AYITI-ODAWA
November 18, 2012
Christianity – Whose business is it nowadays?
January 16, 2016

…MOUN OSNON BONDYE – Ki Makdwèt Nou Wè Nan Bib la?

Lanmò Jida

(Omwen youn nan de vèsyon yo se manti – toulede alafwa pa kab verite!)

Nan chapit 27, vèsè 5, liv ki pote non Matye a rakonte kijan “Jida jete pyès lajan yo nan tanp lan, li sòti, li ale pann tèt li”. Tandiske nou li nan liv Travay, chapit 1 vèsè 18Avèk lajan yo te ba li pou krim lan, Jida achte yon moso tè. Se la li tonbe sou tèt, vant li pete, tout zantray li gaye sot deyò. Se bagay tout moun nan Jerizalèm konnen byen…”.

Antouka, sanble otè ki ekri liv ki pote non Matye a pat okouran, sinon li ta evite kontradiksyon anbarasan sa a!

Konfizyon osijè kisa “temwen” yo te wè osnon tande nan moman konvèsyon Pòl?

Nan liv Travay chapit 9 vèsè 7 nou aprann osijè temwen konvèsyon Pòl yo “moun ki te ap vwayaje ak Sòl yo te rete san di yon mo: yo te tande vwa a byen klè, men yo pat wè pèsonn”. Poutan, konsènan menm evènman sa a, nou li temwayaj Pòl nan menm liv Travay la, chapit 22 vèsè 9“moun ki te la avèk mwen yo te wè limyè a tou, men yo pat tande vwa ki tap pale avèk mwen an”. Se kisa ki kisa ojis? Yo te tande (chapit 9 vèsè 7) osnon yo pat tande (chapit 22 vèsè 9)?

*

2. Èske gen tèks nan Bib la ki ale alankont karaktè yon Bondye ki bon, ki jis?

Èske menm Bondye ki pase lòd pingga vòlè, pingga touye elatriye…(alewè 10 kòmandman yo nan Ekzòd 20) kapab ede moun vòlè, fè kadejak, touye lòt moun osnon fè yo tounen esklav?

Daprè Bib la, se ekzakteman sa ki te rive apre pèp Izrayèl la pati kite patiraj yo. (alewè: Detewonòm 7 vèsè 1 ak 2 “Seyè a, Bondye nou an, pral fè nou antre nan peyi nou pral pran pou nou an. Li pral fè sèt nasyon ki gen plis moun pase nou, ki pi fò pase nou, kouri met deyò devan nou, ki vle di moun Et yo, moun Gigach yo, moun Amori yo…).

Nan, Resansman chapit 31, “Bondye” ta swadizan dakò ak lòd Moyiz bay nan vèsè 17 epi 18 pou sòlda Izrayèl yo maspinen tilezanj ak fanm yo poze lapat sou yo pandan lagè: “Se pou nou touye tout pitit gason yo. Se pou nou touye tout fanm ki kouche ak gason deja. Men nou va sove lavi tout jenn fanm ki poko janm kouche ak gason. Nou va pran yo pou nou…”

Nan Liv ki pote non Samyèl la, chapit 15 vèsè 3, “pwofèt la” bay Wa Sayil kòmandman “Bondye” voye pou li: “Kounye a leve al atake moun Amalèk yo. Ou va pran tout sa ki pou yo, ou va ofri yo bay seyè a. Ou pap gen pitye pou pèsonn lakay yo: Nou va touye fanm kou gason, timoun ak tibebe nan tete, ata bèf, mouton, chamo ak bourik…”

Nan Bib la, gen plizyè pasaj rasis ki ankouraje lesklavaj

Alewè: Ebre 11 v 33 “Ak konfyans yo te gen nan Bondye, yo te goumen, yo pran peyi lòt moun nan men yo…” ; Levitik 25 v 42 “….Yo pa gen dwa vann nou pou fè esklav lòt moun. Pingga nou aji mal ak moun pèp Izrayèl parèy nou yo” v 44 ak 45 “Lè nou va bezwen gason osinon fi pou sèvi esklav lakay nou, nou ka achte yo nan pami moun lòt nasyon ki ap viv lòt bò fwontyè peyi nou an. Nou ka achte pitit moun lòt nasyon ki ap viv nan mitan nou tou. Konsa tou, lè yo rete lakay nou, si yo fè pitit sou tè ki pou nou, pitit yo va pou nou tou. Nou va kite yo tankou byen pou pitit nou yo. Yo va sèvi nou jouk yo mouri…”

Konsa tou, gen yon patipri pou gason ki tèlman klè nan Bib la, li difisil anpil pou yon moun pa remake se yon makòn gason seksis ki fè konpilasyon tèks yo.

Men de grenn ekzanp pami yon dividal ki nan tout kò Bib la: (La a se apot Pòl k ap pale) “Tankou sa fèt nan tout legliz pèp Bondye a, fanm pa fèt pou pale nan asanble yo. Yo pa ba yo dwa sa a. Jan nou jwenn sa ekri nan lalwa Bondye a: se pou yo soumèt yo. Si yo bezwen mande kichòy, yo va mande mari yo lè yo lakay yo. Non. Sa pa fèt pou fanm yo pale nan asanble a” (1Korent chapit 14 vèsè 33-35) “ Kris la se chèf tout gason, gason se chèf fanm. Bondye se chèf Kris la…si se yon wont pou yon fanm koupe cheve li osinon pou li kale tèt li, se pou li kouvri tèt li tou. Gason an pa bezwen kouvri tèt li, paske se pòtre Bondye li ye. Tankou nan yon glas li fè wè pouvwa Bondye a. Men, fanm nan menm se pouvwa gason an li fè wè. Paske se pat avèk moso nan kò yon fanm Bondye te kreye gason, se avèk moso nan kò yon gason li te fè fanm. Se pa pou fanm nan Bondye te kreye gason an, men se pou gason an Bondye te kreye fanm nan. Se poutèt sa, akòz zanj Bondye yo, fanm nan dwe pote yon mak sou tèt li pou montre li soumèt anba otorite mari li…” (1 Korent chapit 11 vèsè 3, 6-10).

Toutsa, san konte yon dividal kòmantè, jijman, kòmandman seksis nou jwenn ni nan Ansyen Kontra, ni nan Nouvo Kontra – tout alawonnbadè se makdwèt moun, sitou makdwèt gason blan Juif-Ewopeyen.

*

Sous: “Viv Bondye! Aba Relijyon!”, paj 49 – liv sa a disponib sou entènèt la, nan adrès sila a:

Viv Bondye! Aba Relijyon!

1 Comment

  1. Frantz-ky Zamy says:

    bonjou Jean ,mwen rele Frantz-ky Zamy, mwen ta renmen achte liv ou a , mwen abite winter haven florida tou pre vil orlando. kouman pou’m fe sa. E-mail mwen se frantzky20@yahoo.com.Mesi.