AYITI-ODAWA
November 18, 2012
Christianity – Whose business is it nowadays?
January 16, 2016

… JEZI PAT KRETYEN!

Kijan relijyon Krisyanis la fòme?
Kakaje pa linèt. Men, sa ou pa konnen pi gran pase ou.
*
Kontrèman ak relijyon Krisyanis, plizyè lòt relijyon sou latè (tankou Vodoun) pa genyen ankenn dokiman ekri yo prezante kòm pawòl Bondye. Souvan, se yon diferans Kretyen idantifye kòm prèv siperyorite Krisyanis la sou lòt relijyon ki pa gen ekriti “enspire” tankou Bib la.
*
Nan seksyon sa a nou ap fè yon rale sou pakou istorik relijyon Krisyanis la apati evènman ki anrejistre, ni nan Bib la ni nan lòt dokiman listwa limanite ki disponib nan bibliyotèk. Nou ap fè yon rale espesyal sou preparasyon epi piblikasyon Bib la kòm dokiman (nou kab manyen) Kretyen yo konsidere kòm pawòl Bondye.
*
Ki orijin relijyon Krisyanis la?
*
Relijyon Krisyanis la parèt sou latè sa gen apeprè 2000 ane nan epòk kote teritwa Lapalestin te sou dominasyon lame Women. Krisyanis la kòmanse sou fòm yon mouvman chanjman anndan sosyete Juif la.
*
Pèsonaj santral relijyon Krisyanis la se yon jenn gason pitit peyizan Juif yo te rele Jezi. Men, tankou nou pral wè sa pi devan, se pa Jezi ki te batize relijyon an “Krisyanis”; Ni non plis, Jezi nan vivan li, pat rele Jezi-kris. Nou pral detaye pou ou sa nou jwenn nan dokiman istorik ki montre kilès, kibò, nan ki epòk relijyon an batize epi nan ki kondisyon Kretyen yo vin tabli prensip fondalnatal relijyon an epi epapiye li, premyèman nan peyi ki nan zanviwon Palestin yo, anndan Wayòm Wòm, epi finalman, pou li rive jouk byen lwen lòt bò lantouraj sou kontinan Lafrik, lòt bò dlo nan patiraj Lewòp, Lazi, Lamerik epi Loseyani.
*

Sous: “Viv Bondye! Aba Relijyon!”, paj 49 – liv sa a disponib sou entènèt la, nan adrès sila a:

1 Comment

  1. Frantz-ky Zamy says:

    bonjou Jean ,mwen rele Frantz-ky Zamy, mwen ta renmen achte liv ou a , mwen abite winter haven florida tou pre vil orlando. kouman pou’m fe sa. E-mail mwen se frantzky20@yahoo.com.Mesi.