Chavire chodyè a nèt epi mete dife!

Toussaint Louverture ak Leclerc 4 je kontre
March 3, 2021
Leve Kanpe Toupatou Pou Ayiti
April 5, 2021

Konpatriyòt, onè! 

Li klè, pou Ayiti libere, fòk ke makak blan an kase bon kase! Mwa pase a, nou te founi je gade ki jan, 7 fevriye 1986, Jean-Claude Duvalier ak Michèle Bennett, 2 vòlè piyajè te resi degèpi kite Ayiti. Dechoukay te tanmen toupatou nan peyi a. 

Rapid vit, Konsèy Nasyonal Gouvènman (KNG) Jal Henry Namphy t ap dirije a te dekrete kouvrefe pou tante sove lavi dezoutwa Tonton Makout ki pa t gen tan chape poul yo ale lòt bò dlo osnon chèche yon kote pou yo kache. Se konsa, Albert Pierre (Alyas Ti Boule) te jwenn lebra pou li ateri nan peyi Brezil. Roger Lafontant debake Kanada. Madan Max Adolphe pati nan yon bwat mango. Epi, yo te kite Eloîs Maitre, Lyonel Wooley ak Luc Désir nan mera…mesye pye lou sa yo, pa t gen tan jwenn mwayen pou yo volatilize. 

Jodi a, dimanch 7 mas 2021, se atò nou nan batay pandan Pèp Ayisyen an kontinye ekzije : Jistis, Respè ak Reparasyon pou tout viktim, tout masak rejim Tonton Makout Amelyore BINUH-PHTK-CIA a ap fè nan peyi nou an, depi 10 zan!

Nou bese byen ba pou nou salye memwa Edeline Mentor Louis, bandi lach yo sasinen jou Madi 2 Mas 2021 an sou Wout Frè nan Pétion-Ville. Nan yon nòt li pibliye pou kondane krim ekzekrab sa a, Polyclinique de la Fondation Dr. Aristide raple tout moun, Miss Edeline Mentor Louis te yon Enfimyè dinamik, chaje ak ladrès ki te toujou fè travay li ak konpetans wodpòte, anpil chalè epi kè nan men. Ansanm ak ekip Radio Timoun nan, mwen ajoute vwa m ak moundebyen toupatou ki voye kondoleyans, fòs ak lanmou pou fanmi Mis Edline, espesyalman 2 tilezanj li kite yo : Stacy ki gen 10 zan, Aurélie ki gen 8 tan epi papa yo Steeve Mentor.

Ventuit (28) fevriye ki sot pase a, se Doktè Ernst Pady rejim kidnapè sanginè a te rale desann devan volan machin li, touye ak bal epi bandone sou gran chimen Avni Christophe, apre yo te tante kidnape grandèt la ki domaje nan janm.  Asasen lach yo pa epanye ni fanm, ni gason, ni enfimyè, ni doktè, ni travayè, ni chomè. 

Gen moun k ap mande pou ki rezon polisye PNH yo demontre anpil foug ak devouman lè y ap tire bal sou manifestan ak etidyan, men yo pa janm tire sou kidnapè? Pa kite yo tente linèt ou, konpatriyòt! Repons lan klè kon dlo kòk : deviz konpayèl Jimmy Chérizier ak Léon Charles yo se «manyen youn manyen tout». Kidonk : PNH, G9, boujwa milyonè enpòtatè zàm ilegal, Kò Gwoup, kidnapè…yo tout, se alye. Annatandan nou wete kontwòl leta nan men bandi kolon yo enpoze nou yo, se pèp Ayisyen an ki oblije degaje l, pwoteje e sèvi pwòp tèt li.

Kò Gwoup ak fo prezidan yo mete Ayiti a, Jovenel “Apredye” Moïse

Jodi a, nou pral rale retwovizè listwa pou nou gade ki jan, sa gen plis pase 217 ane pase, nèg ak nègès Ayisyen t ap goumen ak anpil entèlijans, kouraj epi pèsistans kont bizawèl ak tatawèl Kò Gwoup la, ki se yon makòn blan malveyan ki te toujou abitye kanpe an fanmi e alye pou yo aji mal.                                              

Parekzanp, sa gen ekzakteman 216 lane, zansèt nou yo te nan gwo goumen kont Kò Gwoup an fanmi e alye, lè yo t ap feraye pou garanti libète nou. 

