Apre 20 ane pèseverans nan rans, èske twò ta bare nou?

Lèt Tou Dekachte Yon Pitit Ayiti Voye pou Prezidan Aristide
December 18, 2023
Qui finance commande se franse. Poutan se pa mantò – Bourik Chaje Pamela White pale pawòl la ankò!
January 22, 2024

Apre 20 ane pèseverans nan rans, èske twò ta bare nou?

AlterPresse te pibliye yon tèks mwen te ekri 23 Avril 2003 ak tit sila a :« Wi, fòse Lafrans deremete 21 milya li te vòlò a! Men ann gade pi lwen toujou ». Lè mwen te ekri tèks sa a blan yo po t ko parèt ak lidè toudenkou yo a “Andy Apaid”. Men, menm nan kochma, mwen p at janm imajine m, se fanm ak gason ki te toujou ap lite kont kolon enperyalis mwen ta va jwenn ap mache dèyè Andy Apaid, Danny Toussaint, Himler Rebu kèk mwa annapre. Kote mi lari Pòtoprens badijonnen ak “manifès revolisyonè” tankou “Aristig Gwo Dyòl”, “Senk … nan … Mildred” elatriye…

Gade pou ou wè nivo vilgarite ekip Sèvèl Nan Bounda a! (Achiv Video Jafrikayiti https://www.facebook.com/606330630/videos/10154371007515631/ )

Mezanmi, mwen rete kwè nou gen yon kriz reyèl nan sosyete nou an. Men, se pa fo kriz sektè reyaksyonè yo ap alimante a, se yon kriz vizyon. Vizyon ki pou ede nou priyorize aksyon nou anfavè NASYON an – 10 milyon Ayisyen vivan (8 anndan, 2 deyò) epi plizyè milyon jenerasyon k ap vini yo. Nan moman aktyèl la, Ayisyen pa ta dwe ap gaspiye enèji nan alimante konfli ant yon gouvènman ki monte opouvwa nan eleksyon epi yon opozisyon ki klèman sou lobidyans IRI ak lòt gwoup ekstrèm dwat reyaksyonè. Ant laprès epi gouvènman an, ant ONG epi gouvènman an.

Gen yon tan pou chak bagay. Gouvènman aktyèl la chaje ak defo. Si nou gade jan li jere dosye Lajistis la, dosye Privatizasyon an, menm dosye selebrasyon bisantnè revolisyon anti-esklavajis lan, nou kapab di nou pa satisfè.

Mèzalò ! Fòk nou monte pi wo pou nou gade kote nou sòti epi kote nou vle ale anvan nou kouri ap voye kout wòch nan tout direksyon kont li.

Daprè mwen menm, se erè fondamantal sa a anpil nèg nan sektè pwogresis lan kontinye ap komèt.

Paregzanp: Dosye Lame d Ayiti a.

Jiskaprezan gouvènman aktyèl la poko janm pran inisyativ ki pou asire li lame kraze zo a pa p janm retounen sou moun ankò. Lwa poko janm pase pou regle sa. Annatandan, detanzantan nou wè sektè Ozetazini ki te toujou konn sèvi ak lame sa a pou li mete osnon desann diktatè lè li vle nan peyi nou, ap bay siyon vizyon li se retounen ak lame sa a ankò. Alewè Washington Post, 2 Fevriye 2001 ak L’Actualité 15 Mas 2003.

Nan kontèks goumen pou Ayiti vin genyen yon sosyete k ap evolye sou baz demokratik tout bon vre, retou lame a se pi gwo danje ki pandye sou tèt nou.

1) paske depi Pòtoprens gen 3 tank, ou mèt sote ponpe koudeta ap kontinye fèt detanzantan. Paske jeneral lame sa a ap toujou sou lobidyans Etazini ki ap founi yo zam, ekipman, antrenman elat… E, sa pa nan anjannda Etazini pou eskanp sosyete nou an chanje (ni klas k ap dirije biznis Etazini an, ni klas k ap dirije biznis Dominikani an, ni klas k ap dirije biznis Ayiti an, pa bezwen chanje eskanp fondamantal APARTHEID makiye k ap boloze nan peyi nou an).

2) paske lame reprezante yon tantasyon ki twò fò pou nèg ki gen anbisyon prezidan sèvi ak li pou yo – fè yon kou – sou chèz boure a.

