Blan malveyan ki deklare tèt yo “zanmi Ayiti” yo maniganse, finanse epi dirije yon koudeta bisantnè ansanglante 29 Fevriye 2004 kont Pèp Ayisyen an. Se plizyè milye nèg ak nègès ki mouri sasinen pandan operasyon dekonstonbray mouvman demokratik la an Ayiti. Pami anpil vwa ki te soulve pou di ola, mwen te ajoute pa m, ak yon lèt tou dekachte, mwen voye bay Prezidan Aristide, ak lespwa fòs patriyotik yo te ka deraye plan malfèktè yo. Sa gen 21 ane pase, men kisa mwen te voye di Prezidan Aristide.
Lèt Tou Dekachte Yon Pitit Ayiti Voye pou Prezidan Aristide (Open Letter to President Aristide from a Son of Haiti)
Otawa, Kanada, 16 Desanm 2002
Prezidan,
Akòz yon michan sitiyasyon politik lanvè landwat ki vare sou pèp Ayisyen an depi yon deseni, nou menm ki santi doulè ak veksasyon sa a nan trip nou, nou sètoblije ekri ou yon lèt cho k on founo ak lespwa li ka itil kichòy pozitif nan lit pèp nou an ap mennen pou libète total kapital, lajistis san twou nan manch ak lapè ki ka dire.
Prezidan Aristide, tankou ou di sa nan dènye diskou ou yo, fòs negatif k ap simaye latwoublay nan peyi a, se pa kont ou menm yo kanpe, se kont pèp Ayisyen an. Kidonk, se etank Reprezantan Alatèt Pèp Ayisyen ki mandate ou nòmalman, ou dwe resevwa kesyon mwen pral poze ou yo, pou ou ka reflechi epi pote repons sou yo. Konsa tou, ou va resevwa epi analize rekòmandasyon mwen pral fè yo – nan optik pou kontribye kichòy nan lit onorab pèp nou an ap mennen an.
Annou koumanse ak kesyon yo:
1) Pouki rezon ou refize òganize yon referandòm (konsilte pèp Ayisyen an – ki se otorite siprèm nanchon an) pou deside si nou dwe refè eleksyon lesjislatif ak lokal kèk moun konteste yo? Nou remake, okontrè, ou chwazi bat ba devan presyon kèk fòs etranje (Etazini, Inyon Ewopeyen yo, Canada elat…) jouk ou monte sou yon chimen nego-manipila-syon san bout ak etranje sa yo epi yon opozisyon y ap parennen ki kanpe klèman sou move zafè? Èske ou pa wè chimen nego-manipila-syon san bout sa a pi danjere lontan pou byennèt pèp Ayisyen an?
2) Ki lè ou va finalman deside sispann peye enterè sou prè $150M BID kidnape ilegalman li pa vle remèt Leta Ayisyen an? Èske se pa reskonsablite ou, etank Alatèt Leta a, pou ou ta trennen yon òganizasyon k ap benyen nan ilegalite kont nou konsa devan lajistis?
{N.B.: osito koudeta a reyalize BID tanmen prè li te bloke yo, toutotan se gouvènman lejitim Prezidan Aristide la ki t ap dirije Ayiti}
3) Kilè ojis gouvènman ou ap dirije a pral resi bay pèp Ayisyen an satisfaksyon ak dokiman FRAPH yo Fòs Ameriken yo te fè dappiyanp sou yo epi konfiske pandan plis pase 6 zan (1994-2000) pou yo fè operasyon move kout kreyon ladan yo pou maske non sitwayen Ameriken ki t ap travay pou CIA ki ta gen men yo tranpe nan masak ki te fèt pandan peryòd koudeta a (1991-94)? Èske se pa rekonsablite ou, etank Alatèt Leta a, pou ou ta trennen devan lajistis tout kriminèl, tout òganizasyon Leta Ayisyen genyen prèv grav konsa kont yo?
4) Ak ki otorite konstitisyonèl ou te pran 100,000,000 Goud nan lajan pèp la, ou bay pati opozisyon etranje yo ap kore yo ansanm ak Enstiti Franse – jan Rezolisyon 822 OEA a te mande ou fè sa a? – Èske se pa ede ou ap ede plis enjistis fèt kont pèp Ayisyen an lè ou poze yon aksyon konsa? Èske ou pa remake aksyon sa a sanble tèt koupe ak aksyon Prezidan Boyer ki te aksepte wa zenglendo blan franse Charles X fòse pèp Ayisyen an lage 60 milyon fran lò nan kòsaj Lafrans – swadizan kòm dedomajman pou dyab krabinay esklavajis Papa Dessalines (respè pou li tout tan!) te pimpe mete deyò nan peyi nou an?
