Pou Ayiti chanpyon, sispann jwe ak bagay serye, arete epi pini malfèktè tout koulè!

Krim Gwo Trayizon Ekzije Gwo Pinisyon
November 10, 2022
Fout tout bandi Kò Gwoup deyò nan zafè Ayiti, atoujamè!
January 1, 2023

Jodi a, Dimanch 18 Desanm 2022, pandan tout je brake sou final Koupdimond Foutbòl nan peyi Kata, mwen genyen yon panse espesyal pou atlèt Ayisyen, Grenadye ak Grenadyè nou yo, ki kontinye ap fè mèvèy onivo pèfòmans pwofesyonèl yo. Nou di ochan espesyalman pou Nérilia Mondésir ki fenk jwe 100tyèm match li nan premye divizyon Arkema ak ekip Montpellier HSC, nan peyi Lafrans, kote Nérigòl fèmen sezon 2022 a klase 2zyèm jwè ki fè plis gòl. Bò kote pa li, Melchie Corventina Dumornay ap fè tèt anpil moun vire nan ekip Stade de Reims, kote li resevwa òf kontra nan men plizyè lòt klib foutbòl pwofesyonèl ki ta renmen li vini jwe pou yo. Chapo ba medam! Nou fè lonè Ayiti! 

Nou espere, granmesi gouvènman Sali Piblik la, anvan lontan, Pèp Ayisyen an va reyisi rekipere kòb Petro Caribe a nan men Petwovòlè Olivier Martelly, Laurent Lamothe ak asosye yo pou nou bati bon jan stad reglemantè kote Grenadye ak Grenadyè nou yo va jwe match adomisil yo, kèpòpòz, san riske diyite yo ak vi yo, kay move vwazen Dominiken. 

Konpatriyòt, kòmalòdinè, nou pral rale retwovizè listwa pou nou etidye bon jan tras zansèt nou yo kite pou ede nou konbat gang Kò Gwoup an fanmi e alye k ap fè dlo koule nan je nèg ak nègès, depi dikdantan. 

N ap fè yon premye kanpe kamyonèt listwa nou nan kafou eleksyon 16 Desanm 1990. Sila yo ki te gen tan gran timoun alepòk kapab sonje ki jan se jis byen ta nan ane a eleksyon sa a te vin enterese Pèp Ayisyen an tout bon vre. Jou sou jou t ap pase, pèsonn pa t vle fè kat elektoral. 

Leslie François Manigat ki te an ekzil, rantre Ayiti vin poze kandidati li, nad marinad!  

FNCD chwazi Victor Benoit kòm kandida pou Prezidan, pèp Ayisyen pa brennen! 

Se lè FNCD deklare li gen yon kandida tou nèf ki rele pè Jean-Bertrand Aristide bagay yo resi pran yon lòt dimansyon. 

Apati 18 Oktòb 1990 te koumanse genyen yon mache prese pou fè kat elektoral nan peyi a. Bò kote pa li, kandida blan Meriken ak boujwazi a, Marc Louis Bazin, deklare: wè pa wè, li deja Prezidan paske, nan mitan tout kandida yo, se li menm ki kandida «de la raison». 

16 Desanm 90: Verite sou tanbou. Pèp Ayisyen pran lari, li sèmante fwa sa a, se li menm k ap deside. Se pa lame d Ayiti, ni boujwazi, ni Washington, ni Vatikan. Se li menm, ak bout dwèt li, ki pral vote pou deside ki lès li fè konfyans pou mennen Ayiti sou chimen lavi miyò, chimen chanjman k ap bon tout bon an, ni pou jodi, ni pou demen.

Jounalis te lib e libè pou yo rantre ak kamera nan biwo vòt yo, vin verifye dekiprevyen de ki mannigans. Se konsa, yo te rive obsève fanm ak gason k ap konte vòt chak kandida. Anvan lontan tout bagay te klè pou zannana kou sizàn. Nan tout lari a, sete yon sèl chante: «Kominike! Kominike! Titid Prezidan!»

Rapid vit, Prezidan eli a, Jean-Bertrand Aristide, eseye kalme enkyetid sektè retwograd yo. Li deklare li pare pou li resevwa envestisman etranje de bra louvri. Anbasadè Meriken Alvin P. Adams reponn : «Apre dans tanbou lou!». 