Ojis, 8 mas 1805, pandan li t ap enspekte twoup Ayisyen yo ki te sentre vil Santo Domingo pou yo libere l, Anperè Dessalines manke pèdi lavi li anba boulèt kanno yon blan malveyan ki te rele Jeneral Ferrand. Epizòd sa a nan listwa zile a enpòtan anpil pou nou konnen li, sitou lè n ap chèche konprann fonksyonman lènmi istorik pèp nou an.

Menm jou 8 mas 1805 sa a, apre Dessalines fin retounen nan katye jeneral li, Ayisyen yo remake kèk bato Franse ki reyisi chape poul yo kite vil Santo Domingo, malgre bato lame Angle te sipoze bare yo pou anpeche sa rive, selon akò Dessalines te fè ak blan Angle

Nèf (9) mas, granm maten, blan Franse te koumanse blayi boulèt kanno ak mitrayèt sou nou. Bò kote pa nou pat gen gwo zouti men, sòlda vanyan branche fizi yo pou bay repondong kòmsadwa. Bridsoukou, kanno sispann tire! Epi, lapoula, Jeneral Ferrand pati alatèt yon kolòn 1000 gason ki franchi sou chimen St. Yague (Sentyag), nan pozisyon kote Jeneral Magny t ap dirije twoup nou yo. Ayayay! Se te byen jwenn ak byen kontre. Nèg lakay vide plon nan janm makòn Ferrand yo. Anvan lontan, olye se Ferrand k ap franchi sou nou, se misye k ap kilbite prese kase tèt tounen al chèche refij nan vil Santo-Domingo. Jal Franse a tèlman pran nan mache prese li pa menm gen tan ranmase blese li kite sou chan lagè.

Apre epizòd sa a, tou pandan Ferrand ak kè sou biskèt, yon palmantè Angle rantre Santo Domingo pou konseye Ferrand bay legen epi chape poul li anvan sa vin pi grav.  Blan Franse a fè temerè, li di vyèj timen l li pap bat ba devan nèg. 

Plis tan t ap pase se plis nèg t ap depatcha lame kolon yo, pak an pak. Li te si tèlman klè Santo Domingo pa lontan rele n chèmèt chèmètrès, Boisrond Tonnerre, Chanlatte, Diaquoi ak lèzòt Ofisye nan etamajò Lanperè Dessalines yo te gentan ap prepare yon konstitisyon tou nèf pou Lanperè nan moman li va rantre okipe vil Santo Domingo.

Men, vwalatilpa bridsoukou, nan jounen 16 mas la, Lanperè resevwa komisyon ki rive ak yon bato Meriken. Nouvèl la fè l konnen Angle yo remake yon kokennchenn ekspedisyon bato Franse k ap franchi sou nou.  

An reyalite, pa t janm te gen okenn gwo ekspedisyon lame Lafrans ki t ap franchi sou zile a. Plis jou t ap pase, se plis li te vin klè, Dessalines pran nan yon move pwopagann malatchong ki lakòz li te deside leve syèj vil Santo Domingo a, sou baz mesaj li te resevwa palentèmedyè bato Meriken an. Li te gen tan twò ta lè Ayisyen yo vin konprann se yon gwo manti blan Meriken yo te bay Anperè Dessalines. 

Se pa jodi a, blan malveyan yo ap “Fè Kò” kont nèg/nègès Ayiti

Remake: Jal Ferrand se te blan Franse poutan, se blan Panyòl ki te kanpe ak li anndan vil Santo Domingo. Anplis, si se pa t sipò blan Angle ak Blan Meriken li te jwenn, Jal Ferrand t ap oblije degèpi epi, rapid vit, Dessalines t ap reyisi debarase tout zile a de dènye rès kolon esklavajis yo.

