Kòd nwa 1685 ak lis nwa 2023 se makiyaj pou kache peche blan malveyan

Ayiti vivan paske rasin libète toujou djanm
March 26, 2023
Who supports foreign invasion of Haiti, why?
July 13, 2023

«Vye makiyaj entèlijan-an-an…pap fè yon pèp vanyan ki entèlijan tout bon vre twoke ni nèg ni blan malveyan pou moun byenveyan».

Konpatriyòt, onè! 

Jodi a, Dimanch 23 Avril 2023, nou genyen yon panse espesyal pou frè ak sè nou yo nan Sous Matla ak plizyè katye popilè ki kontinye reziste anba atak malfèktè telegide yo. Nou voye kondoleyans pou fanmi ak zanmi 3 polisye ki tonbe anba bal teworis yo Dimanch 9 Avril ki sot pase a: Pierre Paul Junior Dorcé, 35 an; Robenson Nicolas, 36 an, epi Claude Medèze Fortilien, 31 an. Nou bese byen ba pou pou nou salye kouraj manman Robenson Nicolas ki te refize bay bandi alatèt PNH yo lanmen pandan seremoni antèman an. 

Malgre gwo lapenn, grandèt la te pito pale ak kadav pitit gason li : «Se sa ou t ap chèche. Fòk mwen sèvi peyi m. Yo ri w. Ki peyi? Leta ayisyen se sa ou fè m? Ariel ou manje l vre?».  

Li klè, si jounen jodi a PNH pa pwoteje ni polisye ni moun Sous Matla, Bèlè osnon Matisan, se paske enstitisyon sa a kontamine jouk nan zo, li pa Polis Nasyonal Ayiti ankò. Alèkile, se yon fòs marechose neyokolonyal malfèktè tout koulè mobilize pou pwoteje e sèvi Anbasadè Lafrans k ap gouye kanaval Sitadèl ak Ariel; pou veye tèminal Varreux kote Mevs estoke gaz oligak ap vann pri dyaman; osnon pou veye move lajan Martelly ak Bigio vòlò ale sere labank osnon kay move vwazen Dominiken. 

Lè nou fin libere Ayiti nou va kreye yon vrè fòs Polis k ap la pou pwoteje e sèvi tout Ayisyen san fòs kote, ikonpri Ti Mamoun ki pa posede 1 goud.

Kòmalòdinè, anvan nou founi je gade aktyalite semèn sa a, nou pral rale retwovizè listwa pou nou gade ki jan, nèg ak nègès Ayisyen abitye goumen ak anpil entèlijans, kouraj epi pèsistans epi pote laviktwa kont zansèt bandi Kò Gwoup yo, yon makòn malveyan ki te toujou kanpe an mòd gang «Fanmi e alye Ajimal».

***

Jodi a, n ap kanpe ti bourik listwa nou nan premye estasyon 29 Septanm 1688 kote, nan vil Leyogàn, kolon blan franse pibliye yon dokiman yo rele Le Code Noir. Ojis, se depi nan nan mwa Mas 1685, wa zenglendo Lafrans lan, Louis 14, te pibliye dokiman sa a nan patiray pa l. Premye vèsyon Kòd Nwa a se yon konpilasyon 60 atik ki ponn nan imajinasyon yon blan malveyan ki te rele Jean-Baptiste Colbert. Mouche sa a te pote menm non ak papa li ki te Minis Lamarin nan gouvènman Lafrans, alepòk. 

