Konpatriyòt onè,
Jodi a, Dimanch 14 Septanm 2025, nou voye salitasyon espesyal pou tout fanmi katye Labodri, nan vil Kabarè, nan Kafoufèy, Solino, Nazon, Dèlma 24, Bèlè, Fò Nasyonal ak divès lòt katye popilè nan kapital la ki viktim yon dividal lach k ap simen latèrè nan nanm nasyon an alawonnbadè! Malfèktè kadejakè yo fin kraze kay malere epi yo gen odas envite viktim vin bobo ak bouwo yo. Nou voye fòs ak kondoleyans pou konpatriyòt Stanley Lalane ki yon sèl jou 10 Septanm nan pèdi 3 frè li anba grif tèwòris Viv Nan San yo. Nou ekzije jistis pou Patrick Lalane (42 zan), Josué Lalane (38 tan) ak Widechel Lalane (28 tan)! Chapo ba pou chak pitit Ayiti ki kontinye reziste pandan y ap bouske pi bon lavi, chak jou ki jou, san pran souf, sou zile Ayiti tankou aletranje.
Kòmalòdinè, anvan nou founi je gade aktyalite semèn sa a, mwen pral rale retwovizè listwa pou nou gade ki jan, nèg ak nègès Ayisyen abitye goumen ak anpil entèlijans, kouraj epi pèsistans jouk nou pote viktwa kont zansèt bandi Kò Gwoup yo, yon makòn malveyan ki te toujou kanpe an mòd gang «Fanmi e alye Ajimal».
Jodi a, m ap kanpe Maten, ti bourik listwa nou, nan estasyon 29 Mas 1987 ak 11 Septanm 1988. Alapapòt, nou di onè ak respè pou fanm vanyan ak gason kanson, ewo 11 Septanm 1988 ak 11 Septanm 1993 yo. Yon chay lanmou pou Antoine Izméry ki tonbe anba bal CIA ki te mare sosis yo ak FAdH pou simen latèrè jouk anndan Legliz Sakrekè 11 Septanm 1993, kote anpil moundebyen te reyini pou yo onore memwa sila yo ki te tonbe anndan Legliz Sen Jean Bosco, yon jou 11 Septanm 1988. Nou di toufè! Madichon! pou nanm Henri Namphy, Gwo Chilè, Frank Romain ak asasen Louis Jodel Chamblain! Nou mande prizon ak jijman pou Réginald Boulos ak lòt moun ki gen non yo site kòm konplis CIA ki te fè san tout inosan sa yo koule nan peyi nou an.
Anvan nou rive nan kalfou 11 Septanm 1988, annou fè yon ti bak ak Maten, Ti Bourik Listwa nou…
29 Mas 1987 : plis pase 50 pousan Ayisyen majè te ale vote. Pami yo, 99% te vote anfavè yon Konstitisyon tou nèf. Zafè prezidan avi a kaba. Dezòmè, se pèp ki pral eli prezidan yo vle, tout bon vre, chak 5 kan. E sa ki pi bèl la, atik 191 Konstitisyon an deklare, klè kon dlo kòk : “Makout pa ladan l”
29 Novanm 1987 : eleksyon pral fèt men se pa ak Yves Volèl, yon kandida ki t ap viv nan dyaspora a. Apenn li te debake, Yves Volel tonbe, li mouri sasinen devan biwo lapolis.
***
Te rete 35 kandida pou chèz boure a. Pami yo : plizyè Duvalieris ki fè je yo chèch kòmsi yo pa konprann atik 191 lan: Claude Raymond, Clémard Joseph Charles, Frank Romain, Clovis Desinor tout te kandida pou Prezidan. Kidonk, li klè, nan dechoukay 1986 lan se sitou Tonton Makout a sapat yo ki te sible. Sa se konsekans yon dechoukay ki fèt vay-ke-vay kote blan malveyan yo te gen tan òganize «depa òdone» pou tout gwo malfèktè ki t ap travay pou yo, nan pwojè dechalbore peyi Papa Dessalines nan.
Jou madichon 29 Novanm 1987 sa a lame CIA a pote kole ak Tonton Makout yo, yo masakre yon latriye sitwayen ki t ap eseye vote nan riyèl Vaillant. Jal Henry Namphy deklare eleksyon anile. Pèp Ayisyen an pase Nwèl 1987 nan tristès, dezolasyon ak lapèrèz.
Konpatriyòt, èske ou te konnen…defen Franck Romain, ki te pote tit Majistra vil Pòtoprens, te di nenpòt moun ki ta mennen “zo tèt Pè Jean Bertrand Aristide” ba li, li t ap fè li kado yon machin mak Pajero ak 300 mil dola?
