E si Prezidan Aristide te fè lach tankou Prezidan Préval?

Testaman Liberal Yo: Verite osnon Malatchong?
February 19, 2022
Yon bon dechoukay nesesè pou Ayiti netralize tout malfèktè
March 13, 2022

Ale wè tou: https://jafrikayiti.com/rene-preval-restitisyon-ranson-1825-1947-lafrans-lan/

***

«Monchè ou wè mwen menm! Mwen ou wè la a. Si m te la nan epòk esklavaj epi yon blan ta konprann pou li ranse avè m mwen t ap di l :  Ep gade non ti mal gèt manman ou  epi m kap voum! M pase kle nan machin mwen m gaz!» (adaptasyon yon pawoli Eddy Murphy lage nan komedi li ki rele “Delirious“).

Mwen kòmanse sizyèm lòsyè Revolisyon Tout Bon an konsa yon mannyè pou mwen raple lektè a, koze revolisyon n ap pale la a se pa pawòl tafya. Nou pa p ekzèse foli gwo midi ni non plis, nou pa panse twò prese ap fè jou louvri. Annou eksplike…

Nou sonje prensip santral Revolisyon Tout Bon an: “Twa Pawòl” osnon amonizasyon sa ou panse ak sa ou di epi sa ou fè. Se kichòy ki repete fasilman. Men, tankou tout lòt pawoli ki pran rasin nan ansèyman Fran Ginen tankou Jezi: tande ak wè se de. Tankou mwen te mansyone sa deja, se pa mwen menm ki premye fòmile prensip sa yo. Pèsonèlman se nan bouch Sanba Lòlò ak Manzè, de Ayisyen mwen renmen epi respekte anpil, mwen premye tande pawoli limyè sa yo, nan langaj peyi nou (Libète, 1995; Revolisyon, 1998).

Wi, tande ak wè se de! Nou fenk sot fè eksperyans lan la a nan Koze Nèf Tankou Ze Fre. Malgre gwo diskou anti kolonyal Chèf Leta Ayisyen an fè Premye Janvye 1999 nan vil Gonayiv : “Nou mande yo senpleman pou yo rekonèt responsabilite istorik Lafrans nan malsite istorik Ayiti epi, ansanm, nou ka chita pou ede yo korije enjistis istorik sa a“, lè li kwaze ak Jacques Chirac mwa pase a, nan vil Moncton, se pa koze 150 milyon Fran Lafrans te vòlè epi ki dwe remèt ki t ap pale. Okontrè, Prezidan René Préval, pase nan mitan foul chèf Afriken ki mouri poul yo tou dousman (adwaz alamen) ap pran leson “demokrasi” nan men desandan Grèk yo. Maurice Sixto ta di: “Ou tande bèf, ale wè kòn!“. Gwo moso jwenn bouchon li!

Kidonk, vle pa vle, nou sètoblije fè yon konsta: sou kesyon sa a, keseswa sa li panse, pa gen amoni nan sa Prezidan Préval di epi sa li fè. Konsta sa a ka pouse yon sinik pou li di: “mwen te deja konnen sete bri sapat, pale met la, koze kredi, demagoji“. Men, san nou pa eseye retire responsablite sa li di ak sa li fè nan men Prezidan Préval (ak tout ekip ki te al paweze Moncton lan) annou fè atansyon pou nou pa tonbe nan menm zatrap ak kanmarad Eddy Murphy fè blag sou li a. Sa vle di: pèdi fokis, souzestime reyalite rapò fòs ki ekziste nan anviwonman an, pandan Afriken an epi Ewopeyen an kanpe bab pou bab, nan ane 1699 osnon nan ane 1999.

Natirèlman, ou ka konstate sitiyasyon Prezidan Préval pa menm ak sitiyasyon kanmarad Eddy Murphy a (ou byen imaj esklav li fè nan tèt li a) paske Prezidan Préval pa t anfas yon sipozisyon men anfas yon reyalite. Konsa, kanmarad Eddy Murphy a pa t konsyan reyalite esklav li t ap eseye imajine nan tèt li a (li joure manman blan an, epi kondui “machin li”…); Men, Prezidan Préval li menm te byen konsyan reyalite ki anfas li a paske se te yon aksyon ki t ap dewoule nan tan epi nan espas reyèl kontanporen. Kidonk, se pa inyorans ki te gouvène konpòtman Prezidan Préval nan vil Moncton.