Kidonk, nan ane 1805, kolon blan esklavajis yo (Meriken, mete ak Angle, Panyòl ak Franse) te antann yo an mòd Kò Gwoup pou yo anpeche Dessalines rekipere tout teritwa zile a alawonnbadè. Yon lòt fwa nou va pataje plis detay sou rezon ki fè Anperè Dessalines te atake Santo Domingo. Evenman istorik sa yo layite ak anpil detay nan seri Lafimen Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen (CD#4).

Annou retounen nan aktyalite alèkile…

 Ayè, vandredi 5 fevriye 2021 an, Enkilpe Jovenel Moïse transfere 2 alye li bay blan Meriken. Se ajans DEA ak FBI ki te debake vin ranmase patnè Jovenel yo nan Pòtoprens. Eleman sa yo rele Benjamin Peterson epi Mathieu Lissner Joseph.

Yo idantifye Peterson Benjamin kòm 3 zyèm chèf gang Vilajdedye yo akize kòm responsab 10 kidnapin pou pi piti. Pami viktim Peterson yo ta gen 2 sitwayen Meriken.

Mathieu Lissner Joseph, li menm, se chofè enkilpe Jovenel Moïse ki, an plis, te responsab fo chan bannann Apredye a. Li te gen plizyè kat idantite ki ba li pasaj lib e libè anndan palè nasyonal, tandiske Mathie L. Joseph se yon  sitwayen Meriken ki gen manda entènasyonal dèyè li, kòm gwo malfèktè, dilè dwòg. 

Anpil moun di yo pa konprann kalte Alman kap pale la a! Kòmsi, chofè a t ap vann dwòg. Epi, mèt zafè a, li menm, se nan bannann li ta ye?

Antouka, eskandal sa a mete mouche Lyonel Valbrun, Sekretè fo Prezidan an, nan anpil fikilte pandan li t ap laloz sou zafè Mathieu Lissner Joseph sa a. Kontradiksyon fè mikalaw!  Vwalatilpa, Jovenel Moïse fè yon twit tweet kote li deklare : «Fòk yo mete lòd nan jan yo rekrite moun anndan leta a, Pèsonn pa gen dwa pwofite feblès sistèm verifikasyon ki anplas la pou yo fofile tèt yo anndan enstitisyon nou yo, ak magouy tankou chanje non yo oswa kache zak yo te poze nan le pase». Adyewidan! Enjenyè Fakilte Bò Katedral Jovenel Moise wi k ap depale konsa a! 

Antouka, apre anpil jimnastik, mouche Lyonel Valbrun resi admèt se vre Mathieu Lissner Joseph genyen yon kat pasaj lib pou Palè Nasyonal. Men, li di se kòm Founisè Sèvis.  Kidonk, èske “dilè dwòg nan chan bannann” blan Meriken yo fenk ranmase a se Founisè Sèvis osnon Anplwaye anndan Palè Jovenel la? Ki lès k ap bay manti: Jovenel Moïse osnon Lyonel Valbrun – osnon toulede?

An verite, m sispèk DEA ak FBI pa inosan non plis. Kòmsi, nan mitan tout dilè PHTK yo, se 2 kriminèl sèlman ki enskri nan gwo liv yo, jiskaprezan? 

Tankou otè Francilien BIEN AIME remake nan yon tèks li batize «Comment comprendre le comportement des americains dans la crise haitienne actuelle», se pa jodi a rat ap aprann mòde soufle. Li di : «depi kèk jou, nou kapab obsève yon konpòtman «woulem de bò» ke Depatmandeta Meriken adopte atravè Anbasad li ann Ayiti». Zanmi, sa se mak fabrik moun yo, depi dikdantan!

Yon bò : yo di Enkilpe Jovenel Moïse pou li sispann gouvène pa dekrè, tandiske se pwòp rejim li an ki pa janm fè eleksyon li te gen responsablite fè yo – E vre!? Ale kwè se demokrasi y ap defann! 

Yon lòt bò, menm Depatmandeta Meriken sa a ki pran pòz li regrèt Jovenel Moïse pase yon latriye dekrè ilegal pou revoke epi nonmen Jij Kou Kasasyon yo, se li menm tou ki gen je chèch, fè tankou li pa okouran pozisyon Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ), pi gran otorite jistis nan peyi a, ki deklare klè kon dlo kòk : swadizan manda konstitisyonèl Jovenel Moïse lan bout depi 7 fevriye 2021. 