17 Janvye 1988 : Lame òganize yon eleksyon «tout jan l bon». Se Leslie Manigat yo chwazi mete chita sou chèz boure a. 6 mwa pa pase, 20 Jen 1988, Namphy di Manigat «remèt mwen pouvwa m te ba ou a!». «Namphy a donné, Namphy a ôté, que le nom de Namphy soit desormais Namphy 2» – Prezidan 2 fwa pase la !
***
Annou kite Maten bwè ti tak dlo pandan n ap founi je gade kèk evènman ki fè aktyalite semèn sa a:
Daprè repòtaj Radyo Rezistans, nan nuit Jedi 11 pou louvri Vandredi 12 Septanm 2025, gang tèwòris Viv Nan San touye ak bal, kout manchèt plis pase 40 moun nan vilaj Layisonn, lokalite Bodri ki separe komin Kabarè ak Akayè. Daprè majistra Akayè a, Wilner René, pwoteksyon sivil resanse 200 fanmi ki kouri chape anba men tèwòris yo ki akize moun nan zòn sa a kòmkwa y ap bay lapolis enfòmasyon epi refize kolabore ak yo.
Pandan yon bò, pòt pawòl Viv Nan San ap fè diskou van swadizan pou mande lapè, yon lòt bò yo kontinye masakre mas pèp la. Vwalatilpa, ansyen Senatè Jean William Jeanty lanse apèl pou chita pale ak kòmanditè gang tèwòris yo. Kidonk, chita sou kadav popilasyon an pou negosye ak bouwo, asasen, kadejakè yo, jan blan an vle l la!
Pandanstan, ayè Vandredi 12 Septanm 2025, nan Brooklyn, New-York, fanm ak gason vanyan nan òganizasyon KOMOKODA, Komite Mobilizasyon Kont Diktati an Ayiti, te fè yon rasanbleman moundebyen ki rele chalbari dèyè pòtvwa tèwòris yo, Jounal Haiti Liberté, ki se kinan yon blan malveyan ki rele Kenneth Ives. Divèsyon adwat, enfiltrasyon agoch, se konsa pwojè rekolonizasyon Ayiti a ap vanse.
Pou nou menm, tout endis yo montre objektif Laboratwa blan malveyan yo se mobilize tèwòris Viv Nan San yo, ba yo tete pandan y ap masakre pèp la, jiskaske yon kantite Ayisyen vin ajenou nan pye yo ap rele “venez nous sauver, ils veulent nous tuer”. Konsa, blan malveyan Meriken, Kanadyen, Franse…ka vin tabli baz militè sou zile Ayiti, kote yo ka brake zam pi fasil kont Kiba ak Venezyela.
Mèkredi 10 Septanm 2025: Sasinay yon blan rasis ki rele Charlie Kirk, nan Inivèsite Utah, Ozetazini, lakòz gwo latwoublay ak panik nan sosyete sa a. Tousuit apre zak la, Prezidan Donald Trump epi plizyè otorite lonji dwèt akizasyon sou sa yo rele “lagoch radikal” nan peyi sa a.
Tousuit apre zak sasinay sou Charlie Kirk lan, mouche Donald Trump pase lòd pou yo bese tout drapo peyi a demi-ma epi li deklare l ap bay Kirk Meday Prezidansyèl Libète a, pi gwo onè sivil nan peyi Etazini.
Vwalatilpa, lè Lapolis konfime arestasyon Tyler Robinson, yon jenn gason blan 22 zan ki admèt se li menm ki touye Charlie Kirk, gwo sezisman ak lawont anvayi yon makòn blan rasis ki te gen tan pran lari ap klewonnen mesaj rayisman tankou “White man fight back” (Gason blan defann tèt ou!).
Gouvènè Utah, Spencer Cox, deklare devan kamera ak mikwo laprès : “Pandan 33 dènye èdtan yo, mwen t ap priye pou moun sa a (ki te asasinen Charlie Kirk) te soti nan yon lòt peyi. Ke li pa t youn nan nou paske nou pa konsa. Men, se te youn nan nou.”. Imajine gwo malè ki pandye sou tèt imigran ki pa blan nan peyi moun sa yo!
