« jiskaprezan, laplipa kolon ak konze GNBis pa gen kouray ni entèlijans pou yo mande Pèp Ayisyen an padon ak senserite, alevwa pou yo ta peye sa yo dwe l »
“Lè yo ranvèse m nan se kò pyebwa lapè a yo dechouke, men li pral pouse ankò paske se rasin Toussaint Louverture li genyen.”
Prezidan Jean-Bertrand Aristide, Bangui, 1 Mas 2004.
Konpatriyòt, onè!
Jodi a, Dimanch 20 Avril 2025, nou wete chapo pou nou salye memwa Mèt Mario Joseph, fondatè Biwo Avoka Entènasyonal, yon potorik gason vanyan, yon moundebyen, manm Konsèy Administrasyon UNIFA, ki mouri apre yon aksidan trajik a laj 62 zan, 31 Mas 2025, nan Pòtoprens.
Ala remò kanmarad Mario! Ala remò! Nan mitan katchouboumbe pèp ou renmen anpil la ap travèse, se lè sa a menm zansèt nou yo rale yon jwè pèfòman tankou ou menm, Mario, epi yo mete ou sou ban touch. Sa sa vle di mezanmi!? Ala la remò kanmarad Mario! Ala remò!
Antouka, nou ranmase leson an, menmsi se pa brital konsa yo te blije raple n tan sou tè sila a pa pou nou. Nou ranmase leson an wi kanmarad! Annatandan nou rankontre lòt bò lantouray lavi a, nou bese byen ba pou nou di ou MÈSI pou bèl tras vanyans ou kite pou nou suiv. Mèsi kanmarad Mario, mèsi!
Mèsi pou jan ou te konbat blan malveyan MINUSTAH ki te watè nan rivyè Latibonit epi kòz lanmò plizyè dizèn milye frè ak sè nou anba bakteri kolera a. Mèsi pou jan ou te kanpe kòtakòt ak tout viktim trèt FRAPH-GNBis-PHTK-CIA yo ki ap simen lanmò ak dezolasyon nan mitan mas popilè yo depi koudeta 29 Septanm 1991 ak envazyon/kidnapin 29 Fevriye 2004 la. Mèsi kanmarad Mario, mèsi!
An Ayiti ou te kanpe vètikal! Pase devan tribinal Etazini, doubout ou te kanpe! Rive Ottawa, Kanada, ak kanmarad Canada Haiti Action Network (CHAN), AKASAN, Solidarité Québec-Haïti…ou te toujou kanpe nan boul figi blan malveyan yo pou ou di verite sila a: Ayiti merite jistis ak reparasyon nan men tout patisipan ki gen zago yo tranpe nan krim kont limanite yo te batize “Inisyativ Ottawa sou Ayiti” a. Mèsi kanmarad Mario, mèsi!
Ou byen travay konpatriyòt. Rès la pa sou kont ou. Respè!
***
Kòmalòdinè, nou pral rale retwovizè listwa pou nou etidye bon jan tras zansèt nou yo kite pou ede nou konbat gang Kò Gwoup an fanmi e alye k ap fè dlo koule nan je nèg ak nègès, depi dikdantan.
Jodi a, Maten, ti bourik listwa nou pral fè yon premye kanpe nan kalfou ane 1825.
17 Avril 1825, yon wa Zenglendo nan peyi Lafrans ki rele Charles X, siyen yon Lòd kote li deklare:
« Ak gras Bondye, Charles, wa Lafrans ak Navarre, pou tout moun ki prezan ak sa ki gen pou vini yo, bonjou.
Lè nou konsidere Atik 14 ak 73 Konstitisyon an; volonte pou nou fè sa ki nan enterè komès fransè yo; malè ansyen kolon Saint-Domingue yo epi eta malsite moun ap viv nan zile sa a alèkile,
Nou kòmande lòd sila yo:
Atik 1. Pò pati fransè Saint-Domingue ap louvri pou komès tout nasyon. Taks yo va kolekte nan pò sila yo, kit sou bato oswa sou machandiz, kit sou sa ki rantre kit sou sa k ap sòti, yo pral egal ego pou drapo tout peyi, eksepte drapo franse a ki va benefisyè rabè mwatye taks.
