Ayisyen vote byen pou nou sove Ayiti

17 OKTOB – JOU MANDE PADON
October 19, 2015
Bondye ak Dyab nan Listwa Ayiti
December 27, 2016

Ayisyen vote byen pou nou sove Ayiti

Ayisyen frè m, Ayisyen, sè m,

Mesaj sa a, se pa ni pawòl kandida, ni koze anplwaye kandida. Se yon pitit zantray menm manman k ap pale avèk ou.

Mwen rele Jafrikayiti, mwen fèt Lopital La Sainte-Famille, anba mòn Premye Avni Pòtoprens. Menmsi sa fè anpil ane depi m ap viv nan lòt peyi, Ayiti pa janm kite m.

Kit ou te konnen m kòm Jean Elissaint Saint-Vil, anfannkè legliz Epifani, sou plas Kalbwa. Kit ou vin konnen m etank Jafrikayiti ki ekri yon liv ki rele “Viv Bondye Aba Relijyon” ak yon seri CD “Lafimen Listwa Pèp Ayisyen Depi nan Ginen”, osnon kòm militan politik, Kreyolis, patizan lapè ak lajistis, sa ki pi enpòtan nan moman an se, souple, prete m 4 minit pou nou pale yon koze Nèg-ak-Nèg ki enpòtan anpil pou lavni nou toulede.

 

Dimanch 20 novanm 2016 la, oumenm k ap viv Ayiti, ki gen 18 ane osnon plis, ak kat elektoral ou, ou genyen pouvwa chanje lavi m, lavi pa ou, lavni plizyè milyon fanm ak gason. Nan eleksyon dimanch lan, ou gen chans chwazi yon prrezidan ant 3 bon kandida : 1 fanm, Doktè Maryse Narcisse epi 2 gason : Enjenyè Jude Célestin ak Onorab Senatè Moise Jean-Charles.

twa-bon-kandida

Touletwa se moun respektab ki te goumen ak kouraj epi entèlijans pou Ayiti eli yon ekip dirijan ki va reyisi pran pouvwa lejitim, nan bon eleksyon.

Se fanm vanyan an, Doktè Maryse Narcisse, ki te pran chimen legal pou li fòse KEP a verifye epi dekouvri magouy bandi blan ak bandi nèg te vle fè pou yo vòlè pouvwa a ak fo eleksyon. Granmesi pèsistans Fanmi Lavalas, koudeta elektoral la pat pase.

Se gason kanson Moise Jean-Charles ki te sele chwal batay li nan Sena Repiblik la pou li denonse gang galil, Boulos ak Antonio Sola ki dechèpiye plizyè milya dola Petro Caribe, ipoteke lavni nou anba dèt, pandan yo t ap plezire “bal, kanaval, vwayaj legal, nan palè nasyonal”.

Nou wete chapo pou nou salye kouraj ak entèlijans Enjenyè Jude Célestin ki te refize bese tèt devan kolon yo ki te vle li patisipe nan maskarad elektoral “kole ou pran, pa kole ou pran” ak fo Moyiz la.

Fanmi m yo, Ayiti bezwen bon jan zouti pou li sòti anba grif kolon ak afranchi modèn ki kontinye ap souse san pèp nou an. Nou bezwen moun respektab alatèt peyi a e, sitou, nou bezwen bati enstitisyon solid.

Si nou sonje byen, youn nan premye krim kolon yo fè apre yo debake nan peyi a pou yo fè koudeta bisantnè a, ak sipò kriminèl tankou Guy Philippe, André Apaid’ Jodel Chamblain, Evans Paul elat…, se dappiyanp yo fè sou yon enstitisyon enpòtan ki tap ede nou fòme zanj lavi (doktè, enfimyè, moun lespri) ki ka ede Ayiti soti nan kafou tenten kote nou anbreye depi dikdantan an. a-un-brazilian-blue-helmet-stands-guard-next-to-a-pro-aristide-poster-ff355rSou 27, 750 kilomèt kare teritwa nasyonal la, kolon yo te fè ekspre, yo chwazi fèmen youn nan ra inivèsite medikal peyi a te genyen, yo pimpe etidyan yo deyò epi, plizyè santèn malandren bòtfere vin boloze nan kanpis inivèsite Lapè. Nou sonje sa!

Kidonk, li klè, kolon yo pa vle Ayiti genyen ni moun serye, ni moun save, ni enstitisyon solid ki ka ekzije yon relasyon nòmal tabli ant pèp nou an epi zòt ki ta ka fè komès osnon tabli relasyon pèp-ak-pèp avèk nou. Yo vle kontinye sele popetwèl, vivi dan griyen, jwisè, tchoul Boulos, tchoul Clinton k ap ede yo souse san malere nan faktori fyèl pete, pou tout tan gen tan.

Frè m, sèm, mwen pa ka vote dimanch. Lè ou nan malè nan Kafoufèy, Site Solèy, Bèlè, Gonayiv, Okap, Jeremi, Pòdpe, Leyogàn, Okay…ansanm ak fanmi zanmi ki avèk nou Kanada, Etazini, Lafrans, Brezil, sou kontinan Lafrik Ginen… nou abitye kanpe, pran beton an pou nou ede rèl anmwey ou rive nan zòrèy limanite. Jodi a, se oumenm ki ka ede fè vwa nou pase ak kat elektoral ou.

Chwa pa ou, se va chwa pa mwen. Kit ou vote pou bon Moyiz la, pou Enjenyè Celestin osnon pou Doktè Narcisse, m ap di respè pou ou.

Mwenmenm, si mwen te gen pouvwa fè sa, men kijan mwen t ap fòme pwochen gouvènman yon Ayiti ki granmoun tèt li, ki pran chimen libète nètalkole:

Prezidan: Doktè Maryse Narcisse – pou kore enstitisyon peyi a, pou bati veritab vilaj modèn…

Premyeminis: Onorab Moise Jean-Charles – pou kontinye bati bon relasyon entènasyonal ak veritab zanmi pèp Ayisyen an

Minis Rekonstriksyon Tout Bon: Enjenyè Jude Celestin

Mwen t ap ankouraje Prezidan Maryse Narcisse pou li fè yon plas espesyal pou ansyen premyedam peyi a, Mirlande Manigat, yon grandèt ki gen anpil kapasite pou li ta pataje ak nou, nan ane k ap vini yo. Mwen ta swete wè Fanmi Lavalas suiv bèl prensip Konbit Nasyonal li te anonse pandan kanpay la. Yon mannyè pou Ayiti ka vin genyen 3 osnon 4 veritab pati politik byen striktire kote y ap fòme bon jan kad pou Azèk, Kazèk, Depite, Senatè…moun serye ki ka defann enterè nasyon an.

Frè m, sè m, kat ou nan men ou. Desten nasyon an, sou kont ou. Mwen fè ou konfyans!

Respè!

Jafrikayiti

“Depi nan Ginen bon Nèg ap ede Nèg!”

 

Comments are closed.