Pawòl selèb blan rasis ki Gouvènè UTAH raple m pawòl selèb yon lòt blan rasis ki rele Claude Boucher. 9 Novanm 2004 Claude Boucher te reponn kesyon mwen nan Ottawa kote li konfime se ak diplomat blan tankou l yo asasen Guy Philippe t ap feraye nan kad koudeta 2004 la. Yon mwa pi ta, Ansyen Anbasadè Kanada an Ayiti, mouche Boucher te kanpe nan Fowòm Entèpalmantè Amerik yo, 9 Desanm 2004, li deklare: “Nou espere Aristide pral disparèt… Mwen kwè li pa ta dwe janm retounen. […] Nou espere [yon ankèt sou swadizan koripsyon gouvènman Aristide la] ap montre Aristide koupab de anpil aksyon kriminèl”. Kidonk, se pa jodi a lapriyè madichon blan malveyan yo ap kwoke sou biwo bondye ki bon tout bon an.
Grandèt yo te aprann nou “rèv madichon ou fè pou bèlmè, se sou manman ou li tonbe”.
Non, nou pa ri nan malè zòt pandan nouvèl latwoublay anvayi vil Pari semèn sa a, apre yon lòt Premye Minis fè bèk atè nan gouvènman Macron an. N ap suiv mouvman dechoukay malfèktè, pèp souvren nan peyi Nepal ki bouke soufri. Nou menm tou, Ayisyen nou pa manfouben ni san wont. Poudayè, depi kòmansman ane 2025 lan, se yon dividal masak tèwòris yo ap fè kont fanmi nou yo :
Janvye 2025 | Gwomòn. Gang tèwòris « Kokorat san ras » masakre 11 moun, yo blese 4 lòt pandan yon seremoni Vodou nan Kanpèch. Nou pa bliye!
27–29 Janvye 2025 | Kenskòf. Gang Tèwòris « Vilajdedye » sou lobidyans Johnson André alyas « Izo 5 segonn » masakre 139 malere selon rapò RNDDH ; 262 selon rapò Nasyonzini. Nou pa bliye!
16 Fevriye 2025 | Chatoblon (Wout Frè). Gang Tèwòris « Kraze Baryè » fè 20 kadav, yo mete dife an plis zak kadejak yo fè sou plizyè viktim. Nou pa bliye!
6 Avril 2025 | Mibalè. Gang Tèwòris sasinen 2 relijyez — Sè Jeanne Voltaire & Sè Evanette Onezaire — jiskaprezan kadav yo disparèt. Nou pa bliye!
12 Septanm 2025 | Labodri–Kabarè: Gang Tèwòris « Viv Ansanm » masakre 42 moun, yo simen dife epi yo menase atake vil Akayè. Non, nou pap bliye! (sous Rezo Nòdwès).
Pandanstan, nan reyinyon kote zòt pale anpil Franse ak Angle, menm jou 12 Septanm 2025 sa a, yo deklare:
“Alèkile, Ayiti pa nan lòd konstitisyonèl ak enstitisyonèl. Manda gouvènman aktyèl la ap fini an Fevriye 2026, epi pa gen okenn mekanis pou ranplase Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la (KPT). Si nou pa prepare kounye a, Ayiti pral sibi yon michan kriz politik tou nèf“. Se sa ki ekri nan dokiman ofisyèl reyinyon sa a ki te fèt Jedi 12 Septanm 2025 nan vil Nouyòk kote yon makòn ransè Ayisyen ak etranje, chita byen serye yo fòmile rekòmandasyon fèydewout yon lòt tranzisyon ki priyorize : sekirite, refòm konstitisyon ak eleksyon. Ak ki votè? ki kote? vèkèlè?
Pèp la bouke repete Ayiti pa gen pwoblèm Konstitisyon. Nou gen pwoblèm bandi legal. Remèd la pa fèy papye…se #BwaKale!
Nan mitan tout Franse ak Angle sa yo k ap vòltije nan dokiman fondanman, po ko gen 6 jou depi FAA (Administrasyon Aviyasyon Federal) anonse vòl komèsyal ki soti Etazini pa gen dwa ale nan kapital Ayiti. Entèdiksyon an te ekspire Lendi pase, yo ba li ralonj jiska 7 Mas 2026, swadizan akòz lakrentif pou gang tèwòris Viv Nan San pa atake avyon zòt ak dwòn epi zam. Ki kote dwòn ak zam sa yo soti? Kay menm zòt sa a!
Konpatriyòt, pito nou retounen fè yon dènye kout je sou chimen listwa…
***
11 Septanm 1988 : Namphy 2 voye Frank Romain touye pè Jean-Bertrand Aristide ki t ap preche pawòl liberasyon nan legliz Sen Jean Bosco. Yon lòt fwa ankò, pè Aristide chape. Men, yon douzèn lòt inosan mouri sasinen anba kout manchèt Tonton Makout ak atache lame. Dyab krabinay yo tou pwofite boule legliz Sen Jean Bosco rapyetè.