Atik 2 : Moun k ap viv kounye a nan pati fransè Saint-Domingue yo pral pote 150 milyon fran lò nan Caisse fédérale des dépots et consignations de France (Kòfrefò Lafrans). Yo va koumanse fè sa pou pita 31 Desanm 1825, ak 5 depo anyèl egalego ki pral sèvi pou dedomaje ansyen kolon ki va mande dedomajman yo.
Atik 3. Se sou kondisyon sa yo epi ak Lòd sila a, nou bay abitan aktyèl pati fransè Saint-Domingue yo endepandans total anba pwòp gouvènman yo.
Epi Lòd sila a pral sele avèk Gran So a.
Sa fèt nan vil Paris, anndan Palè Tuileries, jou ki te 17 Avril la, nan ane gras 1825, premye ane rèy pa nou an.
Siyati: Charles X elatriye… »
Lòd (òdonans) zenglendo sa a ta pral gen gwo konsekans sou lavni Ayiti lè, kèk mwa annapre, 3 Jiyè 1825, yon bato lagè fransè ak 2 lòt bato, te rive nan pò Pòtoprens pou yo fè respekte òdonans Wa Zenglendo Charles lan. Imajine ou, nan ane 1803, Lafrans te vann Etazini teritwa Lwizyàn pou 80 milyon fran, apeprè mwatye sa yo te mande nou kòm ranson an. Alepòk Lwizyàn te yon gwo pati nan Amerikdinò, li te fè 77 fwa Ayiti. Kidonk, entansyon blan malveyan yo te klè kon dlo kòk: yo te vin pete fyèl nèg ak nègès sou plizyè jenerasyon.
Pou gouvènman Prezidan Jean-Pierre Boyer fè premye pèman ranson sa a, li foure men pran tout lò ki te nan kòf leta epi li voye bay Zenglendo yo sou yon bato fransè. Pa t rete anyen nan kès leta pou asire sèvis piblik.
Nan ane 2022, yon ekip jounalis fouyadò ki travay ak New-York Times te esplike ki jan ranson an “te byen fèmen nan plizyè ti sak anndan plizyè kès an bwa ki fèmen ak klou yo ranfòse ak plizyè ba fè”. Otank Zenglendo entènasyonal yo te pridan, se otank yo te mechan epi entèlijan.an.an.an.an…
Pi douvan, chak fwa yon gouvènman Ayisyen ta refize peye ranson an Lafrans fè gwo menas lagè. Parekzanp, nan yon lèt Minis fransè afè etranjè a ekri an 1831, li deklare: “Gen yon lame ki gen 500 000 gason ki pare pou batay, e gen yon rezèv ki gen 2 milyon moun pou kore gwo fòs sa a”. Mèzalò fòk nou raple se pa tout dirijan Ayisyen ki te bese tèt devan Zenglendo Lafrans yo, osito yo brake boulèt kanno sou palè nasyonal.
Listwa rapòte ki jan, nan ane 1853 bato Franse yo te retounen Ayiti sou lobidyans Amiral Duquesne ki te vin fè presyon sou Anperè Faustin Soulouque pou li kontinye peye Ranson 17 Avril 1825 lan. Depi 1852, Anperè Soulouque te di non, li pap peye anyen! Orezime, lè blan malveyan yo te remake Soulouque kanpe dan di, li pa brennen, Duquesne ak blan zenglendo li yo te sètoblije plwaye ke yo retounen an Frans de men vid. Malerezman, nan ane 1854, lè Duquesne retounen ak plis fòs (Bato Iphigénie, Méléagre, Ardent), yo te reyisi kase ponyèt nou pou yo pran 60 Mil Liv Esterlin, epi rekòmanse touche ranson an, pi rèd.
Konpatriyòt, annou kite ti bourik Listwa nou bwè dlo pandan n ap fè yon koudèy sou aktyalite semèn pase yo.
Jedi 17 Avril 2025 – Prezidan fransè Emmanuel Macron anonse yon komisyon bilateral istoryen franse ak ayisyen ki pral mennen ankèt sou sa li rele “yon pri lou” yo te fè Ayiti peye pou endepandans li. Diskou van Macron an pa manke site mo tankou Restitisyon ak Reparasyon.
Komisyon bilateral Kolon-Konze Macron anonse a genyen alatèt li yon blan ki rele Yves Saint-Geours ak yon pitit zantray Ayiti ki rele Gusti-Klara Gaillard Pourchet. Dyòb 2 moun sa yo epi komisyon yo va preside a se “ekri rekòmandasyon bay 2 gouvènman yo pou ankouraje yon dyalòg apeze”. Jan ou tande a!
