
Avètisman: menm si ou remake mwen itilize yon estil komik nan tèks mwen ekri yo, doulè mwen pataje ak viktim tèwòris blan malveyal mondyal yo tèrib & reyèl – Pa kwè m ri. Ou wè dan m, ou pa wè anndan m!
***
Kochma 14 milyon Ayisyen ap sibi a antre nan yon faz ki pi sinik ak debakman plizyè milye twoup diktatè megalomàn Èl Salvadò a, Nayib Bukele. Nan tèks sila a, mwen brake pwojektè sou ki jan veritaj diktatè ki alatèt Ayiti yo ap itilize epidemi Bukelefou yo ak anpil ladrès pou yo ride responsab kochma Ayiti ap viv la, lave men yo, gwo lajounen, nan boul figi viktim yo.
Prèv a konviksyon #1 – Michel Joseph Martelly
Nan ane 2011, se granmesi gwo magouy ak vyolans blan malveyan Meriken te jouke Michael Joseph Martelly alatèt Ayiti, etank plezidan popetwèl. Alèkile sa se yon verite klè ki kore ak bon jan prèv pwennfèpa.
Plizyè ankèt ekspè Nasyonzini te fè sou li, montre Martelly se gwo malfèktè, yon michan bouwo papa gang tèwòris ki te jwe yon wòl majòjon nan kreye epi bay milis paramilitè yo tete an Ayiti – Se menm eskadwon lanmò sa yo (Baz 257, Baz Pilat, Gang Galil, Gang Vilajdedye, Ti Bwa, Gran Ravin…G9, GPep… Viv Ansanm) ki responsab katchouboume ki anvayi 2 pi gwo depatman peyi a ki gen plis moun yo (Latibonit ak Lwès).

Destriksyon ak laterè milis paramilitè Martelly yo lakòz si tèlman grav, ata parenn li yo nan Washington, Ottawa, Paris ak Bruxelles deside lave men yo ak anons yon latriye “Sanksyon Pons Pilat” kont Martelly.
Pouvwa de fakto yo (Blan Malveyan Core Group yo) kontinye fè je yo byen chèch, yo pa pete nan koton bay santi devan aktivis k ap feraye an favè verite, lapè ak jistis tankou kanmarad mwen yo nan Solidarité Québec-Haïti, Enstiti Politik Etranjè Kanadyen (Canadian Foreign Policy Institute) ak lòt kanmarad ki kontinye klewonnen yon verite ki klè k on dlo kòk: sa ki nesesè pou rezoud kriz la tout bon vre an Ayiti se: 1) Arete, pouswiv epi pini kriminèl yo, 2) Nasyonalize tout byen malfèktè yo genyen Ayiti osnon sere aletranje epi itilize resous sa yo pou finanse yon veritab Renesans Pou Ayiti.
Pandanstan, gwo michan papa gang tèwòris la t ap viv kè pòpòz, alèz k on blèz, vwazen fanmi Donald Trump nan Miami, Florid, soti 2017 rive 2026. Retou li an Ayiti te relanse bri kouri osijè veritab estati legal Martelly Ozetazini. Malgre tout bri, lòtrejou se gwo lajounen “chèf bandi legal” la te enskri ofisyèlman kòm kandida pou li re-plezidan. Poudayè, Sweet Micky te toujou di se “plizyè ke” li deside fè sou vant Ayiti.
Men, èske ou kwè Bukele?
Nan dènye epizòd sinema sinik blan malveyan Etazini ap dirije a, se youn apre lòt, kandida plezidansyèl yo vin pwenti yo, dosilman, devan Wa Gwo Dodo, Sedye ainsi connu, pou yo fè “konfesyon lafwa nan Nayib Bukele”, maryonèt Donald Trump ap dangoye nan peyi Èl Salvadò a. Kidonk, sou sitwèb Le Nouvelliste, jounal ki pi ansyen an Ayiti, nou li yon varyasyon 2 fraz sila yo: “Mwen kwè nan Bukele epi...”, “Mwen kwè nan Bukele, men…”. An verite, Espektak Minstrel sa a ta ka komik, si se pa t pou michan trajedi li pa rive kache a.
Pami yon latriye kandida k ap goumen pou pòs “Pwochen Plezidan Popetwèl Ayiti – sou lobidyans blan malveyan Meriken”, kote laplipa afilye ak PHTK, Martelly gen tan pwenti li, rapid vit, li fè konfesyon lafwa obligatwa a:
“Akoz gwo ensekirite ki gaye toupatou, pèp Ayisyen an wè aksyon frè Amerik Santral nou yo kòm yon veritab souf lè fre. Kichòy ki depaman nètalkole ak atitid manfouben, mank aksyon desizif bò kote lidè ki te nan tèt peyi a pandan senk dènye ane yo.”
Sonekselans Ti Simòn (Damian Merlo, Antonio Solas an fanmi e alye) rapousuiv ak anpil odas…
Pandan tout listwa li, pèp Ayisyen an te toujou kanpe an solidarite ak lòt moun k ap fè fas ak difikilte. Se poutèt sa, yo akeyi avèk rekonesans solidarite zòt ofri yo kounye a – sitou Prezidan Bukele ak pèp Èl Salvadò a.
Rapid vit, moun ki konnen istwa relijyon Krisyanis lan te remake resanblans ki genyen ant pwofesyon lafwa ridikil sila yo nan Nayib Bukele epi “Kredo Nise” osnon “Konfesyon Lafwa Nise an”. Yon dokiman gwo palto Legliz Wòm yo te voye nan tout lòt legliz toupatou, apre Konsil Nise an (325 E.K.), lè otorite yo te tabli règleman, kwayans ak prensip pwennfèpa anndan sèk Jideo-kretyen an.
Nan dènye pati Kredo Nise orijinal la, gen yon paragraf menasan yo raman repwodui nan epòk modèn nan. Men sa li deklare, kare bare: “Kanta pou moun ki pèmèt yo di, te gen yon lè Li pa t la, epi, anvan Li te fèt Li pa t la, epi kòmkwa Li te vin egziste apati anyen, oubyen ki deklare Pitit Bondye a sòti nan yon lòt ipostaz oubyen sibstans, oubyen li kreye, oubyen yo ka modifye osnon chanje Li – Legliz Katolik deklare tout moun sa yo ANATÈM!”.
Rete! Ki sa Anatèm te vle di, ojis?
Savonarole ak Ariyis, pami lòt moun, te fè anpil efò pou yo te ka dekouvri sa. E, kwè m si ou vle “sa te fini trè trè mal!”. Fyèl pete, zantray gaye…
Ki malere enpridan Anperè Sedye, Sa Majeste Wa Gwo Dodo Trump san lè anatèmize an Ayiti, pandan ane 2027 k ap vini an?
#Sakalakawèl