Wa zenglendo Lafrans lan bay blan malveyan parèy li tout dwa pou yo fè nèg Lafrik tounen esklav. Li deklare se obligasyon blan yo pou yo batize esklav yo, enstwi yo, bay yo manje kòmsadwa, abiye yo epi pran swen esklav ki fin vye granmoun oswa malad, elatriye…

Nan liv li «Haiti-Haitii, Pwezi filozofik pou dekolonizasyon mantal», Doktè Jean-Bertrand Aristide fè yon analiz klè kon dlo kòk, kote li dyagnostike ipokrizi, twou nan manch ak gwo mechanste ki anndan sèvo blan malveyan sa yo ki te ponn dokiman sadik yo te batize Kòd Nwa a. Nan yon chapit li batize «Kòd Nwa pou Blan pann Nwa», Doktè Aristide brake pwojektè sou 16 atik ki enpòtan anpil nan dokiman sa a. Parekzanp, annou founi je gade Atik 6 ki deklare : «pit kou mawon, zannanna kou pengwen oblije respekte jou Dimanch ak jou ferye…pèsonn pa dwe travay ou fè esklav travay nan jou sa yo…».  

Ak anpil ladrès, Doktè Aristide demaske blòf ki makonnen nan Atik 6 la. Li esplike ki jan, an reyalite, sou koloni esklavajis yo «…nan anpil zòn, jou Dimanch, gen esklav ki leve vè 2 zè dimaten pou kandale mache byen lwen lwen, al asiste mès katrè dimaten nan legliz katolik apostolik womèn e retounen vit vit, prese prese. Doulè kout baton, kout raso, kout fwèt kach, kout matinèt nan tèt ak souflèt marasa pou bourike san rete pa t janm kapab disparèt nan memwa esklav yo senpleman paske se te yon jou Dimanch. Repo tout bon vre a, nan lespri pa yo, mache ansanm ak libète. Entèlijans natirèl esklav yo te ede yo santi ki jan libète a danse nan tèt bon sèvitè tankou yon gwo lespri bondye voye ba yo». 

Pou demaske ipokrit malfèktè sinik yo nètakole, Doktè Aristide ajoute yon fraz zulu : «Kucha Mungu si kilemba cheupe» ki vle di : Sèvi Bondye pa vle di vlope tèt ak mouchwa blanch.

An verite, menm jan epòk Wa zenglendo Louis 14 ak Colbert, yon makòn blan malveyan t ap eseye kouvri tèt yo ak mouchwa blanch, se konsa nan ane 2023, zwadizan lis sanksyon k ap pibliye nan peyi Kanada, Etazini ak Dominikani, se mouvman blòf tankou Dimanch blòf.

Annou kite ti bourik listwa nou bwè ti dlo, pandan n ap founi je gade aktyalite semèn sa a.

***

Vwalatilpa, nan yon dekrè li pibliye 14 Avril ki sot pase a, Prezidan Dominiken Luis Abinader idantifye 38 osnon 39 moun li deklare persona non grata sou teritwa peyi li paske yo reprezante yon menas pou Dominikani, swadizan difèt yo ta enplike nan move zak kriminèl an Ayiti. Luis Abinader pibliye yon lis ki makonnen ansanm lis blan Meriken ak lis blan Kanadyen te pibliye mwa pase yo, anwetan kèk non tankou Bigio ak Martelly ki disparèt kote lòt non vin parèt toudenkou. Anplis gen konfizyon osijè kantite moun ki sou lis Abinader la kote se 2 pèsonaj, Joselito Petit Homme ak Carlo Petit Homme, yo mete sou lis lan kòmkwa se ta non legal bandi «Ti Makak». Antouka, dedouble ou pa, vwalatilpa, nan menm semèn nan, bri kouri g on Petit Homme ki fè vwèl pou peyi san chapo, nan sikonstans ki po ko janm klè, jiskaprezan. Koze lis sa a gen yon michan kanpay manipilasyon opinyon piblik ki makonnen ak li, sitou lè nou okouran ki jan mafya anvayi nou sou tou 2 bò zile a. Zam fann fwa ap janbe fwontyè tout lajounen pandan Ayisyen ap tonbe tankou mouch, epi malfèktè ap pibliye lis, tankou se tiraj bòlèt Pèp Ayisyen bezwen nan moman kritik l ap viv lan. 

Nan menm semèn nan se yon veritab masuife Ayisyen ap pase pou yo retire lajan yo labank. Sou rezo entènèt imaj ak son ap sikile kote jenn fanm pete lòbèy, jouk kòlè dechire rad sou kò yo mete atè pandan y ap salanbe responsab labank ki kidnape dola vèt fanmi yo aletranje te voye pou yo.