Alòs, tankou yo di Jwif yo te di nan tan Jezi “Krisifye le!”, pa vre? Rilaks! Rilaks! Anvan nou kouri lapide sitwayen René Préval, daprèzavwa nou konstate sa li di ak sa li fè se de bagay depaman, annou poze tèt nou yon kesyon: Pami nou tout k ap ekri epi li mesaj sa a, ki lès (TOUT BON VRE) ki t ap chwazi soulve kesyon 150 milyon Fran Lafrans vòlè a, si nou te nan plas Prezidan Preval?

A bon, sètadi, epi tou, fòk ou konsidere, natirèlman…” Bobin!

Laverite sè ke fòs karaktè nou chak ekzibe nan yon moman se rezilta yon pwosesis, yon levasyon nou resevwa, yon “pwogramasyon sèvo” nou sibi depi nou ti katkat. Alòs, mwen konsyan po ko gen anpil Ayisyen, frè m, sè m, ki t ap gen kouraj fè sa ki te merite fèt la si yo te nan plas Prezidan Préval nan koudjay “Sommet de la Francophonie an. Tankou Boukman Ekperyans di: “nou pa pare!“. 

Men, fòk nou pa chita ap lamante sò nou sou konstatasyon negatif sa a. Okontrè, se pou nou eseye analize pou kisa nou pa pare epi pran dispozisyon pou nou pare tèt nou, endividyèlman, kolektivman (ak sipò, ekzòtasyon, edikasyon youn ap pataje ak lòt) pou nou retounen antye ankò. Sa vle di: moun ki gen volonte, mwayen epi kouraj pou yo defann enterè yo kòmsadwa tout kote.

Apre 500 zan ewopeyanizazonbifikasyon byen planifye, byen ekzekite, li pa etonan pou nou konstate nou pa gen ase konfyans nan tèt nou pou nou revandike dwa nou devan limanite. Li pa etonan, Prezidan nou an pa dòmi reve soulve kesyon 150 milyon Fran an paske li sèten si li te fè sa, pa gen yon majorite Ayisyen ki t ap konprann epi apiye pozisyon sa a. Li pa etonan, pa gen ankenn jounalis nan laprès, ankenn gwo “entèlektyèl” ki remake ki jan “toutrèl la” pase Moncton san li pa pèdi yon plim. Jacques Chirac tèlman santi li pase an gran jan nan mitan pitit deyò “Frankofoni” an, apre koudjay la, misye kannale rive nan vilaj “Inuit” yo nan pwent nò kontinan Amerik la pou li fè demagoji ofri Inuit yo èd ekonomik peyi Lafrans. Odas konsa posib pou misye paske, se pa listwa ki fè l, se li ki fè listwa.

Nou menm nou pa pare,  paske se zòt ki montre n ki jan pou nou li listwa, ki jan pou nou (pa) konprann listwa. Se zòt ki ekri listwa l, nan lang li, bannou repete l tankou makak ki chita sou ban lekòl. “Christophe Colomb découvrit Haïti le 5 décembre 1492Las Casas protecteur des Indiens, et patati et rablabla…repétez!

Nou pa pare, paske yo te byen pre-pare-n pou sa!
Epi, epi…anyen? Non, monchè! 

Epi, nou kontinye pataje moso verite lave je, verite pete chenn, youn ak lòt. N ap kontinye san awogans, san pretansyon se nou ki pi revolisyonè pase tout moun. N ap kontinye ak konpreyanson epwouve syantifikman ke nou chak kontamine ak viris ewopeyanizazonbifikasyon an epi se sakad apre sakad n ap reyisi reveye, endividyèlman dabò, kolektivman pi devan. Paske, nan yon sans relatif, jenerasyon sa a pa pi revolisyonè, mwens zonbifye, pase jenerasyon anvan men nou benefisye eksperyans jenerasyon anvan an pou nou rapousuiv mouvman “reveye“, “dezabiye” a.

