Otè, atis pent, animatè radyo, konferansye ak militan pou lajistis ak lapè.
Jafrikayiti (Jean Saint-Vil) abite Ottawa-Gatineau, men li retounen an Ayiti detanzantan epi fè pye poudre nan plizyè peyi.
Etank atis pent, ekriven, konferansye, dizè, animatè radyo ak reyalizatè, li pwodui zèv tankou LAFIMEN, yon seri anrejistreman odyo ki tabli sou listwa pèp Ayisyen, ak Viv Bondye ! Aba Relijyon!, yon liv osijè espirityalite ak eksperyans Ayisyen fè ak relijyon Krisyanis lan.
Manm fondatè AKASAN ak Jaku Konbit, de òganizasyon ki kanpe sou prensip Marcus Garvey te popilarize tankou «tèt ansanm» ak «se mèt kò ki veye kò». Li se yon atis-militan, patizan yon mouvman anfavè lapè ak jistis sosyal toupatou sou latè, epi li kanpe djanm pou reparasyon ak restitisyon pèp Lafrik ak Amerik yo dwe jwenn.

Piblikasyon Viv Bondye ! Aba Relijyon !, yon liv sou espirityalite ak relijyon.
LAFIMEN, 4 CD sou listwa pèp Ayisyen: CD 1 (2003), CD 2 & 3 (2006), CD 4 (2010).
Atis envite nan mizik ak videyo «Ayibobo» ak Rara Soley.
Anime Bouyon-Rasin (CHUO 89.1 FM) ak Rendez-vous Haïtien (CKCU 93.1 FM), epi ekri an Kreyòl, Angle ak Franse.
Analis politik envite sou medya Kanadyen ak entènasyonal.