Men Solisyon an! Bravo Pèp Ayisyen!

Se menm jan ak Mahala pou Ayiti chanpyon
June 21, 2021
Trayizon
July 26, 2021

Men Solisyon an! Bravo Pèp Ayisyen!


Nan mitan tout latwoublay ak konfizyon ki anvayi peyi a, yon gwoup fanm ak gason poze yon jès enpòtan jou ki te 8 jiyè 2021 an, kote yo prezante yon solisyon valab pou kriz politik ak sosyal lan. Men dokiman yo pibliye pou enfòme popilasyon an. M ap ankouraje yo kontinye sou menm modèl konsètasyon sa a, ak anpil disiplin, entèlijans epi kouraj.

Souple, kontinye pibliye rezolisyon yo nan lang tout Ayisyen konprann nan. Bravo! N ap rete tann Kominike #2, tankou tè sèk k ap tann lapli.

***

Rankont Konsètasyon Sosyete Sivil Òganize ak Sektè Politik

Kominike N° 1

8 Jiyè 2021

Pèp Ayiysen,

Sou envitasyon Komisyon k ap Chèche yon Solisyon Ayisyèn nan Kriz peyi a, nou menm regwoupman òganizasyon sosyete sivil, nan peyi a tankou nan dyaspora a, pati politik, regwoupman pati politik, pèsonalite, nou denonse epi deside konbat zak sa a ki pa gen Iòt non: koudeta. Li fèt nan lannwit 6 pou rive 7 Jiyè 2021 an, sou lobedyans kèk enstans lokal ak yon pati nan entènasyonal la.

Koudeta nan koudeta sa a lage peyi a nan yon kriz san parèy ki mete Ayiti nou an nan plis danje toujou (ranfòsman diktati ak menas okipasyon, destriksyon tout enstitisyon vital peyi nou an). Finalite koudeta sa a se renouvle ak ranfòse sistèm tradisyonèl k ap kale enjistis ak eksklizyon an.

Etadesyèj ki dekrete a se pou jistifye represyon ak krim politik kòm fondman pouvwa koudeta menm ekip ki mennen peyi a nan katastwòf n ap viv la a. Fòk itilizasyon vyolans nan pratik politik sispann ! Nou p ap aksepte okenn asasina !

Ekip PHTK: Edo Zeny, Joseph Lambert, Jovenel Moïse, Michel Martelly, ?, Hervé Foucand, ?

Nou salye matirite popilasyon an ki konprann sa ki fèt la a pa pou li, pandan n ap mande I rete vijilan, rete mobilize pou kou sa a pa pase. Nou mande Polis Nasyonal la, ki la pou pwoteje vi ak byen, pou I respekte tout sitwayen ak sitwayèn k ap ekzèse dwa sivil ak politik yo. N ap mande popilasyon an kenbe kalm li, pa pran nan okenn fòm manipilasyon. Nou p ap bay pouvwa otopwoklame a okenn pretèks pou mande entèvansyon etranje vinn kore I. 

Nou kondane ak tout fòs nou vyolasyon Nasyonzini fè sou pwòp Chat Demokratik li. Anvwaye Espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Madan Lalime, apiye yon ansyen-premye-minis-a.i.-defakto-revoke, ki prese pran yon pouvwa pèsonn pa ba li, san poko gen ankèt sou asasina ansyen prezidan ki te fèk revoke I la.

Nou lanse yon apèl pou tout fòs ki vle chanjman an konstitye yon blòk solid, detèmine e angaje pou konstwi yon peyi kote moun ka viv tankou moun nan respè youn pou Iòt, nan respè pou lavi, nan sekirite sou tout fòm, nan diyite. Se sèlman fòs blòk sa a, nan yon moman inite istorik, k ap pèmet nou ranmanse desten peyi nou, an Pèp Granmoun.

Nou menm ki siyen kominike sa a nou pran responsabilite n. Nou dekrete lapèmanans pou nou reyalize, an ijans, yon konferans politik, ki rasanble tout Iòt fòs viv nasyon an, pou jwenn yon konpwomi nasyonal ki pou rezoud kriz la.

Nou kòmanse degaje yon laj konsansis k ap kontinye grandi pou pote yon pwojè ki chita sou revandikasyon fondamantal pèp ayisyen an, an Ayiti tankou nan peyi etranje, nan enterè peyi nou, san fòs kote. Etik, onètete, entegrite, konpetans, patriyotis, senserite, se yon seri valè k ap gid nou pou fè politik yon Iòt jan.

Nou mande sektè nan entènasyonal la ki rekonèt se Ayisyen ki pou rezoud pwoblèm Ayiti pou yo pote solidarite yo tout bon vre bay solisyon ayisyèn sa a.

Solisyon kriz la pa Iwen. Li nan men nou tout ansanm, n ap pote I nou tout ansanm. Viktwa a nan men noutout ansanm.

Viv Ayiti

1 Comment

  1. Marie Nadine Pierre says:

    RastafarI love beloved Jafrikayiti. Thanks a lot for sharing this letter on your blog. I also apprecilove the fact that you read it Live on Facebook. I am very encouraged by the unity that these folks from various Political Parties, Organizations and private sector demonstrate by signing this letter which lists concerns and proposals regarding Ayiti, her people in the aftermath of Jovenel Moise’s assassination. Furthermore, I am hopeful that this is a sign that they are willing to work together to design a plan to solve Ayiti’s current crisis. I feel very proud of these folks who’ve put their differences and disputes aside to put Ayiti first. It makes me think about the environment in which our dear ancestors drafted and signed the Constitution of 1805! Blessed love.#1804 #Ayiti