Pandanstan…
Nan lavi reyèl, atè isit, nan vil Okap, Okay, ak Ti Gwav, yon latriye òganizasyon sendikal pete yon rèl anmwey nan zòrèy Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), espesyalman alatèt li, ekonomis Fritz Alphonse Jean, pou yo aji prese prese epi sove “ti rès” ane akademik 2024/2025 la, nan “ti rès” Ayiti tewòris Viv Nan San yo pa ko akapare epi kraze atè plat jan yo toujou di “blan yo mande a”.
Jisteman, Rezo Nòdwès rapòte ki jan, pandan KPT ak 3 brakè Bank Nasyonal Kredi (BNC) yo t ap voye bèl bonjou pou fèt Pak bay pèp Ayisyen an, ak mo “lespwa”, “inite” ak “pwosperite” se bri lagè, lanmò ak ratibwazay ki kontinye anvayi nanm abitan Kapital la.
Nan Kenscoff, daprè enfòmasyon Rezo Nòdwès te rasanble Samdi aprè midi, rezidan yo di yo te tande sa ki sanble atak dwonn. Yo rapòte prezans yon inite Fòs Lame Ayisyen yo (FAD’H) nan aksyon sa yo. Pandanstan, gang tewòris yo kontinye operasyon ratibwazay nan Fermathe. Tewòris Viv Nan San yo mete yon dividal fanmi nan kouri. Malere malerèz teworize, yo lage nan bwa a, san kay, san sekou, yo se ekzile entèn sou tè Papa Dessalines nan.
***
Annou fè yon dezyèm koudèy nan retwovizè listwa. Fwa sa a, Maten, Ti bourik Listwa nou kanpe nan kalfou ane 1999.
Lendi Premye Janvye 1999, nan vil Gonayiv, Prezidan Ayiti, René Préval fè yon diskou (odyo & Tèks) kote li deklare: «Èske rezon diplomatik ka anpeche nou di: yon bon pati richès Lafrans makònen ak povrete Ayiti?».
Prezidan Préval te konsyan anpil zòrèy pa te vle tande verite sa a li t ap klewonen an. Malgre sa, li te rapousuiv:
«Lafrans kolonyal eksplwate peyi sa a pandan plis lane ke peyi a endepandan. Pandan tout lane sa yo se pran Sendomeng pote an Frans. Apre 1804, lè Sendomeng vin Ayiti, se menm kout baton an, menm afè a. Lafrans enpoze Ayiti pou yo rekonèt endepandans li yon dèt 150 milyon fran lò. Lè nou di sa… nou mande yo senpleman pou yo rekonèt responsabilite istorik Lafrans nan malsite istorik Ayiti epi, ansanm, nou ka chita pou ede yo korije enjistis istorik sa a. »
Reprezantan ansyen peyi esklavajis yo, tankou Anbasadè Lafrans lan, Patrick Roussel, ki te prezan nan seremoni sa a, pat pèdi tan anvan yo voye rapò bay chèf yo. Gen nan yo ki fè gwo deklarasyon nan laprès pou montre ki jan yo pa kontan ak diskou Prezidan Préval la. Nan yon atik ajans nouvèl Reuters pibliye, e CNN reprann li 5 janvye 1999, yo di Gouvènman Lafrans lan (Élizée) voye lèt konvokasyon bay Anbasadè Ayiti nan vil Paris pou li mache vin bay esplikasyon devan Minis Afè Etranjè peyi Lafrans.
Alepòk, mwen menm ki te toujou enterese nan dosye sa a, mwen te ekri Gouvènman Ayisyen an pou ankouraje yo pouse dosye a pi lwen. Nan kad Koze Nèf Tankou Ze Fre, yon blòg entènèt mwen te fenk lanse an kolaborasyon ak Henri Deschamps, mwen te tanmen yon kanpay lèt ki ale jwenn plizyè lidè, pami yo: Minis Afè Etranjè Ayiti, Fritz Longchamps epi alatèt Frankofoni Entènasyonal la, Boutros Boutros Ghali.