Pandanstan, mouche Ariel ap prepare eleksyon selon ajannda blan Wachintonn lage nan men l. Manzè Mirlande Manigat menm chita byen banda nan CHT (lajan kontan) l ap fè diskou, sanzega pou defen pwofesè a.  “La madame parle la bouche pleine, wi timoun!“.  

Nan sektè Vodou menm se rèl sou rèl. Yon ekip sèvitè rele “anmwey adiltè” daprèzavwa yo pa rekonèt Mèt Newton Saint-Juste kòm Vodouyizan. Yo di mouche sa a ki swadizan pral reprezante sektè Vodou nan ti rès KEP Ariel ak Mirlande lan, se yon fidèl legliz Alvantis di 7èm jou. Ougan Wilfrid Saint-Juste, resposab òganizasyon Alovi Dahome, deklare: de tout fason, vye lakilbit sa yo se fo mouvman daprèzavwa eleksyon pa posib vre sou lobidyans bandi PHTK-SDP.

Pòtoprens! Ala kote ou tande!

Konpatriyòt, annou fè yon dezyèm kanpe ak ti bourik listwa nou. 

***

Nou sonje ki jan Colbert, Montesquieu, Voltaire… t ap ekri pwezi ak filozofi «siècle des lumières», pandan san nèg ak nègès t ap awoze ekonomi Lafrans? Se konsa, nan Atik 10 Kòd Nwa a, nou te li : «Konsantman papa ak manman yon esklav pa konte si esklav la ap marye; sèl konsantman mèt esklav la ki konte…». Doktè Aristide obsève ki jan pou kolon blan an tout moun pa moun. Li rapousuiv… «malgre tout endiyasyon ak imilyasyon atik 10 la charye, li tonbe tankou branch sèch ki pa bezwen van pou jete l. Koze maryaj la se jis yon ti briz van tou piti piti ki soufle pou tout lòt pawòl tèt anba tonbe tèt anba nan yon lwa tèt anba». Jounen jodi a, lè nou suiv ki jan blan malveyan nan Nasyonzini ap vyole ni lwa Ayiti, ni lwa entènasyonal pou yo kore bandi k ap fè Ayiti tounen lanfè pou nèg ak nègès Ayiti, nou kapab wè, san di pètèt, malveyan yo pa pran sa lwen.

Doktè Aristide ekri : «Depi nan operasyon kidnapin lan, kolon yo te deja byen di ak yon vyolans san parèy ke pou yo tout moun pa moun…Sou plato balans mòd jistis fòs kote, devan dèyè, tèt anba sa a, volonte pa l peze pi lou pase gwo gwo wòch manman penmba, tandiske volonte esklav li posede pa konte pou anyen ditou».

Nou fin koute lwa tèt anba k ap danse nan tèt blan malveyan yo depi dikdantan, kounye a, annou mete zòrèy nou an twonpèt pou nou koute vwa Papa nasyon nou an ki t ap pale ak nou, yon jou Dimanch 1 Janvye 1804 :

«Fanmi-m yo, fanm kou gason, jenn ti moun kou tilezanj pwomennen je nou, gade toupatou sou zile a. 

Nou menm : pwomennen je nou, chèche mari nou. 

Nou menm : pwomennen je nou, chèche frè nou. 

Nou menm : pwomennen je nou, chèche sè nou. 

Kisa m ap di konsa a…pwomennen je nou, chèchè pitit nou, tibebe ki nan tete, kote yo?

Adye!, tout kò mwen pran tranble lè pou koze sa a sòti nan bouch mwen…Yo tout disparèt anba grif bèt sovaj yo bay pou kolon blan an!

Wi, lè nou founi je gade toupatou sou zile a, olye nou wè bon fanmi sa yo, se sou asasen ki lakòz lanmò yo nou pantan!». 

