Dilè pa lidè, ni ayè, ni jodi, ni demen
February 22, 2026

Ayiti mwen damou an

AYITI MWEN DAMOU AN… (Temwanyaj #1 yon ti bis devan Katredal)

«Se vre sitiyasyon ekonomik lan pa bon. Se vre gen twòp fatra nan lari a. Se vre otorite yo pa fè lenesesè pou Ayisyen sikile sou wout ki rele wout, nan bon kondisyon. Men, se vre tou…

Ayiti se yon peyi ki bèl, paske li plen ak bon moun, bèl moun ki chaje ak kalite.

Apremedi a, mwen te nan yon ti bis ki fè wout Ayewopò, chofè a monte sou yon ekip feray devan Katedral, li pran pàn kawotchou. Tout pasaje desann epi yo rete tann pàn nan leve. Youn nan yo pa abandone malere a nan malè li pou yo ale pran lòt machin. Okontrè, genyen ki ede li leve pàn nan pi vit. Sa a tou se AYITI.

Se pa di y ap di m, se viv mwen fenk viv li la a. Mwen fout damou pèp Ayisyen nètalkole!!!!»

Temwanyaj 21 Jiyè 2012

Se moun ki fè peyi. Ayiti chaje ak bon moun ki ka fè yon bèl peyi.
«depi nan Ginen bon nèg ak nègès ap ede youn lòt»

***

AYITI MWEN DAMOU AN (Temwanyaj #2: yon kamyonèt sou granri)

Se pandan m ap fè ekzèsis sa a m ap tou rann mwen kont ki jan kamyonèt make lavi m depi m ti katkat.

Sou gran ri, yon enkoni ki te chita nan pwent ban yon ti kamyonèt fè yon jès rapid li lonji bra l, li rape bra yon ti gason ki ta pral tonbe sou tèt, paske chofè a te derape san li pa te wè m ki te apèn mete pye m sou ti mach lan.

Menm enkoni sa a konsole m, li kite wout li, li desann kamyonèt la ak mwen anba mòn Premye avni, li monte ak mwen jouk nou rive bò rezèvwa kote nou kwaze ak fanmi m ki ta pral chèche m lekòl.

Ayiti se yon peyi ki chaje bon moun ki ka bati yon bèl peyi!

Jafrikayiti, 12 Fevriye 2022
«depi nan Ginen bon nèg ak nègès ap ede youn lòt»

***

Tankou tyovi sa yo mwen te renmen kanpe sou mach kamyonèt, poutan mwen te manke mouri sou granri

***

AYITI MWEN DAMOU AN (Temwanyaj #3 – zile Lagonav gen plis pase bèl pye flanbwayan)

Si ou gen chans travèse sou zile Lagonav, siman bèl pye flanbwayan yo ka atire atansyon ou, menm jan ak bèlte lanmè a, sitou si ou vwayaje nan gwo bato ak mezi sekirite nòmal ki te vin obligatwa kèk ane apre katastwòf bato «fierté gonavienne» nan (1997), ki te kòz lanmò yon kantite frè ak sè nou sou menm lanmè sa a.

Men, anverite se pa ni flanbwayan, ni lanmè, ni bato ki fè mwen gen bon souvni zile Lagonav, yon kote mwen ale yon sèl fwa, nan mwa jiyè 2012.

Ojis, malgre potansyèl bote natirèl zile a, fo leta a pa janm mete bon enfrastrikti disponib pou moun sikile tankou moun sou zile a. Kidonk, se apre plizyè èd tan nan bounda yon kamyonèt, gran frè m Mozart, 2 tyovi yo ake m te rive nan Matènwa, apre n te fin debake sou zile a.

Lekòl Kominotè Matènwa (LKM) se yon lòt afè. La a, rive ou rive se bèl moun ki anvayi w. Bèl moun tankou Mèt Abner Sauveur ki se manm fondatè lekòl sa a ki sèvi pwen rasanbleman yon latriye moundebyen nan kominote a.

https://youtu.be/FBVCWnI_jHs (Abner Sauveur of LKM)

Nan LKM timoun yo se zanmi lasyans. Ak lang Kreyòl, sou òdinatè, yo jwe Matematik Koupdimonn.

Nan LKM, timoun yo gen lizay. San pèdi tan, Nouini ak Lanmoukaji te gen tan fè zanmi. Gen grandèt ki rale goyin y ap montre jenn apranti koupe bwa chapant. Bwa tankou bwa ki sèvi pou bati lekòl la ki gen fòm tou won pou ankouraje dyalòg. Nan lakou kote teren foutbòl la ye a, se pa jenn gason sèlman non ou ka wè k ap fè bèl mèvèy. Valencia, se te youn nan pi gran jwè zòn nan alepòk.

https://youtu.be/I3f11ukJ-0I (Valencia of Matènwa)

Gen anpil videyo sou Youtube ki bay yon lougal nan sa ou kapab wè nan Matènwa. Men, anverite, gen anpil bagay se viv pou ou viv yo, ak ni grandèt ni tyovi ki detèmine pou lavi yo vin bèl menm jan ak flanbwayan yo.