Kidonk, kanmarad, men pou kisa, mwen kwè refleksyon sou 200 zan nasyon an dwe fikse sou kèk kesyon fondamantal – olyede chirepit atifisyèl yo vle okipe lespri n ak yo sètansi yo.

Kesyon Fondamantal:

1) Pouvwa Majoritè Demokratik – ap vin enposib si lame retounen sou moun ankò

2) Si Tradisyon Chanjman Pouvwa San Vyolans lan koupe (7 Fevriye 1995, 7 Fevriye 2001), n ap fè yon bak ki difisil anpil pou nou rekipere.

3) Priyorite moman an se refize lojik gaspiye tan ak enèji nasyon an nan negosiyasyon pèlentèt OEA ap mennen yo – epi ede nasyon an fokis sou sa ki enpòtan tout bon vre pou lavni li.

4) Ayiti bezwen gwo envestisman pou enfrastrikti – (envestisman ki p at janm fèt, ni sou tan koloni, ni sou lokipasyon, ni alepòk dikdati militè yo). Envestisman sa yo pa p janm rive fèt toutotan Ayisyen kontinye ede blan yo kenbe nou nan fo kriz tout lasentjounen.


Anmwey! konpatriyòt ki di ou se revolisyonè Lagoch epa w ap ede Blan Malveyan ak kriminèl G184?
(Fevriye 2004)

Mesyedam, nan ane 60 yo kolon yo kraze rèv nou nan peyi Kongo, Sierra Leone, Ghana, Etazini…elatriye. Pi douvan yo kofre nèg ki te koumanse reve sou zile Lagrenad…    se toujou ak menm taktik yo. Simen konfizyon ak zizani nan mitan mouvman pwogresis lan epi anvan lontan, li jwenn rezilta li t ap chèche a dousdous.

Apre tout eksperyans sa yo, moun nou ap rele “mas yo” se pa ki gwo save ki gen pi bon “dyalektik” nan analiz li yo l ap bouske. Mwen fenk sot Ayiti. Nan Pòdpe, se doktè Kiben mwen jwenn k ap bay laswenyay. Kote doktè Ayisyen yo? Yo devan Lopital Jeneral ap rele “aba!”. Mwen rive sou zile Ilavach kote mwen jwenn ti elèv lekòl k ap rakonte kijan zòn nan pa gen dlo dous pou yo bwè? Kote enjenyè nou yo? Sa ki pa ap volè lajan nan gouvènman, ap bwè kòb yo nan ONG epi y ap rele “aba!” nan tout lari Pòtoprens.

Mesyedam, “mas yo” gen pwòp dyalektik pa yo tande. E tout pirik kayik n ap plede fè douvan je yo la a pa enpresyone yo pyès. Lè ekip kriminèl CIA kenbe an rezèv kay vwazen yo pral rantre nan bouk la vin devore yo… ki “dyalektik” ki pral ede yo jwenn lavi?

Mwen pa gen pi bon solisyon pase nou. Men, sèl sa mwen ka di, daprè sa je mwen ban mwen…rele aba pa sifi. E nan konjonkti aktyèl la menm, se yon move lojik ki ka sèlman ale nan avantaj gang Andy Apaid, Donald Rumsfeld, Roger Noriega, Jesse Helms nan.

Mwen menm pozisyon mwen klè.

1)  Kite eksperyans Lavalas lan rive nan bout natirèl li. Sa vle di: kite Prezidan Aristid konplete manda li 7 Fevriye 2006 epi pou moun ki fè efò pwopoze kichòy ki pi bon bay popilasyon an monte fè eksperyans pa li.

2)  TRAVAY pou transfòme teyori “revolisyonè” nou yo an pati politik ki byen òganize, ki souche tout bon vre anndan fon kè peyi n, Ayiti, epi ki pote solisyon konkrè pou pwoblèm fondamantal majorite popilasyon an.

3)  Lite pou ni lame krazezo a pa retounen sou moun ankò pou ede oligachi tradisyonèl la konsolide ni pouvwa ekonomik, ni pouvwa politik nan peyi a – pou 200 zan k ap vini yo.

Mwen salye nou, nan non pa mwen epi ak imaj tout timoun sa yo mwen te wè pandye dèyè moto-taksi nan lavil Pòdpe, ki t ap chèche chimen yon lekòl pou yo te al pwoteje lavni yo.

Respè,

Jafrikayiti

“Depi nan Ginen Bon Nèg ap Ede Nèg!”

Comments are closed.