Se ak pawòl sa yo Jeneral Jean-Jacques Dessalines, liberatè Ayiti, t ap avèti pèp Afriken an : lavi nou ap toujou menase toutotan nou sitire blan malveyan k ap respire nan peyi nou an.

Poutèt li te toujou pran yon pozisyon zewo tolerans anfas blan malveyan yo, zòt kouri tripotay sou li, yo di Dessalines pa t renmen blan.  Men, annou aprann poze bon kesyon : èske blan malveyan yo te renmen Dessalines? Èske yo te renmen manman Dessalines ak Papa Dessalines, Toussaint, Marijann, Sanite, Grann Toya elatriye…?

Aklè, leson listwa montre nou se yon “sistèm san manman” ki t ap taye banda sou zile Ayiti pandan plizyè syèk, jiskaske, yon jou 18 Novanm 1803, Papa Dessalines te reyisi fann fwa lame Napoléon Bonaparte epi li mete lòd nan dezòd.

Pou li ede remanbre fanmi nèg ak nègès Ayisyen an, depi nan premye Konstitisyon peyi a, ki pibliye 20 Me 1805, Papa Nasyon an te deklare:

Atik 1: Pèp k ap viv sou zile sila a yo te konn rele Saint-Domingue nan deside pou li fòme yon peyi lib ki granmoun nan tout kò li, ki pa bese tèt li devan pyès lòt puisans nan linivè. Peyi sila a ap pote non Anpi Ayiti.

Atik 2: Koze yo bay pou lesklavaj la kaba. Jamè, ogranjamè, li pa p janm tounen sou moun ankò.

Atik 3: Tout sitwayen Anpi Ayiti se frè ki egal ego devan lalwa; Sèl lòt tit, avantaj, oswa privilèj ki ka janm egziste se rekonesans ak rekonpans nan sèvis libète ak endepandans peyi a.

Vizyon Papa Dessalines pou Ayiti te klè kon dlo kòk. Se yon nasyon tou nèf ki koupe fache ak sistèm san manman blan malveyan yo te tabli, depi yo te vin chwe sou zile Ayiti, jou 5 Desanm 1492 lan. Kidonk, Anpi Ayiti tabli yon sistèm san fòs kote, yon sosyete ki kanpe djanm sou prensip : «tout moun se moun». 

Konpatriyòt annou kite ti bourik listwa nou bwè ti dlo, pandan n ap fè yon dènye founi je gade aktyalite semèn sa a.

***

Se ak anpil lapenn nou aprann nouvèl ki jan bandi ak zam fann fwa «made in USA» touye epi blese plizyè dizèn moun yo teworize nan lokalite Sous Matla, komin Kabarè. Teworis yo rache moun ak kout manchèt, yo mete dife nan plizyè dizèn kay. Se sitou ant Mèkredi 19 pou rive Vandredi 21 Avril malfèktè yo komèt zak tèrib sa yo. Daprè Jackson Séjour, youn nan responsab brigad vijilans nan Sous Matla, se bandi ki soti Vilaj de Dye, Ti Tanyen ak Kanaran ki anvayi moun Sous Matla ak 3 ti bis pappadap.  Kidonk, depi Mèkredi 19 Avril, popilasyon Sous Matla  ap mande sekou. Natirèlman, ni bandi ki fè kadejak sou leta epi ki ap boloze nan fo gouvènman PHTK 4yèm vèsyon Fizyon Sosyal Demokrat, INITE, Sektè Demokratik Popilè (SDP) ak alye yo, ni swadizan responsab PNH yo pa janm fè okenn dilijans pou ede viktim yo.

Imite l pa IRI-te-l, Jèvilen Jèvilis

An verite, pandan zòt ap simen lanmò ak zam fann fwa, gen plizyè bon Ayisyen k ap travay pou lavi ak lavni ka pi bèl. Pami bèl nouvèl n ap selebre semèn sa a, nou aprann, nan okazyon fèt maman kap tonbe Dimanch 28 Me 2023 ane sa a, lopital universitè Dr. Aristide ofri maman yo posibilite pou fè yon akouchman prèske gratis paske yo pap peye ni lopital la, ni doktè yo. Responsab yo ajoute : «Si ou entèrese, pase depi jodi a nan lopital Universitè Dr Aristide pou rezève plas ou. Pye kout pran devan, fòk ou vin chèche kat rezèvasyon an mwa sa a, si ou pra l akouche nan mwa me a».