Ayiti chaje ak moun ki ka bati yon bèl peyi, yon bon peyi.

Jafrikayiti, 12 Fevriye 2022
«depi nan Ginen bon nèg ak nègès ap ede youn lòt»

***

Nan manif 6 Septanm 2017, kont “bidjè kriminèl”, bò katredal

***

AYITI MWEN DAMOU AN (Temwanyaj #4 – Bò Katredal gen anpil travayè onèt ki debwouya epi ki gen ladrès tankou Bòs Pepe)

Depi kèk tan, ekspresyon “bò katedral” la se yon fòmil komik pou di yon kichòy se yon move kopi, yon krizokal ki pa bon kalite. Si, menm jan avè m, ou deja achte nan men machann bò katredal ou ka reyalize ekspresyon sa a ka fè moun ri, men li pa toujou reflete reyalite. E, sètènman, li mechan anvè jenn gason ak jenn fanm k ap defann lavi yo onètman, granmesi talan yo, kouraj yo, konpetans yo epi opòtinite lavi a ofri yo, nan yon peyi kote anyen pa fasil.

Bò katredal se yon espas resiklaj, komès ak lodyans ki te ka pi byen òganize pou ni machann ni kliyan. Se bò katredal mwen achte plizyè liv ansyen m ta ka gen fikilte jwenn nan libreri. Kidonk se ra pou m rive nan peyi m, pou m pa fè yon kout pye sou galri ri Pave ak bò Katedral.

Men, alèkile, chak fwa m tande ekspresyon “bò katedral” la, lide m frape sou «Bòs Pepe», yon jenn teknisyen chaje ak talan, ki te vann mwen yon chajè batri ennvètè bò ri Pave ak Ri Du Centre. Ojis, baz «Bòs Pepe» pi pre Katedral Sent Trinite, Legliz Episkopal, pase Gran Katredal Katolik la, ki se pwen santral aktivite komès tout kalite, ikonpri pwodui elektwonik resikle.

Antouka, plizyè ane apre m te fin achte chajè batri ennvètè a nan men «Bòs Pepe», li te toujou travay san fikilte. Yon jou, pandan m tounen lakay mwen remake chajè a kòmanse bay ratman. Kidonk, mwen konpoze nimewo telefòn “Bòs Pepe” te ekri sou kote chajè a, depi jou mwen te achte l la. Non sèlman nimewo telefòn nan te bon, bòs la te sonje ki lès mwen ye epi, trapde, Bòs Pepe debake lakay la, li fè reparasyon ki te nesesè yo epi, li remete chajè a kanpe djanm.

San di pètèt, mwen reve yon jou ki pa twò lwen, Ayiti va genyen yon latriye inivèsite teknik k ap ede jeni tankou “Bòs Pepe” reyalize tout potansyèl yo.

Annatandan, mwen bese byen ba pou mwen salye tout travayè, frè ak sè nou yo k ap fè yon travay onèt “bò Katedral”, kit se pwodui pèpè y ap vann, kit se dlo kokoye osnon mayi boukannen y ap vann, kit se batri ennvètè y ap resikle, resisite, repare. Nou merite respè ak admirasyon, kontrèman ak fo enjenyè ki fè wout kwochi ak Kòb Petro Caribe a.

Edwidge Danticat di nou sa ki fè diferans ant li menm ki vin yon ekriven ki pibliye plizyè liv epi nenpòt lòt timoun ki fèt Bèlè menm jan ak li se “OPÒTINITE”.

Ayiti chaje bon moun ki bezwen yon opòtinite pou yo menm tou yo ede n bati yon bon peyi, yon bèl Ayiti ki dous pou tout Ayisyen.

Jafrikayiti, 15 fevriye 2022
«depi nan Ginen bon nèg ak nègès ap ede youn lòt»

***

Sanba Keb

***

AYITI MWEN DAMOU AN (Temwanyaj #5 – Ayiti chaje sanba ki viv sa y ap chante a)

Nan tout sosyete atis jwe yon wòl enpòtan. Talan yon sanba k ap chante, bat tanbou, graje gita, yon atis pent, yon eskiltè, yon aktè teyat, dizè kont, blag ak lodyans…se chay lajwa yo pote nan kè timoun ak granmoun, nan bon tankou nan move tan. Ayiti, pa manke pwodui gran atis nan tout kategori, fanm kou gason, depi dikdantan.