Fédération des Barreaux d’Haïti (FBH), Legliz Katolik, Legliz Pwotestan, Inivèsite Quisqueya etc., ekriven Francophonie, Inivèsite Meriken (Harvard Law School, NYU School of Law, Yale Law School).., yo tout fè menm konklizyon an osijè ekspirasyon manda  enkilpe a.  Blan Meriken nan Depatmandeta kanpe dan di ak fo Prezidan yo te jouke opouvwa ak fòs vyolans epi magouy la. Kidonk, tankou nou di sa deja, kit li rele Trump, Biden, Trudeau osnon Macron, «good morning» ak “bonjour” moun sa yo pa laverite! 

Ojis, diskou konfizyon, laloz, woule m de bò yo adopte a, se yon ansyen estrateji  «diviser pour régner» zansèt manm Kò Gwoup yo ap itilize depi dikdantan.

Annou fè yon lòt koudèy nan retwovizè listwa…

Toussaint Louverture, premye lidè estrateji “Koupe Tèt! Boule Kay” https://jafrikayiti.com/koupe-tet-boule-kay/

Fwa sa a nou nan koumansman ane 1802, Toussaint Louverture fenk aprann nouvèl ekspedisyon Jeneral Leclerc la.  Gouvènè Jeneral la sele chwal li, epi li pati nan pwent zile a, bò Samana, kote solèy leve a. La, li voye je li sou lanmè a epi li wè espektak ekstraòdinè sa a: 60 bato de gè ak meyè sòlda Ewopeyen, ki sou latè nan moman an, k ap mache sou li. Se te yon jou 2 fevriye 1802, lè bòfrè Napoléon an, Jeneral Charles Victoire Emmanuel Leclerc te rive Okap.

Rapid vit, Toussaint retounen nan mòn yo epi li fè pibliye yon pwoklamasyon: 

“Pitit mwen yo, Lafrans pa gen dwa vòlè libète nou. N ap fout boule vil yo, detui tout rekòlt, kraze depi se wout ki genyen ak kout boulèt kanno, pwazonnen sous dlo yo… paske, fòk li klè nan je blan malveyan yo, sa yo vin konkeri la a se lanfè menm ki non l”. 

Jeneral Leclerc voye anonse Henri Christophe li gen entansyon debake Okap. Christophe reponn Leclerc:

“Se Toussaint ki Gouvènè zile a. Fòk mwen mande li otorizasyon anvan mwen kite ou debake. Si anvan, mwen jwenn otorizasyon sa a, yon sèl sòlda franse pèmèt li mete pye sou tè sa a, m ap boule vil Okap epi n ap goumen sou sann dife jouk sa kaba”.

Leclerc debake, Christophe fè tout moun kite vil Okap monte nan mòn yo epi, an premye, li mete dife nan yon bèl palè yo te fenk fin bati pou li. Sa ou tande a, se lagè ki te deklannche pandan vil Okap ap boule.  

Lè Leclerc wè l ap pèdi sòlda seryezman, li pase yon vitès siperyè. Li pibliye yon pwoklamasyon ki pote siyati Napoléon Bonaparte:

PROCLAMATION. 
Consuls la Répiblique Francé a tout zabitans Saint-Domingue. Zabitans, et vous tous qui dans Saint-Domingue, 

Qui ça vous tout yé, qui couleur vous yé, qui côté papa zote vini, nous pas gardé ça : nous savé tan seleman que zote tout libre, que zote tout égal, douvant bon Dieu et dans zyé la Répiblique… 

Capitaine-général Leclerc, que nous voyé pour commandé Saint-Domingue, li mené avec li tout plen navire, tout plen soldat, tout plen canon : mais pas crere ci la yo qui va dit zote, que blanc velé fere vous esclave encore : ya manti! Plitot que crere yo, repond, et songé bien que cé la Répiblique qui baye liberté, et qui va ben savé empêché personne de pren li encore : soldat là, navire là, tout, cé pour gardé liberté là, et gardé pays qui pour la Répiblique. 

