Tag: MARTELLY
-

25 & 26 Jiyè se Jou Fidelite: Manman m, Papa Dessalines & Kiba
25 JIYÈ SE FÈT ANPERÈ JACQUES PREMYE – VIV PAPA DESSALINES! Dessalines, se ou ki ban n solèy Ki ban n lalin Ou ki ban n sè, frè n Manman, papa n, pitit nou(Felix Morisseau-Leroy, Mèsi Papa Dessalines!, Djakout, 1953) Se sou non Jacques Premye, Dessalines resevwa tit Anperè, 8 Oktòb 1804. Atik 27, Dispozisyon…
-

Yo malveyan vre men moundebyen pap bay legen
« Blan Malveyan Entènasyonal se alye natirèl malfèktè lokal tout koulè – Konsa tou, moundebyen tout plimay se bon jan alye Pèp Ayisyen an ». Konpatriyòt onè! Jodi a, Dimanch 25 Janvye 2026, mwen bese byen ba pou nou salye tout manman ak papa k ap brase, chak jou ki jou, an Ayiti tankou aletranje,…
-

Richard Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti
Ou pa fouti pa abitye tande mizik li konpoze ak gwoup RAM, depi plis pase 3 deseni. Siman ou okouran, kèk mwa pase, malfèktè tèwòris Viv Nan San yo boule eritaj istorik li, Otèl Oloffson, rapyetè. Siman ou konnen Richard Auguste Morse abitye pran pozisyon politik klè, kontwovèse, kontradiktwa nan moman pèp Ayisyen an ap…
-

2025 se ane restitisyon ak reparasyon pou tout pitit Ayiti toupatou
Konpatriyòt onè! Nou wete chapo pou salye memwa Patrice Lumumba ki tonbe anba grif blan malveyan yo nan peyi Kongo yon jou 17 Janvye 1961. Kòmalòdinè, nou pral rale retwovizè listwa pou nou etidye bon jan tras zansèt nou yo kite pou ede nou konbat gang Kò Gwoup an fanmi e alye k ap fè dlo koule nan je…