Chapo ba UNIFA!

Jisteman, nou aprann gen moun ki malalèz ak ekpresyon «blan malveyan» an ke mwen itilize detanzantan nan emisyon m yo. Annou klè! Si ou kore sila yo k ap bati inivèsite, lopital, jaden kominotè, sistèm irigasyon… kit ou nèg, kit ou blan, ou se yon moun BYENVEYAN!  Konsa tou, si se Martelly amatè Ti Sourit kilòt tanga ak lòt asasen malfèktè tankou Babekyou (Jimmy Chérizier), Bigio, Lanmò 100 Jou, André Apaid…ou kore, san di pètèt, kit ou blan, kit ou nèg, kit ou pa rekonèt ki bèt ou ye sou latè, ou s on gwo MALVEYAN. Èske nou klè, alèkile?

Pami bon nouvèl nou resevwa semèn sa a, Radyo Rezistans anonse reprezantan plizyè òganizasyon ki soti toupatou nan peyi a te fè bon jan rezistans kont gang BSAP (Brigade Surveillence des Aires Protégées). 

Lendi 17 Avril ki sot pase a, gwo Jounen Entènasyonal Lit Peyizan yo, malfèktè BSAP ansanm ak lòt bandi ame jiskodan te vin fè dappiyanp sou tè peyizan ki sou fèm Leta nan Papay, ki nan komin Ench. Vwalatilpa, se pandan òganizasyon solidarite sa yo te sou fèm lan yon kolòn malfèktè ki abiye ak inifòm BSAP ak lòt bandi te vare sou yo. Malfèktè yo deklare tè sa a, se pwopriyete prive. Poutan, se yon fèm peyizan nan zòn sa a anfème nan men leta depi plis pase 20 lane. Militan òganizasyon yo fè rezistans epi yo rele lapolis. Lè lapolis debake ak komisè gouvènman Ench lan, Edner Guillaume yo arete yon endividi ki rele Serge ke peyizan yo idantifye kòm youn nan malfèktè ki boule kay ak jaden peyizan nan zòn nan. Anndan yon kay Serge bati dèyè do lalwa sou fèm leta a, Lapolis jwenn 2 zam ak plizyè lòt materyèl vòlè te pran kay peyizan yo. 

Evenman sa a rive pandan yon woumble Mouvman Peyizan Papay (MPP) te fè pou selebre 50 ane ekzistans li. Chapo ba pou reprezantan òganizasyon sa yo ki fè solidarite ak rezistans kont bandi yo epi ki pèmèt peyizan yo retounen sou fèm lan pou kontinye travay tè yo. 

Konpatriyòt, annou fè yon dènye kanpe ak ti bourik listwa nou. 

***

Nan atik 9, premye Konstitisyon Anpi Ayiti ki pibliye 20 Me 1805, zansèt nou yo deklare: «Yon bon Ayisyen se yon bon papa. Li yon bon pitit, li yon bon mari epi sa ki pi enpòtan pase tout lòt bagay fòk li yon bon sòlda».

Kidonk, prensip ki fòme nannan Konstitisyon Enperyal 1805 lan klè kon dlo kòk : non sèlman yo deklare lesklavaj kaba, yo di tout sitwayen egal-ego devan lalwa, zansèt nou yo te ensiste “sèl moun ki aji kòm yon «papa valab» merite pote tit sitwayen Ayisyen”. 

Atik 10 Konstitisyon an rapousuiv: «Papa ak manman pa gen dwa dezerite pitit yo sou okenn pretèks». 