24 Desanm 1990 : lavèy Nwèl, Roger Lafontant fè pwòp deklarasyon pa li. Ansyen chèf Tonton Makout la deklare : vyèy timen li, «Atila pa p travèse baryè palè nasyonal»!

1 Janvye 1991 Evèk Legliz Katolik Women, Monseyè Francois Wolf Ligonde fè yon diskou piman bouk kote li denonse «yon rejim politik otoritè» li sispèk k ap ranje kò l pou li vin chita sou lestomak pèp Ayisyen an. Monseyè Ligonde di : «èske Ayiti kapab pèmèt li adopte yon vye sistèm bòlchevik sosyal peyi Lewòp de lès yo fin rejte?».

Natirèlman, tout deklarasyon demeplè sa yo te mete Prezidan eli a sou pinga li. Men, se evènman ki ta pral rive nan nuit 6-7 Janvye 1991 yo ki te kase kè tout Ayisyen alawonnbadè.

6-7 Janvye 1991 : 2 zè dimaten, tenèb ap bat sou tout katye popilè yo – sa vle di, jenn gason ap frape wòch sou fè poto elektrik pou yo reveye brigad vijilans. 

Ki sa ki genyen? Jan ou tande a! Roger Lafontant bay Prezidan pwovizwa Ertha Pascal Trouillot koudeta, yon mwa anvan envestiti Prezidan eli Jean-Bertrand Aristide. 

Mezanmi, se pa di yo vin di m, mwen te la. Fòk ou ta wè sa. Soti anwo tèt Mòn Lopital, desann mòn Karidad, Premye Avni, Mòn Nelyo, Lali… Pèp souvren te pran lari ak bout bwa, wòch, retay fè. Trapde, yo sentre Palè Nasyonal. Li pot ko 9 vè di maten lame oblije poze men nan pat kasav chèf Tonton Makout la, Roger Lafontant. Prezidan Titid pale nan radyo ak televisyon, kidonk : koudeta kaba. 

Mèzalò, jou sa a, Ayiti sibi anpil dega. Pami pèt nou fè, Ansyen Katedral vil Pòtoprens, yon moniman istorik 18tyèm syèk, te boule ra pye tè. 

Obsèvatè avize sonje ki jan, 31 Janvye 1991, nan jounal New-York Times, biznismann patriyòt konsekan Antoine Izmery te deklare ansyen Prezidan Meriken Jimmy Carter te azade li vin fè presyon sou Pè Jean-Bertrand Aristide pou li ta deklare fòfè anvan yo te anonse rezilta eleksyon 16 Desanm 1990 yo. Nan menm atik sa a, defen Antoine Izmery deklare se Bourik Chaje, kidonk Anbasadè Meriken Alvin P. Adams, ki te soutni tantativ koudeta Roger Lafontant fè 6 Janvye 1991 lan. 

Alaverite, pou mas popilè yo, se yon fèt jamè dodo ki te dekrete nan 9 depatman Ayiti ak nan tout dyaspora a. Vil Pòtoprens te tankou yon jenn fiyanse ki t ap fè lenesesè pou l al taye banda kòmsadwa jou maryaj li. Alòs, nan chak kafou, komite katye te ajinse, y ap bale wouze, pentire miray kay, paske 7 fevriye prèske rive.

Pandan majorite pèp la t ap travay ak kè kontan konsa, oligachi tradisyonèl la te gen gwo tèt fè mal paske li santi, fwa saa, tout bon vre, pouvwa li menase. Pami sektè ki pa t jwenn anyen pou yo selebre nan kòmansman ane 1991 lan, nou ka site : Anbasad Etazini, Yerachi Legliz Katolik la, komèsan bòdmè yo, aristokrasi neyo-kolonyal la ak anpil wo grade nan lame ki fòme yon ti klik jwisè k ap mennen bak peyi a, jan nou konnen m konnen an, depi ane 1806. 

***

Konpatriyòt, annou kite ti bourik listwa nou bwè ti tak dlo larivyè pou yon kadè, pandan kounye a, nou pral founi je gade yon gwo aktyalite ki tonbe nan mwa Desanm 2022 a.

Bri kouri, nouvèl gaye! Tèt plizyè gwo bandi anwo Mòn Kalvè ak Florida cho k on vè lanp! Dekiprevyen?

Vwalatilpa, nan kad operasyon y ap mennen pou chame Pèp Ayisyen an, blan malveyan entènasyonal yo ap rapousuiv yon seri sanksyon yo anonse kont divès bawon rejim PHTK a ki nan konfyolo ak gang kidnapè an Ayiti, depi dikdantan. Se konsa, nan yon kominike ofisyèl li pibliye 5 Desanm ki sot pase a, Minis Afè Etranjè Kanada, Manzè Mélanie Joly, lonji dwèt sou twa gwo lawon dwat : Sherif Abdallah, Gilbert Bigio ak Reynold Deeb, ki swadizan pral sibi sanksyon peyi Kanada.

Ki lès 3 gwo bandi sa yo ye, ojis?

Sherif Abdallah se konsil onorè Itali an Ayiti epi Prezidan konpayi Assurance Léger. Daprè rechèch jounal Ayibopost konsila a nan menm espas ak biznis lan. Abdallah fè biznis tou ak fanmi Boulos, epi li te manm konsèy administrasyon Sogebank.

Vwalatilpa, de (2) jou apre Kominike Gouvènman Kanadyen an, Sogebank anonse Sherif Abdallah remèt demisyon li kòm dezyèm vis-prezidan bank sa a. Kidonk, èske sa vle di: lè ou blan, jwif osnon arab yo bare ou nan gang kidnapè, asasen, vòlè… pinisyon ou se demisyon nan Konsèy Sogebank, epi kite sa la pou l pa fè zen? E fanmi viktim yo yo menm, yo pa merite jistis? 

N ap raple ou, daprè plizyè temwanyaj, ikonpri rapò Centre d’analyse et de recherche en droits de l’homme (CARDH), nan kad manifestasyon kont pouvwa PHTK a, yon ensidan grav te rive ak Sherif Abdalah 12 Janvye 2019 nan konsila Itali kote kèk manifestan te rantre, yo jwenn plizyè fizi 12 ak Galil. Te gen yon machin mòg ki te vle vini, manifestan yo pat dakò. Manifestan ki te deyò yo di gen moun anndan an, yo pat janm jwenn yo. Vè dezè di maten, yon pikòp te kite konsila a ak dèyè l kouvri.  

Sherif Abdallah fèt ann Ejip. Li grandi nan peyi Liban. Li antre Ayiti nan ane 1970 yo. Pandan l konsil onorè Itali an Ayiti, li marye ak pitit fi konsil onorè peyi Pewou, ki rele Dimitri Léger. Se pou sa, tou de konsila yo nan menm espas ak Assurances Léger. 

Sherif Abdallah te finanse kanpay Jovenel Moise. Se li menm ki te konn lwe Palè Nasyonal elikoptè atravè konpayi l ki rele HELICO S.A. Leta bandi PHTK yo te konn peye Abdallah 1600 dola vèt pou chak inèd tan. 

Abdallah se manm konsèy konsiltatif Fondasyon Laurent Lamothe, yon lòt gwo lawon dwat PHTK ki, li menm tou, aktyèlman nan cho ak otorite Gouvènman peyi Kanada. 

Pami 3 gwo lawon dwat Kanada di l ap sanksyone yo, nou jwenn Reynold Deeb, youn nan pi gwo enpòtatè pwodui nan peyi a. Reynold Deeb fè biznis ak Eddy epi Ivonne Deeb. Youn nan asosye li se Gérald Bourguignon k ap dirije DEKA S. A. Eddy Deeb se vis prezidan Banque de l’Union Haïtienne (BUH). Se li menm ki direktè jeneral IMODEKA S.A.

Fanmi Deeb ki soti nan peyi Liban ap vann pwodui Bongú, Actimed, Nutrigu, Bonlè, Tempo, Lavaggi, epi Cameo an Ayiti. Apre sa, yo nan komès moto, pyès moto, kawotchou, pòslèn ak anpil lòt pwodui.

Daprè repòtaj platfòm Pou Listwa ak Laverite ki feraye sou rezo Twitter, “tout gwoup ki patisipe nan kanaval Pòdepè ki fèt nan ane 2021 an te jwenn lajan nan men BONGÚ. Pouvwa Tèt kale a te bay Reynold Deeb kontwòl dwàn peyi a. Lè yon pouvwa chwazi bay pi gwo enpòtatè nan peyi a kontwòl ladwàn, se senyen li senyen ekonomi an”.

Konpatriyòt, anvan nou mete loup jouda nou sou twazyèm gwo lawon dwat yo rele Gilbert Bigio a, souple, annou remonte ti bourik listwa a yon dezyèm fwa, nan ane 1991.

***

7 Fevriye 1991 : Prezidan Jean-Bertrand Aristide prete sèman nan Palè Lesjislatif. Yon bò nou jwenn reprezantan oligachi tradisyonèl la ansanm ak nouvo eli yo ki anndan palè a ap pale anpil Franse nan seremoni ofisyèl pasasyon pouvwa. Epi, yon lòt bò, nou tande bri Pèp Ayisyen an ki nan lari a ap veye mayi li ki sou glasi. Kontradiksyon istorik sa a lakòz vwa Prezidan an te prèske neye nèt pandan prestasyon sèman an. 

Se yon fanm peyizan ki pase echap prezidansyèl la nan kou sitwayen ki vin Prezidan Jean-Bertrand Aristide (gade videyo a). Yon jès senbolik ki te vle di : Ayiti kase yon kokenn chenn koub istorik. 

Rapid vit, Prezidan Aristide fè 2 rankont enpòtan nan Palè Nasyonal ki ta pral konfime sou ki bit pouvwa Lavalas la kanpe. Premyèman, li resevwa yon delegasyon Ayisyen k ap viv aletranje epi, dezyèmman, li resevwa plizyè santèn pòv nan lakou palè nasyonal la. Li pwofite rankont istorik sa yo pou li esplike entansyon li pou leta Ayisyen tounen yon sous pouvwa k ap sèvi olye li se yon sous pouvwa pou kraze zo pèp la. Se konsa, li menm, alatèt ekip gouvènmantal la, te mache distribye soup bay plizyè santèn pòv ki te reyini nan lakou palè nasyonal la. 

An verite, tèt chaje oligachi tradisyonèl la te fenk tanmen. Kèk pami yo t ap espere Prezidan Aristide pral bay Marc Bazin djòb premye minis – pou balanse bagay yo on ti kras an favè boujwazi tradisyonèl la. Vwalatilpa, Prezidan Aristide chwazi kòm Premye Minis yon ansyen militan, bon zanmi li, Agwonòm Réné Garcia Préval. Desizyon sa a te fè chalè monte nan tèt ni blan malveyan lokal ni nèg ak nègès ki te gen tanta sou pòs Premye Minis lan. Alepòk, Evans Paul (KPlim) te Majistra vil Pòtoprens. Ni KPlim, ni Victor Benoit, ni Gérard Pierre Charles, ni Jean-Claude Bajeux ak plizyè lèzòt te konsidere se yo menm menm ki pi kalifye pou pozisyon sa a. 

Annatandan, gouvènman tou nèf lan te kòmanse travay ak zong li. Lafrans te kanpe an mòd chen mechan, Etazini menm se bliye sa. Kòm nèg ak nègès nan dyaspora a te koumanse debake Pòtoprens pa pil e pa pakèt, ti kras pa ti kras, dola te koumanse rantre nan peyi a. Kidonk, dezoutwa ti biznis t ap boujonnen. 

25 Septanm 1991 : Pòtoprens t ap vibre pandan radyo t ap retransmèt an dirèk diskou Prezidan Aristide nan Nasyonzini. Se yon akèy wotpòte 300 mil Ayisyen ki te fè deplasman an nan dyaspora a te rezève pou Prezidan Aristide jou sa a.

Vandredi 27 Septanm 1991 : Nan yon atmosfè selebrasyon, plizyè milye Ayisyen pote kole ak Premye Minis Préval pou nou akeyi Prezidan Aristide Ayewopò Pòtoprens. 

Nou kite Vandredi, nou pase Samdi 28 Septanm epi nan nuit Dimanch 29 Septanm pou rive 30 Septanm se brigad vijilans ki vin reveye pèp Pòtoprens ak yon nouvèl kè kase.

Oprimabò, radyo anonse se yon ti chirepit deryenditou ki pete ant sòlda Lame d Ayiti. Men, granm maten Lendi 30 Septanm koudeta a te gen tan klè. 

Lame sanginè a te pran leson sou tantativ koudeta Roger Lafontant te fè 6 Janvye 1991 lan. Fwa sa a, popilasyon ki te sòti pou ede gouvènman Lavalas la pare koudeta a te mouri pa pil e pa pakèt. 

Apre anpil pale yo fè antre yo epi ak blan malveyan ki rele tèt yo “Kominote Entènasyonal” la, poutchis yo deside ekzile prezidan Aristide. Li te 10zè edmi nan aswè, lè yo mennen Prezidan Aristide ayewopò. 

Frè nou, Sanba Jamayiken Bob Marley fredone yon kouplè enpòtan nan yon chante revolisyonè ki rele  « I shot the sherrif »  – (Wi, se mwen menm ki tire Cherif la). Bob Marley di : «chak fwa mwen plante yon bon semans, ou di dechouke li, anvan li pouse».  Se sa menm ki reyalite konba pèp Ayisyen an. Se sa menm ki reyalite konba nèg ak nègès nan peyi Etazini epi toupatou sou latè. 

Nan yon nòt pou laprès, Komite Ekzekitif Pati Fanmi Lavalas pibliye nan okazyon 32 zyèm anivèsè eleksyon 16 Desanm 1990 yo, nou li:

«Dat 16 Desanm 1990 sa, gen anpil enpòtans pou nou menm pèp Ayisyen. Viktwa istorik sa a se yon gwo sous limyè pou klere chimen delivrans la paske sistèm peze souse a se yon kansè ki gaye nan tout kò sosyete a»

«Verite a klè: Pandan 7 mwa aprè viktwa 16 Desanm 1990 la, chanjman an te kòmanse parèt aklè. Verite a klè: Se pou anpeche chanjman an menm ke kriminèl yo te fè koudeta kont Gouvènman Lavalas la» 

«Verite a klè: Si pat gen koudeta, jodia anpil nan bèl rèv Pèp Ayisyen an tap deja reyalize. Ak jistis, transparans, patisipasyon, tap gen manje pou tout moun, kay pou tout moun, lekòl pou tout moun, sante pou tout moun»

«32 lane aprè viktwa 16 Desanm 1990 la, nou tout konstate kijan fòs antidemokratik yo echwe. Yo echwe paske peyi a tounen yon lanfè sou latè…»

«Toupatou se kidnaping, ensekirite, mizè, grangou, lavichè, koripsyon, krim ekonomik, krim politik nan yon lanfè ki pote non peyi…»

***

Avan nou rapousuiv ak Nòt pou Laprès Fanmi Lavalas la, n ap fè ou konnen, Mèkredi 14 Desanm 2022 ki sot pase a, nan yon fowòm sou dwa moun, kriz sekiritè ak politik, (OCNH), CPD ak Wo Komisarya Nasyonzini Dwa Moun fè konnen se plis pase 1448 zak sasinay, 1145 lòt moun ki blese anba bal bandi, soti Janvye rive Oktòb 2022. Bandi yo kidnape plis pase 1005 moun nan menm peryòd la. 

Fanmi Lavalas di:

«Pou n soti nan flanm dife sa a, se menm wout 16 Desanm (1990) nan pou n reprann, kidonk wout ki mennen dirèk dirèk nan sekirite pou tout moun». Yo rapousuiv… 

«Tranzisyon Pèp Ayisyen an vle a se yon tranzisyon koupe fache ak sistèm koripsyon sa a pou chodyè mizè a sispann bouyi yon sèl bò. Ayiti se pou Ayisyen. Ayisyen ka sove Ayiti» ~ Fanmi Lavalas, 16 Desanm 2022

Se yon verite klè Sanba Bob Marley chante osijè blan malveyan yo: «chak fwa mwen plante yon bon semans, ou di dechouke li, anvan li pouse».

***

Kèk semèn apre koudeta 30 Septanm 1991 lan, se ak 2 zòrèy mwen, nan magazen Gilbert Bigio ki anba lavil Pòtoprens, mwen tande frè Bigio yo k ap fè lwanj se yo menm ki mete George Bush opouvwa Ozetazini, kidonk, yo pap tolere pou Prezidan Meriken an trayi yo epi kite Prezidan Aristide retounen an Ayiti. Konsa 2 blan malveyan lokal t ap pale! Se menm Gilbert Bigio sa a CBC Radio-Canada idantifye kòm sèl milyadè ann Ayiti. Menm li menm nan ki sou lis gwo bandi Gouvènman Kanada deside sanksyone yo. 

Daprè platfòm Pou Listwa ak Laverite, Gilbert Bigio se yon Jwif ki soti nan peyi Siri. Papa l te debake Ayiti nan ane 1896. Milyadè a te konsil onorè peyi Izrayèl an Ayiti pandan 25 ane.

Gilbert Bigio ap viv nan yon ti zòn Miami ki rele Indian Creek Village ki gen 32 kay sèlman. Se gwo vedèt ak milyadè k ap viv la. Se la a pitit fi Donald Trump, ap viv. Zòn sa a gen pwòp polis li k ap veye kay yo. 

Prèske tout Ayisyen ki an Ayiti mete lajan nan pòch Bigio chak jou. Bigio kontwole ekonomi Ayiti, li gen monopòl yon pakèt pwodui moun itilize chak jou. Li pa aksepte konpetisyon. Li gen lajan Petrocaribe nan men l pou yon travay ki pa janm reyalize. 

Gen yon atik yon jounalis envestigasyon ki rele Corey Lynn ki fè konnen Bigio gen yon lame k ap pwoteje l ak biznis li an Ayiti. Li grese pat tout chèf lapolis ak militè nan peyi a. Jounalis la di Bigio detwi moun ki vann pwodui li fè oubyen enpòte. Li kontwole ministè finans, pò Pòtoprens ak Miragwàn, epi li fè bagay antre nan peyi a san APN paka kontwole yo. Lè bwa a mare, li konn fè kòmando peyi Izrayèl rantre vin bal sekirite. 

Nan dosye Petrocaribe a, Lakoudèkont montre gen yon konpayi gwoup Bigio a ki rele REPSA ki pran prèske 30 milyon dola nan men MTPTC pou te fouye bodmè Pòtoprens lan. Travay sa a pa janm ekzekite. Lajan sa fè fon san pa gen eksplikasyon ki bay. Gwoup Bigio retire konpayi REPSA a sou sit yo depi apre skandal Petrocaribe a. Men, yo bliye l sou Instagram yo.

Bigio gen yon zòn franch Ayiti ki rele «Lafito Industrial Free Zone». Zòn franch sa a chita sou anviwon 25 kawo tè. Faktori ki enstale nan zòn sa a, pap peye taks sou pwodui ak ekipman yo enpòte pandan 15 ane. Zòn Franch sa a, nan yon zòn ekonomik ki pi gwo ki rele « LaFITO GLOBAL » ki sou 400 ekta (310 kawo tè). Nan espas sa a, genyen « Port Lafiteau », ki se pò ki nan dlo ki pi fon nan peyi a jiskaprezan. Kidonk, pò sa kapab resevwa gwo bato, epi dechaje yon pakèt konntenè. Anpil zam gang yo ap itilize debake nan pò sa a. Pa janm gen moun lapolis ak lajistis mare nan dosye sa yo.

Nan domèn enèji, Bigio posede «GB Energy Company» k ap vann gaz ak pwodui petwolye nan senk peyi nan rejyon an. Se Bigio ki gen monopòl mete gaz nan tout avyon ki Punta Cana, Santiago ak Samaná nan peyi Sendomeng.

Bigio posede « Acierie d’haiti » pi gwo biznis k ap vann fè, klou, tiyo, fil alegati nan peyi a. Se pi gwo konpayi ki vann bwa, playwoud, pòt ki tou fèt ak tout lòt pwodui ki derive ak bwa nan peyi a. 

Bigio vann pwa, sik, farin mayi, mayi moulen. Pat tomat, poud ji, bwat lèt. Se Bigio sèlman ki gen dwa pou vann pwodui Kraft, Heinz, Mondelez, Philip Morris, Plastifar, Goya, Hormel. Luil Gourmet, savon Banda, fab Banda Eco, Kim ak Puritex, Clean Boy, Bactrosan, etc an Ayiti.

Se Bigio ki vann siman ki rele KÒLÒS nan peyi a. Bigio posede yon konpayi ki rele «REPUBLIC». Se pi gwo konpayi ki fè transpò machandiz nan peyi a. Yo genyen konntenè ak machin ki pote konntenè, yo gen trelè, ak tout lòt machin pou pote konntenè ak machandiz nan tout peyi a.

Bigio gen yon konpayi ki rele GB Energy ki pote ak stoke pwodui petwolye nan Karayib la. Konpayi sa a posede gwo sitèn ki stoke gaz tankou gazolin, dyezèl ak kerozèn.

Se gwoup Bigio ki posede HUHSA (Huileries Haitiennes S.A) ki pwodui luil gourmet, bè Lilly. 

Alèkile, Gilbert Bigio ap pran gwo desizyon ki afekte tout moun an Ayiti pandan granmoun 86 zan an kouche sou do nan Miami. Se pitit li, Reuven Bigio, k ap jere biznis li yo ann Ayiti. Reuven Bigio se vis-konsil onorè peyi Izrayèl an Ayiti. Georges Bigio se konsil onorè a. Tou de gen iminite diplomatik.

Fanmi Bigio pa janm ekprime yon pozisyon sou eta peyi a ak tout kriz k ap wonje sosyete a. Li pa janm denonse kòripsyon ak kontrebann. Malgre tout eskonbrit kraze boule ki konn genyen nan peyi a, enstalasyon pi fò biznis Bigio yo nan Site Solèy pa janm afekte.

Nan anpil peyi bandi kidnape milyonè pou yo ka fè lajan. Men, sa nou remake k ap pase lakay nou, an Ayiti, se bandi milyonè ki kidnape tout yon peyi yo fin rann pòv – dekwa pou fanmi viktim yo k ap viv aletranje kapab voye plis lajan bay milyonè ki vle milyadè, wè pa wè.

Bandi milyonè ki gen non yo site nan eskandal «Pandora papers» ki eklate nan mitan mwa Oktòb 2021 paske yo fè evazyon fiskal – sa vle di : yo fè wout kwochi ak lajan taks yo dwe Leta Ayisyen. Lajan ki ta sipoze envesti nan bati enfrastrikti, lopital, inivèsite, otowout, vrè estad pou nasyon an. 

N ap raple ou, daprè dokiman Pandora Papers yo, Laurent Lamothe, Roudolphe Boulos, moun nan fanmi Bigio ak fanmi Jaar, ta itilize magouy pou yo transfere gwo lajan nan lòt peyi kote ki pa gen bon kontwòl fiskal. 

N ap raple ou tou, gen yon lèt ki pote dat 5 Avril 2021, ki adrese bay ansyen “prezidan” Jovenel Moïse epi ki pote siyati 2 gwo ofisyèl rejim Parti Haitien Tèt Kale (PHTK) a, kote genyen non 14 fanmi ak endividi yo idantifye etank pi gwo dilè zàm ilegal nan Repiblik la.

Osi biza sa ka parèt, otank nou konnen, jiskaprezan ni swadizan otorite ilegal ki di y ap dirije Ayiti yo, ni moun ki gen non yo site nan lèt sa a, pa janm pran lapawòl pou konfime, denonse oswa demanti otantisite lèt la, osnon akizasyon grav ki ladan l yo. 

Men kisa ki ekri nan lèt la : 

Sijè: 14 fanmi kap fè trafik zam ak minisyon an Ayiti depi mwa Out 2009.

Ekselans,

Se ak anpil onè Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo (MICT) nan kole zepòl ak sèvis entèlijans, Polis Nasyonal Ayiti, direksyon santral polis jidisyè (DCPJ) ak komisyon nasyonal pou dezameman, demantèlman ak reentegrasyon (CNDDR)remèt ou yon lis konfidansyèl 14 fanmi ki gen men yo tranpe nan trafik dividal zam ak minisyon ilegal, granmesi enfliyans politik ak ekonomik yo genyen sou teritwa nasyonal la, soti 2010 rive jiska dat :

1. BAUSSAN : Madame Elsa Baussan
2. HANDALL: Monsieur Stanley Handall
3. BIGIO: Monsieur Robert E. Bigio
4. ACRA: Monsieur Marc-Antoine Acra
5. ABDALHA: Monsieur Sheriff Abdalha
6. ZUREICK: Monsieur Allan Zureick
7. TUNISS: Eliande Tunis
8. BONNEFIL: Monsieur Reynold Bonnefil
9. AL RAYES: Monsieur Nihad Al Rayes
10. CELESTIN: Monsieur Rony Celestin
11. FOUCAND: Monsieur Hervé Foucand
12. LAMOTHE: Monsieur Laurent Lamothe
13. LARCO: Madame Suzette F. Larco
14. APAID: Monsieur Andy Junior Apaid

Atansyon: majorite zam ak minisyon yo te rive Ayiti sou lanmè anndan "konntenè" ki chaje machandiz pou makèt ak gwo konpayi distribisyon manje; oswa materyèl/ekipman pou konstriksyon gwo kay prive.

Ministè Enteryè ak Otorite Lokal yo (MICT) mande w, Ekselans, pou ou resevwa lis konfidansyèl sa a pou suivi legal.

Fidèlman...

Amos Zéphirin, Direktè Jeneral

Ak konfimasyon Minis lan wè l epi apwouve l: Louis Gonzague E, Day, Minis

***

Konpatriyòt, pou nou fèmen refleksyon jodi a, annou poze de (2) kesyon : 

1) Kisa, ojis, pè Aristide te pwomèt Pèp Ayisyen an ki fè se li menm, e li menm sèl, ki te reyisi konvenk yo fè kat elektoral epi vote pou li jou 16 Desanm 1990 la ?

Pou nou reponn drèt dirèk, n ap di : kit se vizyon Lavalas te mete devan pèp la nan ane 1990-1991, kit se vizyon ki kore ak chif, analiz solid nan Liv Blan Fanmi Lavalas «Investir dans l’humain» ki pibliye 16 Desanm 1999, envestisman nan sante ak edikasyon te toujou jwe yon wòl enpòtan nan pwojè Lavalas la. Kidonk li pa etonan si lidè sèl gouvènman Ayisyen ki te envesti 16% bidjè nasyonal la nan lasante, se li menm tou, jounen jodi a, k ap bay rezilta konkrè nou wè ak UNIFA yo. Kidonk nou di : Pèp Ayisyen konn gou bouch li, se pa yon krim, se yon dwa.

Dezyèm Kesyon :

2) Kisa Pèp Ayisyen an dwe fè pou li jwenn repo, boutanfen, ak malfèktè tout koulè ki anpeche li respire nan pwòp peyi li ?

Gen yon diskou sispèk anpil malveyan ap pwopaje anndan peyi a tankou nan dyaspora a, kòmkwa « nou tout koupab », « fòk viktim aksepte chita ak bouwo », nan non rekonsilyasyon, fòk sosyete a aksepte ofri « amnisti jeneral pou tout bandi ». An verite, chimen sitirans rans sa a se chimen pèdisyon drèt dirèk, chimen lachte, yon chimen madichon kote lènmi nou yo ta byen renmen nou rete anbreye pou tout tan gen tan. Nou di non! Nou pap sitire kriminèl. Jistis ak Verite se sèl garanti lapè kip a baze sou lapèrèz.

Dimanch 11 Desanm 2022 ki sot pase a, sou inisyativ Solidarité Québec-Haiti, yon kantite fanm ak gason patriyòt te kanpe djanm nan fredite vil Montreal, yo rele chalbari dèyè Claude Joseph, ansyen fo Premye Minis rejim bandi PHTK yo, ki t ap eseye chanje koulè kon aganman. Militan konsekan yo leve vwa yo byen wo, yo rele : Jistis pou Louvois Petit! Jistis pou Pè Gérard Jean-Juste! Yo pwofite raple Claude Joseph, li gen anpil kesyon pou li reponn tou osijè sasinay defen Jovenel Moise ki mouri pou kont li, anba men bandi PHTK parèy li, 7 Jiyè 2021. 

Wi, n ap kontinye chita pale ak moundebyen, pou nou kwape bandi yo. An verite, nou pa gen ekip adoptif. Se Ayiti ki sèl ekip pa nou. «Ayisyen frè m ak sè m yo, pou ekip nou chanpyon, fòk nou sispann jwe ak bagay serye. Fòk nou pini tout malfèktè tout koulè, selon lalwa!»

Comments are closed.