Vini donc zote tout, rangé côté Capitaine-général. Cé la Pé li porté ; cé tout zafere li vini rangé, cé bonher tout monde li vélé. Blancs, négues, tout cé zenfant la Répiblique. Mes ci la la yo qui pas allé rangé côté li, qui pas vélé obéi li, tout ça li va commandé yo, va pini, parce que yo va traitre à pays à y et à la Répiblique. 
Signé : BONAPARTE

Leclerc pibliye yon dezyèm dokiman sou siyati pa li:

Au nom du Gouvernement français LIBERTÉ, EGALITÉ PROCLAMATION 

A bord de l’Océan, Rade du Cap… LECLERC, Général en chef l’Armée Saint-Domingue, qui vini gouverné tout la Colonie, A tout monde qui habité S. Domingue. 

Zabitans de Saint Domingue; 

Lire Proclamation primié Consul Bonaparte voyez pour zote. Zote à voir que li vélé négues resté libre. Li pas vélé ôté liberté à yo que yo gagné en combattant, et que li va mainteni li de tout pouvoir à li. Li va mainteni commerce et culture, parceque zote doit conné que sans ça, colonie-ci pas cable prospéré. Ça li promé zote li va rempli li, fidellement ; c’est yon crime si zote te douté de ça li promé zote dans Proclamation à li. 

Général en chef qui vini pou gouverné tout la Colonie : LECLERC 

Sitiyasyon an te kritik pou Toussaint. Anpil sòlda te pran nan bèl pawòl Napoléon Bonaparte yo. Menm Jeneral Christophe epi pwòp frè li, Pierre Toussaint, te deside bat ba. Malgre sa, kouraj Toussaint anfas sitiyasyon kritik sa a te ekstraòdinè. 

Ekriven Meriken Wendell Phillips rapòte ki jan Toussaint aprann gen 4 nan rejiman li yo ki dezète epi pran wout pou yo ale rann tèt yo bay Leclerc. Toussaint pa fè ni de ni twa, li rale epe li, li voye sa jete nan raje, epi li kouri pase devan sòlda yo de bra kwaze. Li di: 

pitit mwen yo: èske nou t ap gen kouraj itilize bayonèt nou kont mwen?. 

Tout nèg mete ajenou, yo mande Toussaint padon. Men, sa, se te yon viktwa momantane. Toussaint deside chanje estrateji. Li ekri Jeneral Leclerc li di l ap soumèt li. Mèzalò, li pwofite di Leclerc pinga li mal entèprete jès li fè a, paske li gen mwayen pou li ta anpeche yon sèl grenn sòlda franse sòti nan kanpman li, san lavi li pa menase. Li di li vle evite yon beny san sou zile a.

Toussaint di Leclerc: “Se pou libète ras mwen mwen t ap goumen. Depi ou ban m garanti sa a, m ap soumèt mwen“. 

Toussaint ak Leclerc fè sèman sou yon kwa. Toussaint di l ap rete fidèl a Lafrans, Leclerc sèmante l ap bay Toussaint tout pwoteksyon li bezwen epi tout moun sou zile a va rete lib.

Nan dokiman otè Meriken Wendell Phillips ekri nan ane 1860, li rapòte konvèsasyon ant Toussaint epi Leclerc, tousuit apre yo te fè sèman lapè a.

Leclerc voye je l gade sòlda li yo ki byen ekipe, ame jouk nan dan epi li tounen li wè ki jan lame Toussaint an, an mal makak, rad yo an ranyon epi se dezoutwa bout fizi yo genyen nan men yo.

Leclerc di: “se pa sa, Jeneral Louverture, si nou te kontinye goumen, kote ou t ap jwenn zàm pou lame w lan?

Toussaint reponn Leclerc: “E pa ou yo? Mwen t ap pran yo nan men ou epi mwen kale ou ak yo!”.

1791-1804

Wi! Nèg ak nègès vanyan abitye, e nou kapab itilize zàm kolon an pou nou kale li byen kale sou chan batay.

Jounen jodi a, se pa ekzibisyon yon ti kouch asfalt «pa pile m fò» Jovenel Moise fè lage sou pousyè a pou cha woule nan Pòdpe ki ka twonpe vijilans pèp vanyan an. 