Atik 16 lan di:  «Ap genyen yon lwa espesyal pou tout ti moun ki fèt andeyò maryaj». Kidonk, depi 1804, nou kwape pwojè kriminèl blan malveyan yo, zansèt Andre Apaid yo, kòmkwa pou nèg ak nègès ta gaye tankou yon pil bèt sovaj nan yon savann, san manman, san papa, san batistè, san papye tè, san eritaj.

Atik 12, nan seksyon Dispozisyon Preliminè a di: «Okenn blan, kèlkeswa nasyonalite li, pa gen dwa pile tè peyi a kòm mèt esklav oswa pwopriyetè. Epi, blan pa gen dwa janm gen pwopriyete nan peyi a». 

Pi douvan, nan seksyon Dispozisyon Jeneral, batistè peyi a deklare:

Bwa Kayiman ak Vètyè pa t fout fèt pou Ayisyen sèvi etranje

«Nenpòt etranje k ap viv nan peyi a gen menm responsabilite ak tout Ayisyen pou li respekte tout lwa peyi a». Atik 11.

«Leta peyi a otomatikman, epi, san pale anpil, sezi tout pwopriyete ki te pou yon blan Franse». Atik 12.

«Tout Ayisyen ki te achte yon pwopriyete nan men yon blan Franse epi li pa t ko fin peye l, jodi a se leta Ayisyen li dwe rès kòb la». Atik 13.

 «Chèf leta a se papa fanmi Ayisyen an. Pa dwe gen okenn distenksyon koulè nan mitan fanmi an. Apati jodi a, nou konsidere tout Ayisyen se moun nwa nou ye». Atik 14. 

Konpatriyòt, annou pran tan reflechi sou valè nasyonalis enpòtan ki te fofile nan Konstisyon Enperyal 1805 lan kote, nou kapab rekonèt se yon zouti Ayisyen te ekri pou Ayisyen, selon reyalite Ayiti epi pèp Ayisyen an. Èske nou kapab di menm bagay sa yo pou dokiman blan malveyan Core Group an fanmi e alye yo te ekri pou Martelly, Jovenel, Ariel, Mirlande ak makòn apatrid, abolotcho, sa yo? 

Konpatriyòt, anverite, Papa Dessalines te klè sou pozisyon li! Nou menm nèg ak nègès zile Ayiti, sistèm «tout moun se moun» nou chwazi pou nou viv la, se yon sistèm ki depaman nètalkole, ki dyametralman opoze ak sistèm «san manman» blan malveyan yo vle fòse nou viv anba l la, depi epòk Kòd Nwa Colbert, pase nan Code Rural Jean-Pierre Boyer, rive jouk jodi jou. 

Gwo chèf malfèktè a kreye teworis lakay nou, li voye kagezon zam ak minisyon ba yo. Li òganize fo eleksyon, bay asasen pouvwa fè kadejak sou leta peyi nou. Apre sa, li pran pòz l ap ede nou konte konbyen «gang» li wè nan federasyon li menm ankò li fin kreye a. 

Konpatriyòt, an verite, pou nou kwape latèrè zòt mete nan Ayiti nou pa vle a, se nou chak ki dwe voye kout pikwa pa nou nan Konbit Sali Piblik k ap bati Ayiti nou vle a! An verite, apre nou menm Ayisyen, nou va reprann kontwòl Ayiti nan men malveyan yo, n ap fè yon veritab pwosesis REPARASYON sou baz Konstitisyon 1805 lan. Yon REPARASYON an favè sila yo Repiblik nèg anti-nèg Pétion-Boyer a te mete “andeyò” zafè peyi a, depi 17 Oktòb 1806.

Pou nou fèmen kozman jodi a, pèmèt mwen pataje yon ti lodyans ak nou :

Sa gen kèk ane mwen te ekri yon lodyans ki rele “Nèg Matisan 7 la“. Se istwa yon nonm ki t ap rele “bare vòlè! bare vòlè!”, ra gagann, epi ki te devan nèt ak yon foul moun dèyè l k ap kouri desann ak menm refren an sou wout Matisan 7. Wi, Senatè Youri Latortue, ki pibliye yon swadizan rapò pou denonse koripsyon asosye li yo, nan gang Petro Vòlè PHTK a, te raple m ekzibisyon Nèg Matisan 7 la. Mèzalò, li klè, depi dikdantan se yon veritab “Asosiyasyon Nèg Matisan 7” k ap feraye nan peyi nou an.