Mwen te pwopoze, kòm aksyon konkrè, pou delegasyon Ayiti ki ta pral patisipe nan ‘Sommet de la Francophonie‘ nan vil Moncton (Nouveau Brunswick, Kanada) ta deklare nan asanble a:
« Lafrans dwe Ayiti 35 milya goud, pou pi piti. Nou derefize rantre nan twazyèm milenè a, san koze sila-a pa regle. Ayiti pa ka fè pati ‘la fraternité francofonique’ si peyi Lafrans refize peye reparasyon li dwe pèp Ayisyen an!»
Kidonk, mwen te pwopoze Prezidan Preval pou li depase nivo «voye pwent» tankou li te fè nan diskou 1 janvye 1999 la, epi fè yon demand Restitisyon kare bare, devan limanite. Sommet Francophonie an te fèt 3-5 septanm 1999. Tankou, nou ka konstate nan dokiman Moncton yo, Preval pa te okipe m.
Lè li te kwaze ak Jacques Chirac, nan vil Moncton, se pa koze 150 Milyon Fran Lò Lafrans te vòlè epi ki dwe remèt ki t ap pale. Okontrè, Prezidan René Préval, pase nan mitan foul chèf Afriken ki te mouri poul yo tou dousman (adwaz alamen) ap pran leson “demokrasi” nan men desandan Grèk ak Golwa yo.
Mwen te desi anpil, lè mwen te konstate pa genyen amoni nan sa Prezidan Préval di epi sa li fè. Men, menm jan mwen te eksplike sa sou Koze Nèf Tankou Ze Fre (6èm lòsyè, 25 septanm 1999), mwen te reyalize kontèks jewopolitik la te trè frajil, ni pou Préval, ni pou Ayiti.
“Jou ki te 10 Mas 2000 la, ennan kèk mwa apre diskou Prezidan Préval la, se te tou pa Prezidan Franse Jacques Chirac pou li bay yon ekzibisyon odas ekstraòdinè. Chirac te nan vil Pointe-à-Pitre, sou zile Gwadloup, lè yon jounalis dominiken pwoche, li di:
«Kisa Lafrans, etank peyi rich , prevwa fè pou Ayiti, yon ansyen koloni li ki bò isit la ? »
Jacques Chirac reponn:
« Ojis, Ayiti pa te janm yon koloni Lafrans!»
Jan ou tande a!”
Kidonk, nan ane 2000 Prezidan Lafrans, Jacques Chirac te pale van.
Tw azan pita, 7 Avril 2003, Ekselans Prezidan Jean-Bertrand Aristide se premye dirijan Ayisyen ki te ranmase kouraj vanyan li, pou li ekzije restitisyon ak reparasyon nan boul figi limanite. Lapoula, blan malveyan yo te reponnn. Menm mouche Jacques Chirac ki te pran pòz soufri maladi Alzaymè a te jwenn tout lisidite ak malveyans li pou monte konplo ak kouzen li nan peyi Kanada ak Etazini, yo anvayi Ayiti, yo kidnape Prezidan Aristide ak Madanm li, yo kapote 7000 eli nan yon gouvènman lejitim epi yo mete Ayiti anba titèl Nasyonzini ak MINUSTAH-kolera. Venteyen ane pita, yo kontinye konplote ak tewòris Viv Nan San ki an misyon pou fòse nèg ak nègès degèpi kite zile a ba yo.
Konpatriyòt, menm jan nou remake konpòtman ensousyan KPT yo sanble tèt koupe ak Anperè Newon ki t ap danse mizik vyolon pandan vil Wòm t ap kankannen anba flanm dife, se konsa tou anpil Kolon ak Afranchi esklavajis te kite gwo leve kanpe Bwa Kayiman an siprann yo nan ane 1791. Diskou van Emmanuel Macron, diskou radòt Fritz Alphonse Jean, Komisyon bilateral Kolon-Konze tout sa se konpòtman moun tèt ki ale – moun fou ki fenk kare sezi jou règleman pwennfèpa a. Jou sa a!
Si Emmanuel Macron pran pòz soufri Alzaymè tankou Jacques Chirac, nou menm Ayisyen lisid, nou pa bliye ki jan, nan ane 2015, predesesè li François Hollande, te louvri bouch li, nan inogirasyon moniman ansyen esklav yo sou zile Gwadloup, epi li deklare: “Lè mwen ale ann Ayiti, mwen pral peye pòsyon pa m nan nan dèt nou an.” Piblik la, ikonpri Michel Martelly, te kanpe pou yo bat gwo bravo pou blan an. Epi, kèk èd tan pi ta, asistan Mesye Hollande yo vin klarifye pou laprès se pawòl tafya François Hollande t ap pale, puiske malgre li rekonèt kòb yo te fòse Ayiti bay Lafrans lan se yon ranson li te ye, alèkile, yo sèlman rekonèt yon swadizan “dèt moral” Lafrans ta genyen anvè Ayiti, li pa t ap pale de okenn dedomajman ekonomik. Ti komik yo panse yo komik!
