Category: Kreyòl
-

André Apaid vs Jean Erich René – Out 2003
Pandan blan malveyan yo t ap mobilize konze tout kalite (ak kravat, vrè diplòm, fo diplòm, kalachnikov, uzi…) pou ede l reyalize krim koudeta bisantnè a, detanzantan, chirepit te pete nan kan dyab la. Se konsa, sou fowòm OPL tout je te ka konstate ki jan André Saliba (Andy Apaid, ainsi connu) ki te majòjon…
-

Depi nan Ginen…
Daprè sa mwen tande, anpil mesaj rasis ap sikile sou rezo entènèt Ayisyen yo kote y ap mande fanm peyi a pou yo refize relasyon seksyèl ak mèsenè Afriken yo sou baz pitit yo riske “lèd”. Natirèlman, se ak tristès melanje ak kòlè mwen aprann sa. Men, alaverite, mwen pa sezi. Puiske, depi plizyè jenerasyon…
-

Orijin Fèt Drapo Ayiti Osnon Drapo Bigiokistan?
Daprè enfòmasyon ki pran lari semèn sa a, apati Samdi 18 Me 2024 yon premye gwoup mèsenè po nwa riske debake Ayiti. Ofisyèlman, y ap vin “ede Ayiti” konbat “gang kidnapè” sou baz Rezolisyon 2699 Konsèy Sekirite Nasyonzini adopte nan mwa Oktòb 2023. Se rezolisyon sila a ki otorize yon bagay yo batize Mission multinationale…
