KOUPE TÈT! BOULE KAY!

Bondye ak Dyab nan Listwa Ayiti
December 27, 2016
Endepandans Ayiti – 1 janvye 1804
January 1, 2017

KOUPE TÈT! BOULE KAY!

Kontrèman ak pwopagann kèk nèg kolonize, milat ak blan rasis vle fè pase pou listwa, te gen anpil konplisite, respè, kolaborasyon ant Toussaint epi elèv li Dessalines.

**

Youn nan mit pwopagandis anti-Dessalines yo kreye pou yo prezante Dessalines kòm yon sovaj san sèvo, se metòd “koupe tèt, boule kay” la. Orezime, se yon teknik lagè tout jeneral yo te aplike, kit se Toussaint (ki premye pase lòd sa a!), kit se Dessalines, kit se Christophe.
 **
Touletwa gran jeneral sa yo te konprann sikoloji kolon ak afranchi yo, ki se moun materyalis ki atache anpil ak byen yo vòlè (jouk jounen jodi a, desandan yo ap pwouve sa). Kidonk, destriksyon plantasyon yo, vil yo, richès ki te motive kolon yo pou yo brave danje, fè odasye ak konsyans yo, epi rasyonalize tout konpòtman kriminèl yo te adopte yo, se te yon aksyon nesesè pou demoralize kolon yo epi rann li difisil pou yo jwenn twoup ki ta ka ede yo kontrekare mouvman revolisyon anti-esklavajis la.
 **

Nou pa nan voye monte, noumenm! Men referans lèt Jeneral Toussaint Louverture ekri Dessalines, kote se Toussaint menm ki bay Dessalines lòd boule vil Potoprens:

 

Ou ka jwenn yon tradiksyon lèt sa a, nan lang Angle la a: The Louverture Project
 **
Nan liv Pamphile de Lacroix ki genyen lèt la, nou kapab jwenn tou kèk kòmantè ti kolon frekan sa a fè ki kore pozisyon nou adopte depi dikdantan kòmkwa, noumenm Ayisyen, nou gen enterè aprann analize listwa nou ak pwòp je pa nou. Anpil nan move pèsepsyon nou devlope osijè zansèt nou yo, se lenmi pèp Nèg la ki te foure yo nan tèt nou atravè enstitisyon kolonyal ak neyokolonyal tankou lekòl ak legliz pèpè ki kontinye ap anfouraye listwa nou anba kouch manti rasis anti-Nèg.
 **
Annou li ki jan Pamphile de Lacroix t ap salanbe ni Dessalines, ni Toussaint…epi, sitou, annou sonje ki lès misye te ye epi, ki enterè li t ap defann.

 Kidonk, se poutèt sa, mwen pa janm sispann repete “TOULEDE“, osijè fo kesyon “Toussaint ak Dessalines, ki lès ou pi pito” sa a…

Wi!

Ayisyen, chak fwa dyab la mande w Dessalines ak Toussaint ki lès ou pi pito?, reponn…

TOULEDE FOUT!

Epi, kale je w nan jel, mande l:

“E, oumenm, ipokrit, ki lès ou pi rayi?”

Comments are closed.