Nou sonje tou ki jan, pandan gwo manifestasyon, kraze brize, t ap pete nan plizyè vil Ozetazini paske pèp vanyan move kou kong t ap mande jistis pou dwa nèg ak nègès, “Jistis pou George Flyod”, yon slogan ki mache ansanm ansanm ak “Black Lives Matter” ki vle di: Lavi Nèg Gen Valè…Chèf blan, toupatou, t ap fè diskou sou diskou pou yo tante kalme kòlè k ap gwonde nan limanite. Yo sispèk! Pami tout diskou sa yo, gen youn ki te di : «Akòz plizyè syèk vyolans ak diskriminasyon nou fè nèg ak nègès sibi sou latè, nou oblije fè kichòy pou rachte tèt nou. Non sèlman nou dwe prezante yo eskiz ofisyèl, fòk nou ta peye yo reparasyon sou plizyè fòm ». Sa se pawòl Michèle Bachelet, ansyen Prezidan peyi Chili 17 Jen 2020, nan wòl li ansakilite de Wo Komisè Nasyonzini pou Dwadelòm.
Woy! « Jean-Bertrand Aristide avait eu raison trop tôt »!
Sa se te pawòl ansyen jounalis GNBis Frantz Duval. Li te lage sa a sou Twitter osito li te li deklarasyon Michèle Bachelet a.
Nou menm nou mande : « èske se fanm blanch lan ki di li wè sa a ki kòz lanmè a gen dlo? ».An verite, Prezidan Aristide te wè pi lwen pase ni bwapiwo, ni grenn pwomennen, lè li te fè ekzijans Restitisyon-Reparasyon an jou 7 avril 2003 a. Alèkile, pou nou rive nan kalfou delivrans lan, m ap ankouraje konpatriyòt ansyen GNBis yo ranmase kouraj ak entèlijans pou yo monte mòn repantans lan tout bon vre. Depi 1 Fevriye 2025, yon petisyon mande padon aladispozisyon tout mesyedam ki te patisipe nan trayizon 2004 la. Jiskaprezan, po ko gen 1 nan siyatè “deklarasyon 29 Septanm 2003 kont selebrasyon bisantnè Ayiti” a ki siyen petisyon sila a ki deklare…
“nou menm pitit fi ak pitit gason Ayiti, nou vin mande nasyon nou an padon daprèzavwa nou te siyen “Déclaration de principe sur le Bicentenaire“ ki pote dat 29 Septanm 2003 a. Nan dokiman sila a nou te sèmante nou pap selebre bisantnè Ayiti; Okontrè, nou te envite ni konpatriyòt Ayisyen ni etranje pou yo bòykote selebrasyon sila a nètalkole, ikonpri ekzijans restitisyon Ranson Charles X la, Prezidan Jean-Bertrand Aristide te fè peyi Lafrans nan menm epòk la.
Nou mande Pèp Ayisyen an padon paske, apre 21 ane, je nou klè sou nivo manipilasyon ki te makònen ak “Inisyativ Ottawa sou Ayiti“, reyinyon konplotay enperyalis Ameriken, Franse, Kanadyen te fè 31 Janvye- 1 Fevriye 2003, lè yo te planifye anvayi Ayiti epi imilye nasyon nou an anba yon okipasyon kriminèl, sou pretèks se demokrasi yo t ap vin kore. Ojis, nou reyalize alèkile, kit se blan Etazini, Kanada, Lafrans, Nasyonzini, OEA… kit se oligak lokal André Saliba (aka Apaid), Réginald Boulos, Charles-Henry Baker…ki te alatèt mouvman vilgè yo te batize Grenn Nan Bounda (GNB) ak Groupe 184 la, se enterè enperyalis yo ki te motive mobilizasyon fòs paramilitè (Guy Philippe, Ravix Remissainthe, Louis-Jodel Chamblain…) kay vwazen Dominiken konplis ak finansman CIA, Kanada ak Lafrans, epi rekipere revandikasyon lejitim yon pati nan klas mwayèn nan te genyen kont gouvènman lejitim peyi a alepòk, pou yo te ka, efektivman, kapote Prezidan Aristide ak tout aparèy etatik la alawonnbadè, 29 Fevriye 2004.
