AYITI-ODAWA
November 18, 2012
Christianity – Whose business is it nowadays?
January 16, 2016

Ayisyen sè m, frè m,

Mwen envite ou vin braselide ak mwen sou yon seri kesyon ki konsène relasyon nou ak divès relijyon.

Lè nou te timoun nou te reflechi epi aji tankou timoun. Alèkile, nou granmoun, kisa ki ka anpeche nou reflechi epi aji an granmoun?

Se jisteman nan vizyon pou youn ede lòt afime, selebre, pwofite, kore, epi solidifye “dwa granmoun” nou sou pwòp tèt nou, mwen sipliye ou vin pote kole ak mwen nan konbit braselide sa a.

Chak 24 desanm, anpil timoun rete tann kado “Tonton Nwèl”, toupatou sou latè. Mwenmenm, mwen di li ta pi pridan, nan epòk n ap viv la a, si depi byen bonè nan lavi li, chak Nèg osnon Nègès (pitit Lafrik Ginen) aprann konprann se limenm menm e limenm sèl ki genyen responsablite bay tèt li tout kado kè kontan, tout richès, tout bèlte ki ekziste, pandan li vivan sou tè sa a.

Se vre, nan matris relijyon Krisyanis lan, kote tradisyon Tonton Nwèl la soti a, yo di se lanmou, pataj ak fratènite ki gen lavwa-o-chapit chak 25 desanm. Poutan, sa pa ta pran anpil efò pou yon moun lisid remake gwo diferans ki genyen ant linèt epi kakaje.

Wi, lanmou ekziste vre sou latè! Wi, pataj ak fratènite ekziste tou. Men, se pa ni yon sèl jou nan ane a, ni nan yon sèl tradisyon ak kilti, alevwa yon relijyon, valè pozitif sa yo ekziste. Okontrè!

Jisteman, se akòz pretansyon monopòl “valè moral ak etik” patizan relijyon Krisyanis lan kontinye ap ba li, espesyalman nan mitan pèp Ayisyen an,  mwen envite ou vin gade ak “je granmoun” ou kisa Krisyanis lan ye tout bon vre, lè nou pran kouraj nou, nou mete li anba loup listwa ak pwojektè reyalite pèp Ayisyen an.

Annatandan nou rantre nan nannan koze a, m ap envite ou fè yon lèy detanzantan sou liv sa a “Viv Bondye! Aba Relijyon!” ki disponib sou entènèt la, nan adrès sila a:

Viv Bondye! Aba Relijyon!

Jafrikayiti

“Depi nan Ginen, bon Nèg ap ede Nèg!”

1 Comment

  1. Frantz-ky Zamy says:

    bonjou Jean ,mwen rele Frantz-ky Zamy, mwen ta renmen achte liv ou a , mwen abite winter haven florida tou pre vil orlando. kouman pou’m fe sa. E-mail mwen se frantzky20@yahoo.com.Mesi.