Sa anpil moun ka pa konnen, apre krim 11 Septanm 1988 lan, gen fanm ak gason ki te pase nan radyo ak televizyon an Ayiti pou yo esplike, ak voum detay, ki jan epi pou ki rezon yo te fè masak la. Nan yon repòtaj Tele Haiti ki sou YouTube alèkile nou wè 2 gason ak 1 fi ki site non Doktè Réginald Boulos, Pè Volel ak Pè Desir, kòm parenn yo nan Site Solèy. E yo admèt se yo menm menm ki ekzekite masak la.
Kesyon: « Pou ki lès n ap travay? »
Repons: « Pè Volel, Pè Désir, Doktè Réginald Boulos…se moun sa yo ki sovè nou nan Site a. Aristide di li pa vle moun sa yo ». Orezime, nou pa okouran si Leta Ayisyen te janm kesyone 3 moun sa yo.
Alewè tou yon chita pale mwen fenk fè ak 2 Temwen Masak Sen Jean Bosco: Agathe Cayo & Marie-Josée Renard (Jafrikayiti, Youtube)
An pasan, sa pa gen lontan, pandan li nan prizon Etazini, mouche Réginald Boulos, ansyen Kandida pou Prezidan Ayiti, sèmante li toujou sitwayen Ameriken – again ankò!
Pou machwè pa gonfle, annou fèmen parantèz sila a!
17 Septanm 1988, yon semèn apre masak Sen Jean Bosco a, Jal Henri Namphy te chwe nan menm otèl vil Santo Domingo kote li te voye Leslie Manigat ale kanpe lwen an. Fwa sa a, se Namphy ki pran koudeta nan men sòlda ki t ap opere sou lobidyans Jal Prosper Avril. Apre koudeta 17 Septanm nan, Frank Romain kraze rak tandiske 2 atache sanginè l yo, Gwo Chilè ak Vòlma gen pye lou jouk militè poutchis mete men nan kòlèt yo epi remèt sa bay pèp souvren. Kidonk: se depi dikdantan «dyab ap trayi dyab!». Antouka, jou 19 Septanm 1988 sa a se Pèp Souvren ki te sèl ewo. Apre yo fin bat Gwo Chilè ak Vòlma byen bat, yo te pase asasen yo alenfinitif.
5 ane pi ta, 11 Septanm 1993, pandan mès t ap chante nan memwa viktim Masak Sen Jean Bosco yo, kriminèl FAdH rantre anndan legliz Sakrekè, yo rale Antoine Izméry, yon patizan Prezidan Aristide, yo pete sèvèl ewo nasyonal nou an ak bal, nan lari a, gwo lajounen.
An verite, kit li rele Prosper Avril, kit li rele Izo Vilajdedye osnon Graham, sòlda Nasyonzini…yo gen menm manda. Depi sou tan koloni fòs ame sou zile Ayiti gen manda kraze zo moundebyen. Kit se Marechose kolonyal, Yanki bòt fere, FRAPH, Ninja, VSN, FAdH, PNH, MINUSTAH, Viv Nan San, Mèsenè “po nwa mas blan” ki sòti Kenya, mèsenè po wòz pal sou lobidyans blan rasis Erik Prince…yo tout gen menm sib, menm manda.
Kit li batize MICIVIH, MINUSTAH, BINUH, BLACKWATER, VICTUS GLOBAL…keseswa non yo va deside bay 5550 sòlda zòt di yo pral rasanble pou debake nan peyi a, se pwojè kadejak, kolera ak masak yo genyen nan dyakout yo pou moundebyen Ayisyen.
Menm jan tèwòris Guy Philippe se pou blan malveyan yo li t ap fè krim sou nèg ak nègès an 2004, konsa tou jodi a, Babekyou, Izo, Vitelhomme, Lanmò San Jou se ti jwè Anbasad koudetayis la ki sèvi ak yo pou jistifye yon lòt envazyon militè Etazini kont Ayiti. Objektif yo se tabli baz Ayiti pou atake Kiba ak Venezuela, rapid vit.
Konpatriyòt, n ap fèmen kozman jodi a ak kominike yon òganizasyon patriyòt konsekan k ap feraye nan peyi Kanada.