Nan fèy papye listwa, nou aprann larèn chantrès Euphemie Daguilh te akonpanye mizisyen ki envante dans Karabinye sou chan batay, pandan lame abolisyonis Lanperè Jean-Jacques Dessalines nan t ap vanse pou libere pati lès zile a.

Depi kèk tan, gen moun ki remake se pa tout atis ki ede sosyete nou an viv pi byen. Okontrè, genyen ki tèlman jwe yon wòl negatif, yo bay degoutans. Mwen te ekri yon atik sou sa nan okazyon eskonbrit ki t ap bouyi pandan ane 2019 la, otou youn nan vòlò ki pi voras nasyon nou an janm pwodui. Souple, tyeke atik lan: https://jafrikayiti.com/responsablite-atis-ayisyen-yo/

Jodi a, mwen pa pran tan ak espas sa a pou m vin pale osijè atis patatis, manfouben osnon opòtinis. Okontrè, mwen bese byen ba pou mwen salye tout atis Ayisyen ki jwe wòl pozitif nan sosyete a, patikilyèman sila yo, nou abitye rele “atis angaje yo”, ke m pito rele “atis ki konprann wòl yo” nan sosyete a. Mwen pap site non sila yo ki travèse deja yo…nou konnen yo, e yo anpil.

Kòm senp ekzanp pami tandòt mwen ta ka site pou sila ki vivan yo, m ap itilize yon eksperyans mwen te viv Pòtoprens nan mwa Septanm 2017, pou m chwazi yon gason epi yon fi kòm echantiyon paske, vivan yo tou kòmanse anpil.

Se te dezyèm fwa mwen te rankontre KEB (Bastien Kebert). Premye fwa m te kwaze ak misye li t ap graje gita revolisyon l nan vil Ottawa. Sa ki te fè kè m pi kontan toujou, lè mwen wè KEB Pòtoprens jou 6 Septanm 2017 la, se difèt li pa t ap ni chante, ni graje gita. Keb t ap pratike ideyal ki nan pwezi l yo sou beton an, bradsi bradsou ak fanm/ gason vanyan ki t ap ekzije yon salè nòmal pou fòs travay salarye yo. Se nan mitan manifestasyon sa a tou, 6 Septanm 2017 la, mwen te kwaze ak plizyè atis ekstraòdinè ki fòme Règleman Afè Popilè (RAP), pami yo larèn chantrès Vanessa Jeudi (souple tande analiz VJ nan videyo sa a… https://youtu.be/TEsG6WczBiI).

Demach ak refleksyon ekip jenn fanm ak jenn gason sa yo, ki chaje talan, ideyal epi kouraj se yon gwo sous enpirasyon ak motivasyon pou mwen.

Anpil fwa yo di se mank solidarite ki kokobe lit pèp Ayisyen an, jiskaprezan. E mwen dakò ak analiz sa a, daprèzavwa volim solidarite a poko monte wo ase pou li chavire chodyè rejim apated makiye ki kwaze pye l sou kou nasyon an depi 17 Oktòb 1806.

Nan kòmansman ane 1791, Ogé & Chavannes t ap maniganse soulèvman ti pati pa yo, ki t ap bouske privilèj pou Afranchi. Rapid vit yo fè bèk atè, blan malveyan pete fyèl yo. Kèk mwa apre, gwo rasanbleman 14-15 Out 1791 lan te montre klè kon dlo kòk : «se tèt ansanm ki solisyon pèp».

Kidonk, jodi jou, lè nou wè etidyan fakilte an Ayiti pran lari, bradsi bradsou ak travayè faktori, chomè ak malere tout kalte ki viktim represyon sosyo-politik nan katye popilè yo, sa vle di gen yon mas kritik «Afranchi modèn» ki kòmanse reyalize «se tèt ansanm ki solisyon pèp». Epi, se la menm, wè pa wè, solèy la gen pou li leve.

Ayiti pwodui anpil bon moun k ap bouske opòtinite pou yo ede n bati yon bon peyi, yon bèl Ayiti ki dous pou tout Ayisyen.

Jafrikayiti, 17 Fevriye 2022
«depi nan Ginen bon nèg ak nègès ap ede youn lòt»

***

MOUN SA YO!

Tout jan mwen gade yo, mwen fout damou “moun sa yo”.

M damou yo pou…

kouraj yo

entèlijans yo

djougans yo

gangans yo

Konn viv yo

Vle viv yo…

Ki sa pou yon moun pa renmen nan moun sa yo?

Moun sa yo se mwen, se ou, se nou!

Sou bato Lagonav ak Mis Nouini Akwe (2012)

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *