anyen plis pou di!
(Pwochen sesyon entèwogatwa yo pwograme pou madi pwochen, yon sesyon ki konsantre sou ka kidnapin. Pwochen an menase pou l mete dife nan Repiblik la. Rete je kale! Sa se konvèsasyon prive ak yon moun ou renmen, moun ki resevwa rapò #1 an. Yon sitwayen)

***
Arnel Joseph parle comme un rossignol
Sur son lit de douleur Arnel Joseph parle et raconte tout aux inspecteurs de la DCPJ s’il veut continuer à bénéficier des soins appropriés. En comparant ses dires avec les éléments trouvés sur son téléphone et celui du numéro 2 du gang arrêté des jours plutôt à Tabarre, les premières conclusions des inspecteurs de la DCPJ est que ce pays est vendu au diable et ses servants. Arnel, simple soldat en 2011, trafiquait déjà avec les dirigeants Tèt Kale et l’honorable Gracia Delva, député à l’époque. Savourez quelques bribes…
Le premier patron politique du gang dont Arnel a hérité c’était Jean Fritz Jean Louis qui depuis 2011, finançait les chefs d’Arnel. Fritz Jean Louis était à cette époque Secrétaire d’État aux Collectivités Territoriales, aux cotés du très puissant ministre Thiery Mayard Paul. Arnel avait fait la prison et Fritz Jean Louis était l’un de ceux qui se battaient pour sa libération. Arnel raconte que même en prison, il recevait de l’argent du MICT.

Il souligne aussi c’étaient des hommes à Michael Gédéon, DDO d’alors, qui l’avait arrêté. Des années après, le même scénario se reproduit. Sa montée en puissance entre 2017 et 2018 était due aux empêchements du puissant Tèt Kale, chef de gang décédé maintenant. Il dit que sa libération a été concoctée avec le support de l’un de ses amis, agent BOID qui était dans la sécurité du Ministre Ardouin Zéphirin (2015-2016). C’est de là qu’est parti ses liens privilégiés avec Ardouin et Vladimir Paraison qui étaient respectivement ministre de l’intérieur et commandant de BOID à l’époque qui l’ont fait libérer de taule.
Revenus au pouvoir avec Jovenel Moïse, Ardouin Zéphirin et Vladimir Paraison ont repris contact avec Arnel et sans hésiter il les a suivi. Dès le début, Paraison était clair avec lui : il devait l’aider à accéder à la tête de la Police Nationale en provocant la démission prématurée de Michael Gédéon. Lui qui était un simple bandit est devenu tout de suite l’élément clé d’une mafia avec des ramifications partout. Il avait la DDO avec lui depuis le temps de Soljour, dit-il. Il n’avait pas de problème d’argent, de produits alimentaires, de ciment et de fer. Il pouvait détourner des camions de la BRANA, la Couronne, MEGA, TCHAKO sans être inquiété. Il est devenu tellement puissant qu’il a été capable en peu de temps de recruter les meilleurs soldats dans les gangs rivaux.

Son numéro 2, il l’a recruté de Grand Ravine.Il dit avoir eu la suspicion d’une imminente trahison d’Ardouin Zéphirin et de Fritz Jean Louis depuis ce jour-là où le gang de Ti Je a reçu des séances de formation de tir par des étrangers armuriers (vietnamiens et colombiens sous les frais de Ti Vlad, garde du corps de Martelly) qui ont montré aux soldats de Ti Je comment faire des armes créoles et comment tirer professionnellement. Il dit avoir eu la suspicion qu’Ardouin préparait un autre gang pour le remplacer. Et à cette même époque, deux de ses meilleurs soldats ont migré vers le gang de Ti Je afin de bénéficier de ces formations car tout membre de gang aspire à être chef de gang. Une connaissance des armes en plus des autres est un atout majeur pour devenir chef.
Sa carrière de bandit allait basculer dans des proportions jamais atteintes, ce soir-là de Mai 2017 après sa rencontre avec Alain Zureik et Esther Antoine, deux conseillers spéciaux du président Jovenel Moïse. Il dit que c’est Ardouin Zéphirin qui l’a mis en contact avec Alain Zureik, propriétaire de Safari Motors (concessionnaire de Jeep et Porshe à la Courbe de Nazon). Zureik, bon ami de Gracia Delva, a recommandé Arnel à Reynold Deeb qui avait besoin de quelqu’un pour contrôler l’environnement de la douane de Port-au-Prince. Il a trouvé Arnel au bon moment. En effet la guerre était déclenchée entre Deeb et Bigio qui lançait les gangs de Chancerelles et bas Delmas.
Avec Arnel, Deeb a changé la donne au bas de la Ville et a remporté la guerre contre Bigio. Depuis lors, il place Arnel parmi ses pions importants. Deeb impose un PM et puis le même jour Arnel est arrêté ! Simple coïncidence ? Quel hasard !
Déclarations choc : il dit qu’à la solde de Deeb et de Zureik, il dirigeait personnellement des opérations de kidnapping de personnes et de marchandises avec deux inspecteurs de Police dont Désir Faveur Gabriel, cet inspecteur arrêté pour avoir communiqué avec lui de façon régulière.Il kidnappait des personnes sous les ordres d’un autre inspecteur dont le nom reste encore confidentiel. Les victimes étaient kidnappées par des bandits de grand chemin, mais l’argent exigé était remis aux organisateurs, ces syro-libanais de l’Haïti Chérie. Arnel dit que ce n’est pas seulement Deeb et Zureik, mais les autres n’étaient pas au devant.