Alèkile, koze a pi konplike paske chaje blan k ap kouri desann Matisan 7 ak tout boulin. An verite, lè nou tande yo kanpe devan klas la, kanè anba zèsèl, y ap fè distribisyon, pinga ou janm kwè se Direktè osnon Pwofesè Matematik yo ye. Ditou pa! Okontrè, malfèktè k ap pibliye lis yo se menm yo menm nan ki pi gwo magouyè katye a. Teknik mastèbrenn entèlijan-an-an-an…sa yo adopte a pèmèt blan malveyan yo monte sou yon pyedestal – kòmkwa yo anwo – yo pa kanmarad asosye ki t ap feraye bradsi bradsou nan tout magouy ak yo depi dikdantan! Alòs, ki kote Michel Martelly, Laurent Lamothe, Sophia, Kiko St-Rémy, frè malfèktè Mayard-Paul yo… te jwenn pasaj pou yo gagote kòb Petro Caribe a? Se pa ak eskamotè Dominiken Felix Bautista, Ameriken ak Kanadyen yo t ap deplimen tout resous peyi a?

Swadizan sanksyon mazora dyòl fobo k ap pran pòz y ap mòde men k ap ba yo manje – se teyat pou distrè aryennafè. Detanzantan, ou ka wè yo pwofite ajoute non kèk inosan nan lis fondanman yo an pou kreye plis konfizyon. Mèzalò, pèp vanyan pap pran nan distraksyon, ni fent. 

Asosiyasyon Nèg Matisan 7 – Ou kwè se entèlijan-an-an!?

Si ou kore sila yo k ap bati inivèsite, lopital, jaden kominotè, sistèm irigasyon… kit ou nèg, kit ou blan, ou se yon moun BYENVEYAN! 

Si se Martelly, Jimmy Chérizier (Babekyou), Bigio, Lanmò 100 Jou, André Apaid, Youri Latortue…ou kore, san di pètèt, ou s on gwo MALVEYAN.

Wè pa wè, g on dechoukay ki dwe fèt! E, li pap epanye pyès malveyan, ni nèg, ni blan, ni sa ki pa konn ki bèt yo ye sou latè!

«Vye makiyaj entèlijan-an-an…pap fè yon pèp vanyan ki entèlijan tout bon vre twoke ni nèg ni blan malveyan pou moun byenveyan».

Sife!

1 Comment

  1. Marie Nadine Pierre says:

    Jah & Jahes love beloved brother Jafrikayiti. Mesi anpil pou ou lot pos nan blog ou ki bay anpil bon enfomasyon ask analiz. Mwen renmen ti fraz sa a anpil: “Si ou kore sila yo k ap bati inivèsite, lopital, jaden kominotè, sistèm irigasyon… kit ou nèg, kit ou blan, ou se yon moun BYENVEYAN! ” Mwen dako avek ou, paske gen byenveyan nan tout ras., ki moun tout koule. Epi mwen pat konnen ke Franse yo te rive lavil leyogan depi avan 1697! M te li ke pirat yo, filibuster ak boukanye yo te pran ou ti zile-petet Lagonav. Mezanmi, de 1688 yap fe nou dega! Si blan malveyan Franse sa yo te deja pran Leyogan dpi lane 1688 kote yo ekri “kod Nwa’ kote panyol yo te ye? M te li ke lague de peyi sa yo fe pou li Ayiti a dire o mwen 90 ans! Men gel franse yo te gentan genyen depit avan 1697. Antouka, mesi pou bon enfomasyon ak tout bet ou lage sou nou an. Lanmou beni. #1804 #Ayiti #ToutMounseMoun #HousingfortheHomelessNow #AbolishCPS #DefundFosterCare #ProChoice #RawVeganforLife #AbolishPoverty