Pèp Ayisyen nou mande ou padon pou trayizon 2004 la

Koze Nèf Tankou Ze Fre
December 28, 2024

Jodi a, 1 Fevriye 2025, nou menm pitit fi ak pitit gason Ayiti, nou vin mande nasyon nou an padon daprèzavwa nou te siyen Déclaration de principe sur le Bicentenaire ki pote dat 29 Septanm 2003 a. Nan dokiman sila a nou te sèmante nou pap selebre bisantnè Ayiti; Okontrè, nou te envite ni konpatriyòt Ayisyen ni etranje pou yo bòykote selebrasyon sila a nètalkole, ikonpri ekzijans restitisyon Ranson Charles X la, Prezidan Jean-Bertrand Aristide te fè peyi Lafrans nan menm epòk la.

Nou mande Pèp Ayisyen an padon paske, apre 21 ane, je nou klè sou nivo manipilasyon ki te makònen ak “Inisyativ Ottawa sou Ayiti“, reyinyon konplotay enperyalis Ameriken, Franse, Kanadyen te fè 31 Janvye- 1 Fevriye 2003, lè yo te planifye anvayi Ayiti epi imilye nasyon nou an anba yon okipasyon kriminèl, sou pretèks se demokrasi yo t ap vin kore. Ojis, nou reyalize alèkile, kit se blan Etazini, Kanada, Lafrans, Nasyonzini, OEA… kit se oligak lokal André Saliba (aka Apaid), Réginald Boulos, Charles-Henry Baker…ki te alatèt mouvman vilgè yo te batize Grenn Nan Bounda (GNB) ak Groupe 184 la, se enterè enperyalis yo ki te motive mobilizasyon fòs paramilitè (Guy Philippe, Ravix Remissainthe, Louis-Jodel Chamblain…) kay vwazen Dominiken konplis ak finansman CIA, Kanada ak Lafrans, epi rekipere revandikasyon lejitim yon pati nan klas mwayèn nan te genyen kont gouvènman lejitim peyi a alepòk, pou yo te ka, efektivman, kapote Prezidan Aristide ak tout aparèy etatik la alawonnbadè, 29 Fevriye 2004.

Jodi a, nou mande Pèp Ayisyen an padon, daprèzavwa demand Restitisyon an lejitim tankou li te toujou lejitim. Nou te nan erè dèske ògèy mal plase te vegle nou an 2003. Mèzalò, jodi a osnon demen, vle pa vle, fòk Lafrans remèt Ayiti “lèt tete li”, Ranson Wa Zenglendo Charles X la.

Jodi a, nou mande Pèp Ayisyen an padon daprèzavwa, menm ansyen Anbasadè peyi Lafrans Thierry Burkhard ki konnen jan, alepòk tokay li, Yves Gaudeul, t ap itilize Institut Français nan Pòtoprens ak lòt resous ki te aladispozisyon li, ikonpri gwo mèsenè Boer Sidafriken, pou fè ti dife boule ant Ayisyen ak Ayisyen; kounye a, Burkhard admèt nan laprès entènasyonal, se pou kwape ekzijans Restitisyon Prezidan Aristide te fè a, blan yo t ap alimante zizani ant nou menm epi gouvènman Prezidan Aristide la, jouk koudeta 29 Fevriye 2004 la te reyalize. Nou pa twò ògeye, ni enbesil pou rekonèt tò nou nan evènman trajik sa yo. Kidonk, nou mande Pèp Ayisyen an padon. E, nou sèmante dezòmè n ap ede monte volim militans lan pou restitisyon an reyalize prese prese.

Jodi a, nou mande Pèp Ayisyen an padon, paske nou vin okouran se yon ajan Sèvis Sekrè Ameriken, Janice Elmore, ki te maniganse trajedi vil Gonayiv yo. Se fanm Meriken sa a ki te òganize evazyon Amyot Métayer nan prizon, nan menm moman kote fo misyonè Meriken James White Glenn te fè kagezon zam ilegal rantre – kache anba bib pou alimante batay sanglan, mete Ayisyen dozado nan vil la, jiskaske Amyot Métayer, plizyè militan Fanmi Lavalas, opozan ak ansyen patizan Prezidan Aristide, granmoun, timoun mouri, blese, ekzile…pou prepare chimen koudeta sanginè 29 Fevriye 2004 la.

An verite, nou te gen dezakò ak Prezidan peyi nou an, konpatriyòt Jean-Bertrand Aristide. Mèzalò, se pa rezilta ansanglante sa a nou t ap chèche ni espere. Pou kontribisyon pa nou nan deskonstonbray leta Ayisyen pak an pak, depi 2004, nou mande padon.

Anfen, nou menm ki siyen deklarasyon sila a, nou pa nayif, viktim manipilasyon, ni nou pa soufri maladi fè teyat fo “acte de contrition” pou atire senpati. Nou konsyan, Fanmi Lavalas ak Prezidan Aristide gen reponsablite pa yo tou nan degringolad sitiyasyon 2004 yo. Mèzalò, se gerizon nasyon nou an n ap bouske. Kidonk, nou fè demach sila a ak senserite epi tout bon sans nou pou Ayiti, nan non zansèt yo.

Ak respè,

—-

—-



Ale sou lyen sila a https://www.change.org/p/padon-ayiti/ pou ou ajoute non ou epi ede lòt moun jwenn dokiman an.




Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *