Nèg ak Nègès Vanyan Ayiti Abitye Kwape Blan Malveyan : Ekzanp 1802 ak 2022

Dechoukay pa fèt vaykevay alevwa revolisyon
August 29, 2022
La Dessalinienne & “la Marguerite”
October 1, 2022

Mèkredi 21 Septanm 2022, yon kantite militan ak sitwayen angaje poze yon jès onorab nan vil Pòtoprens ki raple nou kouraj ak temerite yon nègès vanyan ki te rele Marie Sainte Dédé Bazile. Wi, tankou “Defile” ki te konsève bonnanj li, nan mitan yon latriye moun fou, yon jou madichon 17 Oktòb 1806, yon delegasyon Ayisyen konsekan te mache kòtakòt, yo depoze plizyè bouke flè nan pye moniman Jean Jacques Dessalines, papa nasyon an, sou Channmas.  Ojis, se yon mouvman sitwayen ki te dire 3 jou, sou inisyativ Sanba Kebert Bastien (Keb). Fanm ak gason te reyini sou Channmas lan, yo mache ak zouti, detèminsayon ak anpil lizay epi yo netwaye plas ki genyen estati Anperè a. Lavèy, kidonk Madi 20 Septanm 2022, plizyè endividi “tèt ki ale” te pwofane espas sakre sa a ak yon lo fatra yo te mete sou estati Papa Dessalines nan. 

Konpatriyòt, kòmalòdinè, anvan nou gade ki strateji ki pral ede nou kwape kidnapè ak pwofanatè 2022 yo, annou fè yon koudèy nan retwovizè listwa. Jodi a, ti bourik listwa nou pral fè yon pemye kanpe nan kalfou 25 Jiyè 1805.

Depi kèk ane, brase lide tanmen osijè dat selebrasyon fèt papa nasyon nou an, Jean Jacques DESSALINES. Siman nou sonje, pami dividal zak li poze anvan konpayèl li yo nan gang PHTK a te sasinen li, defen Jovenel Moïse pibliye 2 Arete Prezidansyèl nan jounal «le Moniteur» 18 Septanm 2020. Youn nan arete yo deklare 20 Septanm «Jounen Dessalines», lòt la deklare «17 Oktòb Jounen Dèy Nasyonal».

Alaverite, fòk nou di, byen lontan avan Apredye te pibliye dekrè sa yo, se depi yon douzèn ane, konpatriyòt fouyadò Bayyinah Bello tanmen selebrasyon lavi Papa Dessalines, chak 20 Septanm, nan Fondasyon Felicité. Nan liv li ki rele «Jean Jacques Dessalines, 21 Pwenkonnen sou lavi li», otè Bayyinah Bello di se sou baz tradisyon oral li ranmase nan plizyè depatman peyi a: daprè temwanyaj nègès grandèt Agbaraya Toya, ki ta prezan nan moman manman l t ap kaselezo pou akouche l, li kwè Dessalines fèt sou zile Ayiti, 20 Septanm 1758.   

Mèzalò, pou listwa ak laverite, anwetan inisyativ Fondasyon Félicité ak Fouyadò Bayyinah Bello an, pa gen referans ki kore chwa dat 20 Septanm nan kòm anivèsè nesans Jean Jacques Dessalines. Jiskaprezan, pèsonn pa ka prezante akdenesans fondatè peyi nou an. Konsta sa a pa ta dwe etone nou ditou pyès, daprèzavwa, nèg limanite vin konnen sou non Jean-Jacques Dessalines nan te fèt nan yon epòk epi sikonstans kote laplipa nèg ak nègès pa te gen kalte dokiman sa yo.

Pa bliye, nan koloni esklavajis Saint-Domingue, se gwo toumant ak latwoublay ki te toujou ap boloze nan lespri chak nèg, chak nègès ki riske aprann «kolon blan an gen je sou manman l», kidonk: «le colon guette ta maman»!

Kolon esklavajis yo te abitye separe manman ak pitit, madanm ak mouche, papa ak pitit – lè yo vann yo separeman bay lòt kolon ki byen lwen. Sovajri kolon Kretyen Ewopeyen yo te tèlman san limit, pandan plizyè syèk, laplipa Afriken grandi san yo pa janm kapab di ki moun ki manman yo, alevwa pou yo ta konnen ki lès ki papa yo osnon ki dat yo te fèt.  

Ojis, fouyadò yo prezante divès teyori osijè sikonstans nesans Dessalines. Parekzanp, fouyadò Norluck Dorange di… «Dessalines te fèt ann Afrik». Li site Louis Dubroca, yon ekriven Napoleon te mandate pou salopete non Dessalines nan yon liv li te pibliye nan mwa Desanm 1804 sou tit «La vie de Dessalines», kote Dubroca ekri: “ce féroce africain transporté récemment à Saint Domingue des côtes de la Guinée, lorsque l’insurrection éclata, il portait le nom de Jean Jacques… ». Bò kote pa li, fouyadò Jerry Gilles, alyas Tidiri Mede, raple “dat 20 Septanm nan, se yon kreyasyon resan… pa gen okenn dokiman lan epòk Dessalines ki di dat sa a. Ni pa gen okenn istoryen lan epòk li nonplis ki bay dat fèt li… Kanta prezan, istoryen pa fin konnen si l te fèt ann Ayiti oubyen si l te fèt lan Ginen, alewè pou yo ta konn dat fèt li”.  

Dènyèman, brase lide sou rezo entènèt vin mete pwojektè sou travay istoryen Jean Ledan ki site Gazette politique et commerciale d’Haiti, edisyon 1 Out 1805, ki esplike ak voum detay ki jan 25 Jiyè 1805 te gen gwo fèt nan peyi a pou selebre Anperè Jacques Premye. Dokiman an konfime patisipasyon Jeneral Henry Christophe ak lòt otorite nan fèt sa a. Kidonk, pa gen dout, depi nan premye ane Anpi Ayiti, nasyon an te pran abitid selebre fèt Jacques Premye.

Se kichòy nou ka verifye fasilman nan Atik 27, Dispozisyon Jeneral, Konstitisyon 1805 lan ki deklare : “Ap genyen fèt nasyonal pou fete Endepandans peyi a, fèt Anperè a ak madanm li, fèt Agrikilti, epi fèt Konstitisyon an“. Mèzalò, daprèzavwa Konstitisyon an pa presize dat fèt sa yo, te toujou genyen dout nan lespri nou.

Remake : se sou non Jacques Premye, Dessalines resevwa tit Anperè, 8 Oktòb 1804. Èske jou fèt Sen Jak, kidonk 25 Jiyè, se nesesèman jou manman Dessalines te kaselezo? 

Non! Nou pa ka konfime sa, san nou pa jwenn plis endis osnon dokimantasyon. Natirèlman, chaje moun ki rele Jacques poutan yo pa fèt 25 Jiyè. Kidonk, Dessalines gen dwa pa t janm konnen ki dat li te fèt, menmsi nou konstate Anperè a te chwazi selebre fèt li 25 Jiyè 1805 ak tout nasyon an e li te chwazi non Jacques Premye – sa klè kon dlo kòk!

Yon lòt kichòy ki klè kon dlo kòk : gen yon jou, yon nègès vant beni te kaselezo pou li pouse yon potorik gason limanite vin konnen sou non DESSALINES. 

Kidonk : jodi a, pandan n ap kontinye bouske limyè, chak jou ki jou, se lizay pou nou fete lavi Dessalines epi pou nou di manman Lanperè mèsi! 

Pou nou di fanm vant beni sa a yon mèsi ki valab, jodi a, fòk nou ede fanm ki gen dlo nan je yo, nan Bèlè, jwenn jistis. Fòk nou ede fanmi Grégory Saint-Hilaire ak tout lòt viktim gang PHTK-G9-G184-BINUH yo jwenn jistis.  

Jodi a, onore Papa Dessalines se demele w, k on Mèt Janjak, pou ou rekipere tout fòs, ekipman, zam ak minisyon blan malveyan lòt bò dlo (Kò Gwoup) ap voye pou PNH-G9 ak PHTK. San di pètèt, malfèktè lokal yo ap mobilize zouti lanmò yo resevwa nan men malfèktè etranje yo pou masakre plis nèg ak nègès nan enterè neyokolon yo, sa vle di: blan malveyan lokal yo (mesyedam G184) ak alye entènasyonal yo.

Kouman nou fè panse se pitit gason kolon blan yo ki pou ta erite bitasyon yo? E sila yo ki gen papa yo ann Afrik yo, yo menm, yo pap jwenn anyen!?”.

Se ak pawòl sa yo Papa Nasyon an, Anperè Jacques Premye, te tabli aklè misyon jenn nasyon nèg ak nègès lib nou an, sou kontinan Lamerik lan: “Jistis pou tout moun alawonnbadè”! 

Kit se nan vil Pòtoprens osnon nan vil pwovens yo, se lizay pou pèp souvren kontinye mobilize jouk nou rive dechouke Ariel Henry alyas “Apre-Apredye” ak 18 lòt Konzedijou ki fè kadejak sou aparèy leta peyi d Ayiti.  Se nòmal pou gouvènman tchoul blan malveyan sa a ogmante pri gaz la 200%  e menm 300%, jan yo fè sa depi Dimanch 11 Septanm 2022, puiske se sou lobidyans yon mafya ki kontwole komès enpòtasyon pwodui petwolye yo, gang PHTK sa a ap feraye, depi plis pase yon deseni. 

Lè nan vil Okay, Jeremi, Okap, Jakmèl, Senmak, Gonayiv, Wanament, Tigwav mouvman mobilizasyon tanmen kont lavichè, kont ogmantasyon pri gaz ak ensekirite pandan tout semèn Lendi 19 pou rive Jedi 22 Septanm 2022 a, se vwa Papa Dessalines k ap gwonde pou ekzije: “Jistis pou tout moun alawonnbadè”! 

Daprè repòtay Radyo Rezistans, nan kad leve kanpe kont rejim Konze PHTK ak alye yo, Pèp Souvren te pete baryè yon depo Pwogram Alimantè Mondyal (PAM), nan vil Okay. Sa a tou, se vwa Papa Dessalines k ap gwonde pou ekzije: “Jistis pou tout moun alawonnbadè”!

Se responsablite chak pitit fi, chak pitit gason Ayiti pou nou ranmase misyon sakre sa a epi ede li vanse, pou tout tan gen tan.

Lè trèt Ayisyen yo te tenyen souf Papa Dessalines, jou 17 Oktòb 1806 la, pwomès Revolisyon Ayisyen an pot ko janm reyalize. Depi jou madichon sa a, trèt yo kontinye mare sosis yo ak lènmi nou, blan malveyan yo, pou pwojè “jistis pou tout moun alawonnbadè” a ka rete antere epi bandone menm kote ak kòd lonbrit nasyon an.

(AP Photo/Dieu Nalio Chery)

Jounen jodi a, kit se fòs kote ki kontinye ekziste nan jan richès mal pataje sou zile a, kit se reparasyon Nasyonzini refize bay viktim li yo, li klè kon dlo kòk: “Pitit fi ak pitit gason Papa Dessalines yo pa ko janm jwenn jistis yo sou tè sa a

Kidonk, jounen jodi a…

Fete papa Dessalines = dechouke Kò Gwoup

Fete papa Dessalines = dechouke mafya G184-PHTK ki jouke pri gaz la

Fete papa Dessalines = mare Michael Joseph Martelly epi fòse kriminèl malpwòp la remèt kòb Petro Caribe a.

Wi! Pou nou fete papa Dessalines an espri e an verite, fòk nou rekipere byen peyi a pou nou bati enfrastrikti yon Ayiti ki dous pou tout Ayisyen.

***

Annou fè yon dezyèm koudèy nan retwovizè listwa ki pral pèmèt nou dekonstonbre pwopagann kèk nèg kolonize ak blan rasis vle fè pase pou listwa. Siman ou abitye tande ekspresyon «Depi nan Ginen nèg ap trayi nèg».

Depi kèk jou, fim «The Woman King» osnon «Yon Fanm Ki Wa» anvayi sinema toupatou. Li rakonte evènman trajik nan listwa Pèp Dawome kote plizyè jenerasyon fanm te rantre nan lame Amazòn pou yo konbat lòt nasyon Afriken ki yo menm tou t ap kolabore ak kolon blan esklavajis yo. Fim sa a raple nou, nan listwa, te toujou genyen ni ewo, ni kolabo. Mèzalò, pa etone ou, si se nan granmoun ou, malgre voum ane ou pase sou ban lekòl, ou resi ap fè konesans ak yon pwèlyèm nan listwa rezistans nèg ak nègès vanyan yo. Si ou okouran tout zak trèt/kolabo yo se paske se sa menm zòt te toujou vle ou konnen pou li kapab demoralize w epi kokobe w.


Pa pito Hollywood ta pran chans brake kamera li sou listwa Revolisyon Ayisyen an? Ala nèg ak nègès vanyan yo ta dekouvri! 

Parekzanp, nou te suiv bèl repons alevouzan Jeneral Henri Christophe te bay Jeneral Leclerc lè blan malveyan esklavajis la te ofri Christophe tout kalite avantaj sizoka li te dakò ede Lafrans poze lapat sou Toussaint Louverture. Leclerc te ekri Henri Christophe, li di-l: “M ap kenbe tout pwomès yo te fè ou yo. Epi, si ou gen lentansyon soumèt ou devan Lafrans, pa bliye youn nan pi gran sèvis ou kapab rann nou, se pou ou ta ede nou poze lapat sou Jeneral Toussaint Louverture“.  

Henri Christophe te reponn blan malveyan an: “Sitwayen Jeneral, ou fè m pwopozisyon pou mwen ba ou mwayen pou ou poze lapat sou Jeneral Toussaint Louverture.  Men, sa se ta yon pèvèsite, yon trayizon; epitou, difèt menm ou fè m yon pwopozisyon dezonè konsa montre m ou kwè mwen se kèk malpwòp ki pa gen ankenn sans lonè osnon lizay. Ou konnen trè byen se chèf mwen epi zanmi mwen Toussaint ye; Sitwayen Jeneral, èske ou pase yon lèdè tankou zak lachte sa ou pwopoze m la a ka mache kole ak santiman zanmitay?

Source: Google Books

Fwa sa a, nou vanse ak ti bourik listwa nou nan kalfou mwa Jen 1802 kote, boutanfen, blan malveyan yo fè mannèv jouk yo kidnape Toussaint Louverture, madanm li ak pitit li epi yo pimpe yo an ekzil. Pandan yo an Frans se ak anpil vyolans blan malveyan yo toumante ni Toussaint, ni madanm li Suzanne Louverture. Malfèktè yo te separe koup la osito yo te pile tè modi sa a kote se yon ti sanginè kout yo te rele Napoléon Bonaparte ki te wa zenglendo.

Nan moman Gazette politique et commerciale d’Haiti pibliye yon atik sou evènman trajik sa yo ki te rive Toussaint Louverture ak fanmi li, nan mwa Mas 1805, otè yo te panse Suzanne Louverture t ap pare pou li rantre Jamayik ak anpil mak sou po li ak nanm li. Men, pi douvan, nou pral aprann pwomès kite yo retounen sou zile a se te mannigèt pou blan malveyan te ka fè yo depale.

Ojis, nan bouske kachèt lò Toussaint ta sipoze kite sou zile a, Napoléon pa t ezite tòtire Suzanne Louverture jouk yo sasinen yon ti bebe ki te nan vant li. Sa pa t kont!

Odepa, malfèktè yo fè malerèz la kwè y ap mennen li soti Bordeaux rive Paris pou li ka reyini ak mari li, poutan se te manti! Okontrè, se plis seyans tòti sanginè yo te pare pou li. Daprè atik ki pibliye nan ane 1805 lan, Blan Franse yo fè ni Suzanne, ni pitit gason li yo siyen yon lèt chaje ak manti kòmkwa yo te resevwa bon tretman nan men Lafrans, epi yo fè yo kwè demach tanmen pou mete yo sou bato Meriken k ap mennen yo rantre sou kontinan Lamerik… an misyon sekrè pou ede Lafrans konbat Dessalines. 

An reyalite, pa gen okenn prèv nègès vanyan Suzanne Louverture te janm kolabore ak bouwo li yo. Boutanfen, li pa te janm retounen sou kontinan Lamerik. Suzanne Simone Baptiste-Louverture mouri nan vil Agen, nan peyi Lafrans, 19 Me 1816. Nègès vanyan an te viv 64 tran.

Depi ou kanpe pou defann jistis, verite, libète, sou planèt latè, konnen ou anfas yon makòn sanginè ki pa gen anyen ki twò sovaj, twò kriminèl, twò lach pou yo ta fè kont lespri ou ak kò ou.

Kouraj Suzanne Louverture fè nou sonje konpòtman Jeneral Henri Christophe ki te bay Leclerc, Jeneral franse ki te mandel trayi Toussaint Louverture lan, yon michan repons alevouzan pou listwa nan ane 1802.  

Wi! Kontrèman ak sa zòt ap klewonnen tout lasent jounen, se “Depi nan Ginen bon Nèg ak Nègès ap kore youn lòt“.

***

Konpatriyòt, alèkile, annou kite ti bourik listwa nou repoze, pandan n ap founi yon dènye kout je sou konsekans zak rejim sanginè PHTK-CIA a kontinye ap fè nan peyi nou an.

Nan mitan leve kanpe pou kwape rejim PHTK a, popilasyon nan site solèy konstate gang G9, Jimmy Cherisier alyas Babekyou ap dirije pou BINUH, PHTK ak fanmi mafya Groupe 184 yo bloke wout ki mennen nan santral Varreux. Wout la koupe an 2 pou anpeche kamyon sitèn yo ranpli epi distribye gaz nan ponp yo. Ak anpil je chèch, chèf gang G9 la sèmante se sou zantay li pou gouvènman defakto an ta pase pou li rantre Varreux. Ariel Henry bat bouch li devan kamera men anpil moun di yo pa tande mouche a di ni krik, ni krak.

Tout je k ap suiv abitye konstate zak maspinay Lapolis konn fè sou popilasyon an lè l ap manifeste kont pouvwa anplas la. Poutan, menm Lapolis sa a pa ko janm aji kont Babekyou pou pèmèt distribisyon gaz la rive fèt!  N ap raple ou, mouche Babekyou sa a gen yon manda arestasyon sou non li, depi 31 Janvye 2020. 

Menm jan moun ki etoudi sezi wè Babekyou ap pran pòz fè manifestasyon kont Apre-Apredye a, se konsa yo te sezi wè menm Babekyou sa a pran lari 1 Jiyè 2021, ap rele «fòk Jovenel ale». Epi, lè 7 Jiyè 2021, yon semèn apre, PHTK-CIA te fè Jovenel ale, ki sa jwè blofè ekip kriminèl PHTK-CIA a te fè?

Anpil moun ki toujou etoudi, te sezi wè, nan premye moman leve kanpe mwa Septanm 2022 yo se abolotcho SDP tankou André Michel, Edmonde Bauzil ak Marjorie Michel ki te sibi yon seri atak dwòl, tandiske gwo bawon bandi PHTK yo te gen tan mete tout sa yo vòlè alabri.

Lè dife pran nan forè, mèt forè a konn mete dife ekspre nan yon pati pou ralanti vitès gwo dife ki pa sou kontwòl li an. Si ou pa etoudi, fòk ou ta sonje ki jan, «il était une fois», Laurent Lamothe te sèvi fizib pou Michel Martelly menm jan Joseph Jouthe te sèvi fizib pou Jovenel Moïse. 

Pou di ou ta gen tan bliye 18 Novanm 2014, lè Charles «Kiko Koka» St-Rémy te pran lari ap rele “aba Lamothe”, pandan Pèp Souvren te detèmine pou li dechouke bòfrè li, Michel Martelly?

Li klè, jodi a, Martelly ak Babekyou sible SDP kòm fizib y ap eklate sizoka sa nesesè pou dezamòse yon dechoukay total kapital.

Bandi Ariel Henry, ansakalite de PM defakto ki alafwa ap jwe wòl fo prezidan on ti jan andikape. Tonton an pa t gen okenn fizib pou li sakrifye puiske se an grenn 5 blan malveyan yo te mete li dirije egzekitif PHTK #3 a. Alòs, etank gran timoun, si ou pa etoudi, ou deja konprann Michel Martelly ak Ariel Henry rekrite abolotcho SDP yo pou, sizokapaka, yo bezwen fizib pou sove bounda PHTK.

Bò kote pa li, Pierre Espérance, Sekretè ekzekitif Rezo Nasyonal Dwa Moun (RNDDH) fè konnen pouvwa PHTK a distribye plizyè milyon goud bay gang G9 pou li fè manifestasyon epi bloke zòn li kontwole yo. Klèman, mannigèt sa a fèt pou kriminalize lit popilè a. Twa ka moun ki pa ni avèg, ni sòt, ni fou, ni etoudi te gen tan konprann lè gang G9 bloke tèminal Varreux, se yon mannèv sinik gouvènman bandi PHTK a itilize pou gaz la pa rive nan ponp yo. Konsa, yo tou ofri yon fo eskiz pou “konzedijou” sipliye militè etranje (kolon amelyore) rantre sou bout tè Papa Dessalines lan. 

N ap raple ou, depi okipasyon ilegal lan tabli apati koudeta 29 Fevriye 2004 lan, se yon dividal krim tèrib militè ak sivil etranje yo ap fè kont nèg ak nègès sou teritwa nasyonal la. 

Ojis, nan mwa Janvye 2022 ki sot pase a, yon Ansyen Minis Afè Etranjè Peyi Brezil bay yon antrevi nan medya peyi li, kote li admèt sòlda Brezilyen yo te pwobableman patisipe nan masak kont popilasyon Ayisyen an. Mèzalò, Celso Amorim presize, tout zak sa yo ta fèt nan kad misyon ofisyèl sou lòd chèf yerachik MINUSTAH yo epi alatèt Nasyonzini yo, san bliye aplodisman Konze Gérard Latortue ak kriminèl GNBis Gwoup 184 yo.

Pami plizyè lòt revelasyon li fè nan kad antrevi sa a, Celso Amorim deklare se granmesi Brezil si Etazini, Kanada ak Lafrans pa t rive vòlè eleksyon 2005 yo nan men René Préval. Li di yo te gen bon jan prèv ki montre, klè kon dlo kòk, se magouy blan malveyan yo ak alye GNBis yo t ap fè nan maskarad elektoral yo te òganize nan ane 2005 lan. Epi, vwalatilpa, se menm blan malveyan sa yo ki sèmante, wè pa wè, Ayiti malad grav sou kabann lopital, e se yo menm menm k ap vin pote medikaman pou li.

Reyinyon tanmen semèn pase a nan Nasyonzini epi, Premye Minis Kanadyen, Justin Trudeau, mete yon pil moun chita pou yo diskite zafè sekirite an Ayiti. An verite, tout reyinyon sa yo k ap fèt pasi pa la gen yon sèl objektif : kore dezòd etabli a. Kriminèl etranje ap mobilize pou yo vin ranfòse bandi ki fè kadejak sou Leta Ayisyen an, metrize nèg ak nègès sou zile a pou yo pa reyisi chavire sistèm Apated ekonomik la.

Tankou konpatriyòt Norluck Dorange abitye esplike sa, klè k on dlo kòk, sistèm malfèktè yo tabli sou zile a depi 1697 se sa yo rele «Le Colbertisme». Selon lmodèl sa a, tout sa k ap pwodui sou zile Ayiti se pou byennèt blan malveyan ki ap viv nan lòt peyi oswa anwo tèt mòn Pétionville. Anyen pap fèt pou byennèt nèg ak nègès ki mete fòs kouray yo nan pwodiksyon byen ak richès. Yon sistèm kriminèl konsa pa t ka kolepyese an 1791, ni an 1991, ni jounen jodi a. Se kraze pou nou kraze l, epi gonfle venn nou rebati Ayiti Papa Dessalines te tabli pou nou an. 

“de syèk an syèk je vèt vin pi akrèk” – Si, Beethova Obas

Zam, polisye, militè bòt fere, minisyon ou tande blan yo ap pare pou yo voye sou zile a pa p vin “pwoteje & sèvi” nèg ak nègès.

Sonje MINUSTAH, MINUJUSTH, BINUH, Léopard, FADH, FRAPH, G9, PHTK-CIA…tout te toujou mobilize pou defann privilèj ak pouvwa blan malveyan lokal ki fè dappiyanp sou ekonomi ak leta Ayiti, depi plis pase syèk. Kidonk, sèl jan pou zouti sa yo itil nèg ak nègès Ayiti fòk nou anpeche yo rive nan men gang PNH-G9-G184-PHTK-CIA. Si posib, patriyòt konsekan dwe rekipere tout zouti sa yo pou nou libere Ayiti anba gang kolabo Konzedijou yo.

An verite, osito Pèp Ayisyen va tabli yon gouvènman lejitim alatèt peyi a, Leta Ayisyen dwe trennen devan lajistis entènasyonal : Pamela White, Condelezza Rice, Helen Lalime ak tout majòjon Kò Gwoup, MINUSTAH, BINUH ak Nasyonzini an jeneral ki te patisipe nan pwosesis gangsterizasyon teritwa nasyonal la.

Depi ane 1990 Pèp Ayisyen an chwazi Jean Bertrand Aristide, yon nèg save k ap bati inivèsite ak lopital. Blan malveyan di: non! Se dilè dwòg, asasen, gang tankou PHTK ki dwe dirije Ayiti pou benefis Abdalah, Apaid, Bigio, Boulos, Brandt, Deeb, Madsen, Martelly ak CIA. Kidonk, Ayiti pa gen zanmi pami pitit Napoleon, Jefferson, Rochambeau, Elizabeth I, Elizabeth II. Menm si onivo endividyèl ou ka jwenn youn youn de twa grenn «John Brown» ak «Fidel Castro», onivo kolektif, se yon kolòn malfèktè esklavajis enkòrijib! Kidonk, DESSALINES se sèl sovè pèsonèl nou. Se lizay pou ou kite Dessalines ou monte ou nègès! Kite Dessalines ou monte ou nèg!

#AbaToutKolon, #AbaToutKolabo, #VivAyitiLib !

Nèg ak Nègès vanyan Ayiti abitye kwape blan malveyan. Nou sonje ekzanp ane 1802, n ap kontinye feraye pou nou kite bèl ekzanp toujou nan ane 2022.

Wi! Ariel dwe tonbe ansanm ak Martelly, Apaid ak tout bandi Kò Gwoup yo. Sinon, se ta lave men siye atè!

Comments are closed.