Il raconte n’avoir jamais travaillé avec et pour Gracia Delva, au contraire c’est Gracia qui vivait de lui et il est même allé à dire que Gracia abusait de lui. Il explique qu’après 3 opérations de kidnapping bien conduites pour Allain Zureik et Reynold Deeb, il a reçu USD 25 000 et Gracia Delva a reçu une Porsche Cayenne pour avoir facilité ce deal. La DCPJ et la justice américaine enquêtent effectivement sur ces 3 cas brûlants. Les 3 victimes ont acheté 1 Jeep Grand Cherokee, 1 Porsche Cayenne chez Safari et une BMW X4 chez Appolo Motors, Zureik et Deeb les ont fait kidnapper, ont repris les voitures, et les ont revendues à un puissant réseau de vol de voitures entre Haïti et la République Dominicaine contrôlé par 5 parlementaires haïtiens et 3 sénateurs dominicains et des entrepreneurs des deux cotés. C’est triste !
Il dit que le vol de voitures et de motocyclettes est très rentable et il a cité le nom de Hervé Fourcand et Rony Celestin comme Sénateurs qui sont dans ce business et avec qui il a souvent travaillé. Il dit qu’il ne va jamais révéler ses relations avec Gary Bodeau car ce dernier était correct avec lui et était le premier à s’opposer à ceux qui voulaient le faire éliminer depuis mai 2019. Qu’est-ce qui n’est pas dit ?
Les ONG étaient les cibles privilégiées de ces ravisseurs. Arnel explique que quelqu’un lui a expliqué pourquoi on privilégiait les voitures tout-terrain comme les Toyota, les Nissan Patrol et les Pick Up Amarock, il dit que les concessionnaires de ces tout-terrain gèrent seuls les contrats des ONG. Donc les autres concessionnaires font kidnapper ces voitures pour décourager les ONG à acheter ces voitures tout-terrain chez Hinoto et Nissan que les bandits adulent.
Et dans la communauté des ONG, on a cru dans cette formule. Depuis, les responsables d’ONG concluent qu’il est plus facile de voler une Toyota Land Cruiser au lieu d’une Jeep Grand Cherokee ou une BMW, par conséquent ils achètent les voitures qu’on vole le moins.
Il dit avoir commencé à faire vraiment de la politique à partir de la nuit du 5 octobre 2018, lorsque le président Jovenel Moïse l’a félicité pour son courage après qu’il ait répondu à Michael Gédéon qui avait mis 2 millions sur sa tête. Il a reçu un appel de Ardouin Zéphirin lui prévenant d’un coup de fil important. Vers les 6 heures, il a décroché l’appel d’un sénateur et c’était le président Jovenel Moïse à l’autre bout de l’appareil. Le président lui a dit que c’était Gédéon le vrai bandit. Le président lui a donné son support ce soir-là dans ce tacle au tacle contre Gédéon.
Autre fait marquant pour lui, c’est en Février 2019, il a reçu un appel de Ti Vlad qui lui a passé Michel Martelly. Ce dernier lui a dit « : Kòmandan Nel mwen konte sou ou pou ou voye je sou kay mwen yo pour mwen ke bann Lavalas kaka yo vle boule».
Martelly est parti et a laissé une somme d’argent pour Arnel et des munitions. Arnel dit avoir envoyé des soldats surveiller les maisons de Martelly tant à Péguy Ville qu’à Saint Marc.
Arnel raconte être en possession de munitions de bonne qualités venues de Vietnam pour tenir 8 jours sans relâche contre la Police et ces munitions viennent de Ti Vlad. Plus rien à dire !À suivre…
La prochaine séance d’interrogation c’est pour mardi prochain. Cette séance se portait sur les cas de kidnapping, la prochaine risque d’enflammer la République. Restez focus ! Conversations privées avec un proche d’un « à qui de droit » récipiendaire du rapport #1. Un citoyen.
Source: Le messie noir (Facebook), 27 juillet 2019