Jodi a, nou mande Pèp Ayisyen an padon, daprèzavwa demand Restitisyon an lejitim tankou li te toujou lejitim. Nou te nan erè dèske ògèy mal plase te vegle nou an 2003. Mèzalò, jodi a osnon demen, vle pa vle, fòk Lafrans remèt Ayiti “lèt tete li”, Ranson Wa Zenglendo Charles X la.
Jodi a, nou mande Pèp Ayisyen an padon daprèzavwa, menm ansyen Anbasadè peyi Lafrans Thierry Burkhard ki konnen jan, alepòk tokay li, Yves Gaudeul, t ap itilize Institut Français nan Pòtoprens ak lòt resous ki te aladispozisyon li, ikonpri gwo mèsenè Boer Sidafriken, pou fè ti dife boule ant Ayisyen ak Ayisyen; kounye a, Burkhard admèt nan laprès entènasyonal, se pou kwape ekzijans Restitisyon Prezidan Aristide te fè a, blan yo t ap alimante zizani ant nou menm epi gouvènman Prezidan Aristide la, jouk koudeta 29 Fevriye 2004 la te reyalize. Nou pa twò ògeye, ni enbesil pou rekonèt tò nou nan evènman trajik sa yo. Kidonk, nou mande Pèp Ayisyen an padon. E, nou sèmante dezòmè n ap ede monte volim militans lan pou restitisyon an reyalize prese prese.
Jodi a, nou mande Pèp Ayisyen an padon, paske nou vin okouran se yon ajan Sèvis Sekrè Ameriken, Janice Elmore, ki te maniganse trajedi vil Gonayiv yo. Se fanm Meriken sa a ki te òganize evazyon Amyot Métayer nan prizon, nan menm moman kote fo misyonè Meriken James White Glenn te fè kagezon zam ilegal rantre – kache anba bib pou alimante batay sanglan, mete Ayisyen dozado nan vil la, jiskaske Amyot Métayer, plizyè militan Fanmi Lavalas, opozan ak ansyen patizan Prezidan Aristide, granmoun, timoun mouri, blese, ekzile…pou prepare chimen koudeta sanginè 29 Fevriye 2004 la.
An verite, nou te gen dezakò ak Prezidan peyi nou an, konpatriyòt Jean-Bertrand Aristide. Mèzalò, se pa rezilta ansanglante sa a nou t ap chèche ni espere. Pou kontribisyon pa nou nan deskonstonbray leta Ayisyen pak an pak, depi 2004, nou mande padon…»
Nan ane 2010 lè Goudougoudou vin ofri opòtinite pou Premye Prezidan Franse pwofite mete zago li Ayiti, Nicolas Sarkozy te fè je li byen chèch, li debake 2 men vid, li vin pale van!
5 ane pi ta, nan ane 2015, François Hollande pale jouk li depale jouk pye l chape li manke rache dan devan l. Se Konze de sèvis Michel Martelly ki te bay kolon ipokrit la lebra.
17 Avril 2025 Emmanuel Macron radote yon koze Komisyon bilateral Kolon-Konze (pil KK?).
Konpatriyòt, poudi w ap kontinye koute van ki soti nan bouch blan malveyan?
An verite, nan ane 2025 sa a, se sou fòs ponyèt nou nou dwe konte pou nou chavire chodyè a! Epi tou, otank blan ak Konze malveyan yo angaje nan operasyon “resikle pawòl tafya”, se otank, nou menm Ayisyen konsekan nou dwe angaje, ak disiplin, entèlijans, konstans, ak tout nanm nou, nan òganizasyon Konbit “wete pay, geri trip”. Restitisyon ak reparasyon se pa yo menm k ap vin bay li, se nou menm k ap kontinye gonfle venn nou jouk nou rive rape sa nan zago yo!
« Dosye Restitisyon Reparasyon konfime twou manti pa fon – jiskaprezan, laplipa kolon ak konze GNBis pa gen kouray ni entèlijans pou yo mande Pèp Ayisyen an padon ak senserite, alevwa pou yo ta peye sa yo dwe l