Ven (20) mil kolon blan ki te gen gang lame asosye peyi Lafrans, Lespay, Angletè ak Etazini, k ap kore yo pandan y ap matirize 450 mil nèg/nègès yo te kidnape, depeyize, tòtire, epi mare nan chenn; se sa yo te rele nan ane 1791: «Kolonizasyon».

Nan ane 2021, kenz (15) fanmi kolon blan/juif/arab ki jwenn sipò Anbasad/medya/ONG Etazini, Kanada, Lafrans, Lewòp…pou yo souse Ayiti epi kenbe 12 milyon nèg ak nègès nan mizè ekstrèm; Se a ki rele : «Neyo-Kolonizasyon».  

Kit se te an 1791, 1802, 1805 osnon an 2021, sa ki pi enpòtan pou blan malveyan yo se dominasyon blan sou tout zile a.

Nan yon atik li pibliye semèn sa a, Mèt Mario Joseph raple n, ki jan yon sitwayen blan Meriken ki rele André Apaid Jr., majòjon koudeta kidnapin 29 fevriye 2004 la, ki te aji men nan men ak CIA, ajans espyonaj peyi Etazini an, fenk resevwa 8600 ekta bon jan tè, plis 18 milyon goud kado nan men pouvwa defakto Kò Gwoup jouke alatèt peyi a.

Bò kote pa li, madanm Sabine Lamour, Kowòdonatris Òganizasyon Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA) deklare : «Se toudenkou, nan mwa me 2020, Mouche Andy Apaid Jr debake sou yon ekip fanm peyizan k ap travay tè a depi dikdantan, epi li deklare se zafè pa l li ye».  Sabine Lamour di Apaid «mache ak bandi ki fè vyolans sou medam yo, jouk li kòz san yo koule». Olye Ministè Agrikilti ki te bay medam yo dwa sou tè a ta pwoteje yo, sanble se ti antant ant magouyè Minis defakto a azade l pwopoze pou yo ta va fè ak blan kolonizatè, vòlò tè ki rele Andre Apaid la. 

L’usurpateur, en l’occurrence M. Apaid, a choisi la voie de la violence pour forcer les femmes à abandonner ce qui leur revenait de droit.  

Depi dikdantan, kolonizatè te toujou renmen tè Ayiti, se moun k ap viv sou tè a yo pa damou ditou ditou!

Venteyen (21) mas 2021 an, nan vil Montréal – midi won: yon gwoup moundebyen Ayisyen ak Kanadyen kase randevou douvan biwo Minis Afè Etranjè Kanada, Mesye Marc Garneau, pou yo di: Non! Yo pa dakò pou viris rasis makònen nan politik Kanada ap aplike vizavi Pèp Ayisyen an.  Militan Solidarité Québec-Haiti yo di «Black Nationhood Matters!», sa vle di: Ayisyen genyen “dwa granmoun” sou teritwa yo, epi se yo menm sèl ki gen dwa chwazi vrè Prezidan ki pou dirije peyi yo. Nèg ak nègès Ayiti pap janm aksepte pou blan Kò Gwoup yo mete ti chèf popetwèl nan figi moun, kit li grimo, kit li nwa, kit li blan! 

Jodi a ankò, pandan n ap fè konklizyon editoryal sa a, plizyè santèn milye nèg ak nègès vanyan anvayi lari Pòtoprens pou defann dwa granmoun yo sou tè Dessalines nan. Mèzalò, nou di fòk sa kaba! Monte desann nan lari pou montre se nou menm ki pi plis se pa sa ki objektif nou. Nou te toujou pi plis! 

Nou te jwenn solisyon 1791 lan, n ap rezoud pwoblèm 2021 an! 

Daprèzavwa zansèt nou yo te konsyan esklav pa gen chan kann, yo te boule chan kann kolon yo ra pye tè.

Se bon, fè n toujou kolon! Se bon, fè n ankò Kò Gwoup! Pèsiste n pou ou wè si 1804 pa ka rive an 2021, si 6-8 jiyè pa ka rive nan mwa d mas.

Wi! Pèp Ayisyen: sèl solisyon se dechouke ni kolon ni kolabo!

Chavire Chodyè a nèt! Epi, mete dife!

Comments are closed.