Sè mwen, frè mwen, èske ou konn tande pale de yon pwodui ki rele “Topiclear“? A, sa se yon lòt lòsyè…ki pral mennen nou sou chimen “dezabiye“. Pawòl anpil, machwè gonfle! Pito nou kanpe la pou jodi a. Pa bliye, se yon degre alafwa. Ti pa ti pa jouk nou rive sou 180, ANSANM !

Lizay epi lapè Gran Mèt la sou nou sè mwen, frè mwen!

Jafrikayiti
Chenn nan tèt pi di pase chenn nan pye. Men, grasadye, twou manti pa fon…Ayibobo!

***

Tèks sa a pibliye pou premye fwa sou platfòm Koze Nèf Tankou Fre ak Jafrikayiti, yon kole zepòl ak Ayiti Vilaj Global, Studio D, Henry Deschamps, seri “Revolisyon Tout Bon” – (Sizyèm lòsyè – Dimanch 25 Septanm 1999)

Èske ou kwè se yon erè Prezidan Aristide fè dèske, kontrèman a Prezidan Préval ki te vag sou rekòmandasyon mwen te fè nan ane 1999 sou kesyon Restitisyon an, Prezidan Aristide, li menm, te deside gade dyab la nan je, 7 Avril 2003, epi li ekzije diyite, jistis ak reparasyon pou Ayiti?


#2877: Reparations from France (Saint-Vil) (fwd)



From: Jean Saint-Vil <jafrikayiti@hotmail.com>

Onè,

It is interesting to see this question being raised on the list. Those of 
you who can read Kreyol and followed "Koze Nef tankou Ze Fre"
http://www.i-port.net/sd-in-j/chronicle.htm
are aware that the current Haitian government was actually challenged to 
take on the french government precisely on this issue while the leaders of 
"Frankofoli" were meeting for wine and cheese in Moncton, Canada, last 
August.

For your information, I did the summary calculations for the French 
zenglendo ransom debt and it amounts to no less than $2 BILLION U.S. (at 
least!).

And yes, the return of the zenglendo ransom is an altogether different issue 
than that of reparations for African racial slavery. Let us not even dare 
speculate how much money is owed by Europe to Ayiti, Jamaica, Dahomey....for 
the enslavement of the Wolof, the Ibo, the Kotokoli...and the 
underdevelopment of KMT "Land of the Blacks" or Africa.

The world has turned up side dowm. Those who stole are now considering 
whether they ought to "forgive" the debt of those from whom they stole.

No, the european king of the Vatican did not say anything about us and 
neither should people of Ayiti, Boriken (Puerto Rico), Dahomey... sit and 
morn the fact that he did not give us empty hypocritical apologies for 
premeditated genocide.

So there yo Gou: Chirac says Ayiti was never a french colony. And I suppose 
Napoleon built the pyramids of Khufu. Amen!

Jafrikayiti
"Desyèk-an-syèk je vèt vin pi akrèk!" - Si - Beethova Obas
http://www.i-port.net/sd-in-j/chronicle.htm

1 Comment

  1. Marie Nadine Pierre says:

    Jah & Jahes love Jafrikayiti. This blog post has left me somewhat baffled. I knew that there were serious political differences between ex-Presidents Preval and Aristide and I now realize that the issue of the debt or repayment of the $24 billion dollars that the French monarchy forced Ayiti to pay is a key issue that highlights their polarities. While Preval’s Hope/Lespwa Party reflected the values and views of the (citified) petit-bourgeois, Fanmi Lavalas, led by Dr. Jean Bertrand Aristide, has always focused on the democratizing of institutions in order to include the majority of the impoverished Ayiti people. And, to do that, the State requires the necessary funds. The repayment movement in Ayiti can get stronger if we continue to educate folks about the real legacy of #1804 and the human costs of slavery in Ayiti. We cannot move forward without a real and thorough evaluation of our past. And, once we’ve come to terms with the #523 years that we’ve been living on the island, and specifically in Ayiti, then we can attempt to move forward in peace and with dignity. And, #FanmiLavalas has so far been the only political Party to demonstrate a clear plan that considers these issues. Blessed love.#1804 #Ayiti #FanmiLavalas