{N.B.: kèk mwa annapre, 7 Avril 2003, ak anpil kouraj, Prezidan Aristide fè premye demand ofisyèl istorik pou Lafrans remèt Ayiti Ranson Charles X la }
Kounye a, men kisa mwen konseye ou Prezidan Aristide:
1) Souple, tanpri souple, aji pou ou pote repons apwopriye a kesyon mwen sot soulve pi wo a yo. Epi pa neglije enfòme pèp Ayisyen an pou li ka okouran ki aksyon ou ap poze demannyè pou li kapab deside si wi, epi kouman li pral kore aksyon sa yo.
2) Bliye vye pwomès filalang èd malatyong lennmi istorik pèp la ap plede fè li. Li lè, li tan pou nou manyè reveye nan dòmi epi reyalize, non sèlman Tonton Nwèl pa egziste tout bon vre, men li se yon vye kamouflaj zenglendo sofistike itilize pou yo dechèpiye gwo lajounen pandan je a yo nan je a mèt kay.
Ou bezwen lajan pou ou fè peyi a mache Prezidan? Voye je ou nan direksyon Pèp nou an. Nou pa pòv vre jan y ap klewonnen an. Nou gen tout yon kontinan chaje ak lò ak dyaman. Nou toupatou sou latè. Tout sa nou gen pou nou fè alèkile se mete lòd nan zafè nou. Olye ou chita ap pèdi tan ak yon swadizan “Bank Mondyal”, rele grandèt Mandela, rele frè nou Bill Cosby ak sè nou Maya Angelou. Wi, vye frè, ou mèt kontinye kwè nan resous gran Pèp global nou an – jan ou te abitye kwè nan li sa pa gen lontan.
3) Pinga ou janm aksepte negosye prensip sakre sa a: Zago fòs okipasyon pap rive touche tè Papa Dessalines nan (respè pou li tout tan!) lavèy jou premye Janvye 2004 la. SA A PA NEGOSYAB! Wi, nou konnen “Skinhead diplomatik” yo ap bat kò yo pou yo ta rive rann sa inevitab. Chango ap depanse bidòl pou vyolans anvayi peyi a menm jan li te fè sa lavèy 1915. Men, ou menm Prezidan, ou menm Alatèt Leta Ayisyen an, ou dwe pare pou ou bay lavi ou pou pèp nou an – si sa ta nesesè, pou anpeche sakrilèj demeplè sa a rive nan peyi nou an. SA A PA NEGOSYAB!
Anwetan konsèy sa yo, vye frè mwen, sèl sa mwen ka swete pou ou se benediksyon 100 milyon zansèt nou yo ki pase anba mati gwo tribilasyon esklavajis la – e n ap pote eritaj yo ak anpil kouraj ak anpil fyète jounen jodia. Mwen swete tou Granmèt Kreyatè ki egziste tout bon an (pa fotokopi mò bondye kolonozatè – vòlò-tè a non!). Bon Bondye tout bon an! Bondye Imhotep, Malik Shabazz el Shabazz, Albert Einstein, Boukmann, Toussaint Louverture, Dessalines, Sanite Belair, Marijann, Paul Farmer, Kendall Clark, epi Bondye tilezanj inosan ki fenk fèt nan Site Solèy, Soweto osnon Wachington D.C…an! Wi, mwen mande Bondye sa a pou li ba ou sajès ki va pèmèt ou konvenk tout frè ak sè nou yo rasanble, yon lòt fwa ankò, menm jan nou te fè sa yon fwa deja nan Bwa Kayiman. Wi! Pou tout frè ak sè rasanble keseswa pati politik yo, keseswa klas sosyal yo, keseswa metye yo nan sosyete a, n ap rasanble pou nou sèmante n ap viv epi n ap mouri dekwa pou nou kase kou lesklavaj neyo-kolonyal mal maske a pou tout tan gen tan.
Wi, frè, wi Prezidan, Vètyè nou an se kalfou poto mitan liberasyon tout pitit Lafrik Ginen toupatou sou planèt la! Kidonk, mwen kase randevou lakay ak ou 1 Janvye 2004.
Bilolo!
Frè ou ki renmen ou anpil,
Jafrikayiti
“Libète total kapital, Lajistis san twou nan manch ak Lapè ki ka dire – nou pa egzije plis, men nou pap aksepte mwens!”