“5 Septanm 2025, Solidarité Québec-Haiti deklare:
Chak jou pitit Ayiti oblije ap kouri pou sove lavi yo. Zòt k ap konte deklare, aktyèlman, se plis pase 1.3 milyon moun ki deplase akoz vyolans – pi gwo kantite yo anrejistre nan listwa Ayiti, daprè rapòtay Nasyonzini. Fas a katastwòf sa a, Solidarité Québec-Haïti (SQH) raple tout moun alawonnbadè dwa granmoun eritye Papa Dessalines yo sou zile Ayiti se kichòy ki pa negosyab ditou pyès.
Si jodi a pa rete yon sèl otorite lejitim alatèt Ayiti pandan tèwòris ap viv nan san n, se pa madichon ki tonbe sou nou. Se tèwòris sanginè, politisyen konze ak yon rezo mafyozo ekonomik ki mare sosis yo ansanm ak yon okipasyon militè etranjè pou yo kraze leta pèp Ayisyen an, atè plat. Sous dezòd san fen sa a se yon envazyon militè ki te fèt sou lobidyans Etazini, Lafrans, ak Kanada nan dat 29 Fevriye 2004. Krim miltinasyonal tèrib sa a te konsolide, apre sa, ak 21 ane okipasyon etranje sou Ayiti, anba dra Nasyonzini.
Nou estomake devan odas yon makòn kriminèl sinik, onivo nasyonal & entènasyonal, ki kontinye ap ofri pèp Ayisyen an plis pwazon, swadizan, pou geri yon pichon yo menm ankò yo lakòz. Difèt gouvènman Mark Carney a pretann l ap bay Ayiti asistans pandan Kanada chita sou yon pil dokiman, ki ta gen ladan yo prèv ki rasanble sou swadizan kriminèl pwisan tout kalite, se yon veritab trajikomedi. Anfèt, gouvènman Kanadyen an akize yon makòn sitwayen Ayisyen, kit se politisyen, biznismann ak chèf gang, kòm moun k ap alimante rezo teworis “Viv Ansanm” nan. Pami yo: Michel Martelly, Gilbert Bigio, Reynold Deeb, Izo (Johnson André), Dimitri Hérard, Jimmy Cherizier (Babekyou), Vitelhomme Innocent, André Apaid, ak anpil lòt ankò.
Si se pa sèlman pou fè teyat akizasyon sa yo fèt, sistèm jistis Kanadyen, Ayisyen ak entènasyonal yo dwe mobilize kòmsadwa pou sosyete a ka itilize prèv sa yo kont kriminèl yo e an favè viktim yo. Li lè pou tout byen ki asosye ak rezo teworis yo nasyonalize epi vin pwopriyete leta Ayisyen an. Li lè li tan pou tout byen moun ki asosye ak rezo tèwòris yo nasyonalize, sa vle di pou yo rantre, kare bare, nan patrimwàn Leta Ayisyen.
Annatandan, SQH kontinye di: aba tout fòm enperyalis! ikonpri lè se ipokrit karesan k ap bannou bèl dan.
SQH raple tout moun, prensip sila yo pa negosyab:
Boutanfen, nou tout manm ak sipòtè Solidarité Québec-Haïti, nou pap sispann ekzije pou Kanada wete tèt li anndan klib enperyalis yo rele “Core Group” la. Kanada dwe sipòte yon anbago global epi efikas sou zam Ameriken yo k ap alimante laterè nan tout Karayib la, sitou an Ayiti. Kanada dwe adopte yon politik etranjè vanyan ki endepandan de Etazini epi, sitou, ki respekte granmounite Ayiti. Nou ekzije restitisyon ak reparasyon nan men gouvènman peyi Core Group yo, Nasyonzini, OEA pou tout krim yo fè kont pèp Ayisyen an nan listwa tankou nan epòk kounye a.
– 5 Septanm 2025 –
Pou plis enfòmasyon, kontakte:
Solidarite Quebec-Ayiti
Facebook Twitter : Solidarité Québec-Haiti
Imèl: solidaritekebekayiti@gmail.com
Tout endis yo montre objektif Laboratwa blan malveyan yo se mobilize tèwòris Viv Nan San yo, ba yo tete pandan y ap masakre pèp la, jiskaske yon kantite Ayisyen vin ajenou nan pye yo ap rele “venez nous sauver, ils veulent nous tuer”. Konsa, blan malveyan Meriken, Kanadyen, Franse…ka vin tabli baz militè yo sou zile Ayiti, kote yo ka brake zam pi fasil kont Kiba ak Venezyela. Nou di ou atansyon gwo moso, Ayiti se kinan Ayisyen!